" "
acceuilActualitéInsécurité & Banditisme

Kreyol

Sitiyasyon moun k ap viv nan Site Toussaint Brave
Site Toussaint Brave, twouve l nan Delma 41, Ri Faustin 1 ye . Gen plis pase 400 fanmi ki ap viv nan
Site Toussaint Brave, depi aprè 12 janvye 2010. 13 lane aprè, sitiyasyon moun sa yo vini pi mal. Pòt
pawol kan sila a, Gaussaint Johnny, mande Dyaspora a lonje men bay kèk fanmi anndan kan an, ki ap
fin mouri anba grangou, paske otorite bò isit pa janm voye je gade yo, yo pa menm sonje egzistans yo.
Renouvèlman plak prese prese
Sou egzijans Primati Repiblik la, DGI anonse gran piblik la, an patikilye òdonatè nan administrasyon
piblik yo, apati lendi 16 janvye 2023, Lapolis gen lòd pou pran kontwòl tout veyikil ki anrejitre avèk
plak IT ak OF ki deja ekspire yo, daprè yon avi DGI rann piblik, jounen lendi 16 janvye 2023 a, ki
pote siyati Direktè enstitison an, Jean Emmanuel Casséus. Atravè nòt sa a, li raple plak IT ak OF ki
ekspire yo, pa dwe kontinye an sikilasyon, paske ant premye oktòb pou rive 31 desanm 2022, se te
dènye delè ki te fikse pou renouvèlman plak ki ekspire yo te fèt, selon ekzijans atik 23, nan dekrè 26
me 2006 la, ki regilarize zafè sikilasyon ak imatrikilasyon veyikil nan peyi Dayiti.
Pozisyon Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ak Alimantasyon (FRAKKA)
Jounen jodi a, apre tranblemann tè, ki te mete mas pèp la nan lari, gen gang ak zam k ap pouse do mas
yo. Nan katye popilè yo, gen plis pase 30 mil moun ki kouri kite lakay yo, anba latèrè gang ak zam yo.
Se sa ki fè, ni pwoblèm kay ni pwoblèm manje vin pi konplike pou mas yo, jounen jodi a. 12 janvye
2010, 12 janvye 2023 fè egzakteman 13 lane, depi yon gwo tranblemann tè te frape Ayiti jouk nan zo.
Dega tranblemann tè sa a te trennen dèyè l te lakòz plis pase 250 mil moun mouri epi anviwon yon
milyon 500 mil moun te lage de bra balanse, san kay pou yo rete.
Apre kokenn chenn katastwòf sa a, anpil konpatriyòt, anndan kou deyò peyi a, te mobilize pou
fè solidarite ak moun ki viktim yo. Peyizan yo te blije menm mete semans, pou plante, nan chodyè,
pou resevwa viktim ki debake lakay yo. Se te yon gwo mouvman solidarite. Apre tranblemann tè a,
anpil sous lajan entènasyonal te mobilize pou gade kouman pou ede rekonstwi Ayiti. Konsa, yo te
pwomèt plis pase 11 milya dola pou rekonstwi peyi a. Pou sa, Entènasyonal la ak dirijan Ayisyen yo
te mete kanpe Komisyon pwovizwa pou rekonstwi Ayiti, ki te gen ti non franse CIRH. Se komisyon
sa a ki te gen nan tèt li Bill Clinton ak Jean-Max Bellerive ak divès lòt aktè, ki te gen responsablite
pou jere fon yo. Men, an reyalite, se nan radyo ak nan televizyon nou te tande pale de koze
rekonstriksyon sa a. Bill Clinton, Jean-Max Bellerive ak akolit yo, te mete ak divès enstitisyon lokal
ak entènasyonal, pou gagòte fon ki te rive debloke nan 11 milya pwomès ki te fèt yo. Se ak dife epi
represyon, pouvwa Tèt kale a te deplase pi fò moun ki te nan kan yo, apre tranblemann tè a. Apre sa,
kèk grenn moun te jwenn 20 mil goud pou swadizan al chache lòt kay. Jouk nan moman n ap pale la a,
plizyè santèn viktim 12 janvye 2010 la, toujou ap viv anba tant.
13 lane apre, pwoblèm lojman an, ki te deja grav, vin pi grav. Moun nan mas yo, menm moun
nan ti boujwazi a pa ka ni achte, ni anfèmen kay pou yo rete. Pwopriyetè kay yo fikse pri yo an dola.
Menm Leta ap anfèmen kay an dola, pou mete yon seri enstitisyon. Pafwa, se dirijan yo yomenm, ki
lwe Leta, kay yo fè ak lajan Leta. Apre gagòt lajan CIRH la, Bill Clinton ak Kò Gwoup la mete yon
bandi legal nan tèt Leta a, pou kontinye piyay la.
Se konsa yo pral dechèpiye lajan PetwoKaribe a. Bandi legal yo ak akolit yo nan entènasyonal
la, tabli gang nan tout peyi a pou anpeche mobilizasyon popilè yo, pou kontinye kenbe pouvwa a epi
anpeche tout pwosè kont lajan CIRH la ak lajan PetwoKaribe a.
Douvan sitiyasyon malouk sa a, Fòs refleksyon ak aksyon sou Koze Kay ak alimantasyon
(Frakka) mande:
1) – Pou mas yo kontinye leve kanpe kont dirijan manfouben yo, piyajè ki nan tèt Leta a, ak
kont tout Kò Gwoup la, k ap kore piyajè yo;
2) – Pou Leta pran bon jan mezi, pou pèmèt moun k ap dòmi nan lari yo jwenn kay pou yo
rete;
3) – Pou Leta mete plis kontwòl sou pri lavant ak fèm kay yo nan peyi a;
4)- Pou Leta mete limit nan maj benefis boujwa yo ap fè sou machandiz yo, sitou sou
pwodui lamanjay yo;

5)- Pou Leta sezi kay tout piyajè ak moun ki anba sanksyon yo, epi mete byen yo ak kay yo
nan sèvis viktim yo.
Rosemond Joseph

Articles Similaires

Back to top button