HomeActualitéNouvèl kout an kreyòl - 3 septanm 2020

Nouvèl kout an kreyòl – 3 septanm 2020

Published on

Archives

Anba Kòd
Lapolis arete yon kapitèn bato e gen 3 lòt travayè abo bato sa a l ap chèche tankou chyen fou pou mete men sou yo. Desizyon sa a rive pran paske mesye sa yo refize koube anba konsiy mezi sekirite otorite SEMANAH yo e se sa ki lakòz anpil inosan pèdi lavi yo nan move kondisyon. Direktè jeneral Sèvis Maritim ak Navigasyon (SEMANAH) deklare y ap pran sanksyon kont tout kapitèn bato ki refize koube anba konsiy otorite yo. Li fè konnen yon kapitèn bato deja anba men lapolis ak 3 lòt konniflèt Lapolis ap chache toujou. Li di li regrèt bato ki te koule nan Lil Latòti, nan dat 19 dawout la, pa sèvi leson pou kapitèn bato sa yo ki kontinye ap vyole konsiy otorite yo.

Moun ap tonbe anba bal
Denyè jou sa yo, anpil moun viktim anba bal. Lapolis ap touye, bandi ap touye, inosan ap tonbe anba bal san rete. Keseswa nan katye popilè oubyen nan katye boujwa, moun pa sispann victim, denyè jou sa yo, nan peyi Dayiti. Nan katye Ti Bwa (Fontamara 43) bandi ki sou lòd chef Gang ki rele Christ La, touye 2 polisye epi boule kò yo. Nan katye Belè, plizyè moun blese anba bal ak yon moun mouri sou plas, lè bandi sou lòd chef G9 la ki se Jimmy Cherisier, alyas Babekyou, debake, ouvè kout zam sou moun Belè, paske yo refize antre nan G9.
Nan samdi 29 dawout la, plis pase 3 jenn gason mouri anba bal. Nan ri Monseyè Giyou zòn estad Silvyo Katò, yon jenn gason t ap benyen nan san li, apre li te resevwa bal. Nan katye kanapevè, 2 jenn gason mouri anba kout zam lapolis.
Pandan titan sa yo, anpil moun ap plenyen pou mande ki kote peyi sa a prale ak fenomèn ensekirite sa a k ap monte san desann, kote pèsonn pa epaye, ti moun, jenn, granmoun, moun ki genyen, moun ki pa genyen, ap mouri anba bal bandi sanfwa ni lwa.

Tout moun tris apre asasina Mèt Monferrier Dorval
Se toujou konsa. Otorite nan peyi Dayiti toujou la pou denonse, fè kòmsi y ap kriye, lè bandi ke yo prepare, fin etenn souf yon moun nan peyi a. Yo pa janm pran desizyon, bonjan mezi pou bloke bandi yo, anpeche yo komèt zak malonèt yo, sitou lè se pwòp bandi pa yo.
Apre asasina Mèt Monferrier Dorval, pouvwa a dekrete 3 jou dèy nasyonal sou tout teritwa peyi Dayiti, nan lendi 31 dawout, madi 1ye ak mèkredi 2 septann 2020, kote drapo a ap monte ademi ma, sou tout teritwa a e radyo yo ap pase mizik ki gen rapò ak sikontans la.
N ap raple, Mèt Monferrier Dorval mouri anba bal bandi nan lakou lakay li, pandan li t ap fèmen baryè li. Bandi yo touye li ak plizyè bal e yo ale san pwoblèm, aloske katye sa ki rele Peleren 5 la, se la prezidan Jovenel Moïse rete e gen plizyè polisye k ap fe monte desann ladan li.

24,3 milya goud defisit
Mèkredi 26 dawout la, nan yon ti rankont ak jounalis, Jean Baden Dubois, ki se Gouvènè Bank Repiblik Dayiti (BRH) fè konnen ke defisit Leta finanse gras ak BRH la, depase 24,3 milya goud.
Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...