HomeHot NewsChita tann

Chita tann

Published on

Archives

Nou chita la a, vant vid, ap pase tan
Tan n ap gaspiye nan kalbende
Kalbende, ranse, griyen dan ak lamizè
Mizè, ak ti bebe sou bra n, n ap karese
Karese ti lezanj pou fè yo dòmi san manje?
Manje Ayiti pa garanti jodi, alevwa demen.
Demen, nou tout ka lonje tout long nan kav!
Kav, se pou mò byenere, se pa pou tout kalte kadav
Kadav malerèz ak malere, se manje kochon
Kochon san manman, bandi Matisan.
Matisan? kilè vanpi sa yo ap sispann bwè san?
San kretyen vivan, ti inosan yo fin kreve je
Je pèp, je pete ki sou jenou k ap jene
Jene, priye chak jou, mande lesyèl mirak
Mirak, jis pou jwenn moso manje?
Ki sa n ap fè pou pitit nou ka manje?
Ki sa n ap fè pou Ayiti ki an danje?
Ki sa n ap fè pou bagay yo chanje?
Nou chita chita nou 
N ap tann bandi gen pitye pou nou?
N ap tann yon bon politisyen vin sove nou?
N ap tann yon blan lonje men ba nou?
N ap tann leta pou vin pwoteje nou?
Anmwey
Anmwey lapolis!
Anmwey
Kote leta?
Leta ? Ki leta !!

Yon ekstrè nan tèks
Chita tann
Vilme Caze ak Timozo
Pwezi Komedi

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Haiti in Crisis & Hope

Burkina Faso : pourquoi plusieurs ONG étrangères sont brusquement interdites d’exercer ? Le Burkina Faso...

BAM Announces Full Festival Details for DanceAfrica 2025, Featuring Mozambique: Movement! Magic! Manifestation!

DanceAfrica 2025 Mozambique: Movement! Magic! Manifestation! Artistic Director Abdel R. Salaam The Song & Dance Company of...