Kreyol

Published on

Archives

Yon jen gason 30 tan, mete dife sou tèt li, devan moniman Vètyè a
Karl Udson Azor, 30 tan, te boule pwòp tèt li, devan moniman Vètyè, nan Okap, jou dimanch 21
me ki sot pase la a, san yo pa konnen pou ki rezon li te aji konsa. Li te vide gazoline epi pase yon
aliminèt sou li, pandan li te chita sou yon chèz, dapre kèk temwen.
Apre eveneman trajik sa a, moun yo te dekouvri, bò kadav la, kèk efè pèsonèl Karl Udson
Azor, tankou: yon valiz, yon bòt ak yon drapo Ayiti ayisyen, ble e wouj.
Karl Udson Azor te fèt 4 fevriye 1993, nan vil Okap, nan depatman nò, selon kat
idantifikasyon nasyonal li. Jiska prezan, otorite nan vil Okap yo poko janm di anyen.
Tantativ asasina sou jij Jean Wilner Morin sou Wout Frè
Endividi yo pa rive idantifye, louvri kout zam sou machin jij Jean Wilner Morin, responsab
plizyè dosye sansib, pami yo: dosye Edwine Tonton ki enplike nan koripsyon nan Kès Asistans
Sosyal (CAS). Machin majistra a te sibi yon atak ame a midi, mèkredi 17 me 2023, sou Wout Frè
a, nan zòn One Stop Market, nan komin Pétion-Ville.
Veyikil la te resevwa omwen trèz katouch, men Jij la pa t nan machin lan, nan moman
atak la, e pa t gen okenn moun ki te rive blese nan moman atak la, dapre plizyè sous. Lapolis te
entèveni a tan, epi te mete majistra a an sekirite.
Depi plizyè semèn, majistra Jean Wilner Morin ap sibi gwo menas lanmò ak
entimidasyon. Menas yo te entansifye nan semèn ki sot pase yo, depi lè yo te chwazi jij la pou
ankete sou gwo dosye sansib, an patikilye, dosye ki gen rapò ak eskandal koripsyon ki enplike
ansyen direktè jeneral administrasyon jeneral la Dwan la (AGD), Romel Bell ak direktè Kès
Asistans Sosyal la (CAS), Edwine Tonton.
4 Prezime bandi anba kòd nan Gonayiv, pami yo: Junior Barthélemy, alyas Aboulò
Lapolis nan vil Gonayiv arete dimanche swa, Junior Barthélemy, alias Aboulò, anpil moun
konsidere kòm pwòch ansyen senatè Youri Latortue, sou akizasyon asosyasyon malfektè,
asasinay ak boule palè jistis la.
Dapre Radio Tele Pyramide FM, lapolis arete Aboulò ansanm ak 3 lòt moun ki te
akonpaye li: Anesca Emmanuel ki ta yon ansyen polisye, Ady Gaston, ki ta yon anplwaye ONA
nan vil la, ak Poristène Biron. Arestasyon sa yo fèt nan otèl bar restoran dansan Cassandra, ki
sou wout Bienac la. Pandan operasyon sa a, ajan PNH Gonayiv yo sezi 3 zam ak tout telefòn
prezime bandi yo.
Junior Barthélemy, alyas Aboulò, Anesca Emmanuel, Ady Gaston ak Poristène Biron nan
komisarya Toussaint Louverture la, an atandan yo parèt devan jij natirèl yo.
N ap siyale, Aboulò te gen yon avi rechèch lapolis te mete dèyè li, depi yon bon bout tan,
men ki pa t janm kapab ekzekite.
Jean René Seac, alias B.E.T, demanti enfòmasyon ki di lapolis nan Miyami te arete l
Nan yon live via Instagram, jou jedi 18 me a, Jean René Seac, alias B.E.T, demanti enfòmasyon
dapre jounal Le floridien news ki te anonse lapolis nan Nò Miami te arete l, pandan li t ap kondui
tou sou.
«Kounye a depi w pale ak yon polisye ki kanpe w, se arete l arete w», sa se pawòl Jean
René Seac, alias B.E.T, ki te ajoute nan menm live sa a, yon pawòl ki konfime, lapolis te kanpe li
san li pa bay pou ki sa yo te kanpe l. E lè lapolis kanpe w, apre yon tyèk woutin sou lisans ak
asirans w, sou fason w t ap kondui, polisye a ka deside pase yon tès pou wè ki nivo alkòl w gen
nan san w, e si ou pa pase tès sa a,ofisye polis la gen dwa arete ou, mennen w nan yon komisyara

epi lage w, apre kèk èd tan, apre w finn desou, selon lalwa nan Florid, pou delenkan k ap kondui
tou sou.
Atansyon pa kapon, si ou sou pa kondui.
Eliacin Evens

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...