HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Jovenel Moïse chire paj konstitisyon an

«Pa p gen eleksyon san chanjman konstitisyon an». Sa, se dekalrasyon mouche prezidan Jovenel Moïse ki deside pase an fòs pou chanje konstitisyon peyi a, wè pa wè, malgre tout sektè vital nan peyi a kanpe an kwa pou di non, bagay sa se yon dezòd, li pa kapab fèt konsa.

Jovenel Moïse depèswade pou chanje manman lwa peyi a. San jwenn yon antant, san chita pale, li deside fè sa, yon fason gwo ponyèt, pou lage peyi a nan plis kachouboumbe toujou ke jan li ye a. Se yon sitiyasyon anpil moun ap denonse epi ap mande ki vè k ap pike prezidan ki ba li maladi foli sa a, ki fè li cho pou chanje manman lwa peyi a, san chita pale.

Tout moun ap mande èske se konstitisyon ki fè mesye sa yo volè plis pase 4 milya dola ameriken? Èske se konstitisyon an ki fè pouvwa ap mache enstale chèf gang nan tout rakwen peyi a? Èske se konstitisyon ki fè mesye yo ap dechèpiye peyi a, kote pesonn pa di yo anyen?

G9 ap kidnape moun san rete

Anpil sitwayen ipokrit, sezi tande chèf gang ki nan Gran Ravin lan, ki fè pati gwoup gang G9 an fanmi ak Alye yo. Misye Ti Lapli deklare, nan yon entèvyou li te genyen ak yon jounalis, ke se li menm menm ki kidnape pwopwiyetè TITI Bòlet la, san krentif. E li fè konnen li te gen yon antant ak pouvwa an plas la, pou yo te fè lapè, e pouvwa te voye plizyè milyon goud ba yo men ki fini. Kounye a, yo pase an aksyon pou jwenn lajan pou yo viv.

Chèf gang Ti Lapli, san pwoblèm, deklare ke li kidnape yon sitwayen e se ak pouvwa an plas yo y ap travay jiskaske sitwayen ki te kidnape a libere ayè, lendi 26 oktòb la. Otorite leta yo, keseswa bò kote pouvwa ousnon lapolis, pèsonn pa janm reyaji, pa janm di anyen. Lapolis pa menm fè yon fo demonstrasyon, malgre li tande bandi a deklare wi, sitwayen nan menm li.

Pou sitwayen Wolf Hall rive jwenn liberasyon li, li oblije bay bandi yo plizyè milyon goud ak plizyè milye dola ameriken pou soti nan twou kote vagabon yo te kache li, nan katye Gran Ravin, anlè nan Matisan, nan jou lendi 26 oktòb la.

Yon polisye kidnape

Mesye kidnapè yo pa respekte pèsonn. Yo kidnape tout moun yo jwenn. Se malfini yo ye. Lè yo pase, si yo pa jwenn poul yo ranmase pay. Malfra sa yo kidnape ti malerèz, grannèg, timoun, jenn tankou granmoun, se pran y ap mache pran. Se prekosyon w ki pou sove w.

Se konsa, nan mache pran, mesye kidnapè yo kidnape yon polisye (ajan 1) nan lannwit samdi 24 oktòb la, nan Delma 31, pandan polisye a t ap sòti nan yon restoran.

Revokasyon Viza Atis Fantom

Otorite ameriken yo fè konnen yo revoke viza rapè ayisyen, Daniel Darinus alyas Fantom. Otorite imigrasyon yo pran desizyon pou revoke viza rapè a, pandan li t ap rann li nan Nouyòk, kote li t ap pase pa Fòtlodèdel. Selon kèk moun, desizyon sa a rive pran, paske misye pa respekte kantite jou yo te ba li pou li te pase sou teritwa ameriken an, pou tip viza yo te ba li a.

Grèv nan matènite Izayi Janti

Lopital Chansrèl, ke yo rele Matènite Izayi Janti, gen grèv depi plis pase 2 semnm, kote okenn aktivite pa fonksyone nan sant sante sa a ki chita kò li nan Kafou aviyasyon, zòn Lasalin.

Nan yon ti nòt, komite nasyonal medsen rezidan yo te fè konnen yo antre nan grèv pou move kondisyon travay, ensekirite k ap ravaje yo, pa gen enfrakstrikti, salte fè kenken, pwoblèm enèji, pa gen dlo, elatriye. Pou tout pil ak pakèt rezon sa yo, yo oblije fè yon kanpe travay, annatandan otorite yo voye je gade yo.

N ap fè konnen ke lopital sa a, ki la pou bay, fanm ansent sitou, laswenyay, trouve li nan move sitiyasyon kote chak jou, plis pase trant ti moun fèt ladan li.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

Finally, an accord has been reached for the creation of the transitional government that...

Togo : l’ombre de l’intimidation plane sur l’opposition

Au Togo, plusieurs membres de l’opposition ont été interpellés et gardés à vue. Le...

La conjecture d’Haïti.

L’institut de mathématique Clay a retenu sept défis mathématiques réputés insurmontables et offre un...