Kreyol

Published on

Archives

Ariel Henry kontinye ap radote
Premye minis defakto a, Ariel Henry, pwomèt ankò l ap retabli sekirite nan peyi a, nan yon
vizit li te fè nan katye jeneral lame a, moun yo rele lame po bannnan lan, Jovenel Moïse te di
li remobilize, san okenn lwa, nan mwa novanm 2017.
Gwo koze, tande lapawoli
Apre zak piyay, bandi ak zam t al fè, jedi 16 mas 2023 a, nan otèl plaj Wahoo Bay Beach
club, ministè touris deklare gouvènman defakto a pral pran dispozisyon pou retabli sekirite,
nan zòn kote touris ta sipoze vini anpil yo.
Yon chajman gazolin ak diesel rive an Ayiti
Gen yon chajman gazolin ak diesel ki rive, jedi 16 mas 2023 a, nan peyi d’Ayiti, dapre sa
Biwo ki anchaje de dosye pwogram èd yo bay pou lajan (Bmpad), fè konnen sou kont Twitter
li.
Nan komin Kòniyon/ Gran Bwa, genyen gwo ratman dlo
Depi mwa janvye 2023 a, gen yon gwo ratman dlo pou bwè ak dlo pou divès aktivite, nan
komin Kòniyon/Gran Bwa, depatman Lwès peyi d Ayiti a, dapre kout rèl, moun nan zòn lan.
Tansyon an te rapousuiv nan Petyonvil
Samdi 18 mas 2023, tansyon an te rapousuiv nan plizyè katye komin Petyonvil la (tankou
Doko, Dyèg, Morèt, Meyòt, Kòlèt), kote bandi t ap tire anpil kout zam. Menm samdi 18 mas
2023 a, te gen panik tou nan sant vil Pòtoprens lan, ak gwo bri kout zam ki t ap chante, san
lapolis pa t fè anyen pou kwape zak sa a yo.
19 machin boule pa gang Vitelòm, anplis 2 moun mouri
Vandredi 17 mas 2023 a, 2 moun mouri, lè bandi ak zam atake kominote Malik, nan
Petyonvil, kote yo met dife nan 19 machin ak plizyè kay, dapre temwayay, jounalis Cossy
Roosevelt, ki gen machin li ki boule tou.
6 anplwaye konpayi Ti Malis, kidnape
Jedi 16 mas 2023 a, bandi ak zam, ki bay tèt yo non «Kokorat san ras», kidnape, nan Lestè, depatman
Latibonit, 6 anplwaye konpayi Ti Malis, ki nan pwodiksyon diri.
Rosemila Saint-Vil Petit-Frère ekri Pierre Espérance pou mande l eksplikasyon sou
konpòtman malfezan li di l ap fè kont li
Ansyen majistra Akayè a, Rosemila Saint-Vil Petit-Frère, nan yon lèt tou louvri li ekri direktè
egzekitif RNDDH la, Pierre Espérance, jou ki te 16 mas 2023 a, mande responsab dwa moun
lan esplikasyon sou jan li estime li ap sèvi ak estrikti l ap dirije a, pou regle konfli enterè l gen
ak moun.
Madam Rosemila rete kwè mesye Espérance ap devlope epi nouri, depi kèk tan, move
konpòtman malfezan kont li, yon fason pou sal karaktè l. Pou li menm, lèt sa a se yon fason
pou touche konsyans dirijan dwa moun lan. Pi ba, nou ka li lèt tou louvri li adrese Pierre
Espérance lan.
«Nan yon peyi kote gen vyolans tout kalte, vyolasyon dwa moun fè kenken, sa vle di
se pa travay ki manke, pou yon òganizasyon dwa moun fè. Li ta mechan anpil si, efektivman,
jan kèk ka prezante l, pou w ta pran plezi nan melanje règleman kont ou ak moun e sèvi ak
òganizasyon ki rele RNDDH la, pou w pèsekite moun. Franchman, mwen poko kwè ou ka
rive nan dimansyon mechanste sa a, byenke, anpil moun denonse abi ou fè yo deja. Mwen oze

ba w benefis dout, jiskaske w ede m konprann klè, verite ki genyen nan atak ak pawòl tèt
chaje w ap di sou mwen yo.
Apre m fin jwenn anpil apèl moun Bèlè ki alète m sou yon fenomèn kote w voye
kòwonp yo, nan ofri malere ak malerèz ti kòb pou fè deklarasyon e site non mwen menm,
Rosemila, nan zafè batay, zafè finansman gang, nan zafè masak.
Franchman, sanble ou depase limit nan mechanste w yo. Li twò fasil pou w kontinye
ap kache dèyè yon òganizasyon ki ta dwe gen misyon defans dwa moun, pou w ap regle zafè
politik, zafè enterè w ak moun. Daprè ki lojik pou w pa vle moun gen opinyon politik kontrè
ak ou ? Daprè ki lojik ou pa dakò moun di w non ? Se tris pou anpil moun kontribye nan
kreye yon mons tankou w. Mwen finalman konprann, pou kote w soti, fòs atraksyon parachit
la twòp pou ou, li ba w vètij, ou pa kapab ofri peyi a mye.
M ap souliye pou ou, Pierre Espérance, mwen menm Rosemila Saint-Vil Petit-Frère,
pyés moun pa ka lye m ak zak bandi ak kesyon finansman gang. Mwen twò kwè nan pwogrè,
nan byennèt pou m ta monte chodyè politik mwen sou dife gang. E ou konn sa.
Men, peyi a piti, tout moun konn tout moun nan peyi a. Èske w te konn envite m ni wè
m nan mete kanpe Fantòm 509 sou pye ? NON. Èske w te konn wè m nan zafè prete zam nan
men bandi ? NON. Èske se non m ki site nan asasina Netty ak Diego Charles ? NON. Èske w
fè rapò sou dosye Fantòm 509 la deja ? Ou p ap janm fè l. Èske w fè rapò sou asasinay Netty
ak Diego a deja ? Ou p ap janm fè l. Èske w fè rapò sou sa w te di ak sitwayen ki nan prizon
an ke w te pale ak li, nan lannwit asasina Jovenel Moïse la dejà ? Ou p ap janm fè l».
Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...