
Polisye raketè yo ap frape
Depi kèk tan, anpil moun, sitou Madan Sara yo, ap plenyen pou polisye yo, sitou sila a yo nan komin Kwadeboukè, ki ap fè gwo lajan ak yo. Polisye sa a yo egzije machann ak kamyon ki pote machandiz yo, pou yo peye gwo lajan pou fè yo pase nan Wout Nasyonal # 4 la.
Polisye sa yo itilize cha blende yo pou fè lajan sou malere ak malerèz yo ki deja anba gwo difikilte ak gang ame yo k ap taye banda nan tout rakwen peyi a.
Se yon sitiyasyon ke Rezo Nasyonal Kap Defann Dwa Moun (RNDDH) denonse tou, nan yon rapò kote li fè konnen polisye yo tounen ti raketè. Yo pran blende lapolis yo pou fè lajan ak moun yo, e li mande yon ankèt prese prese pou mare polisye raketè sa yo.
N ap fè konnen, Lionel Lazarre, ki se responsab Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen (SYNAPOHA), nan yon emisyon radyo li te patisipe, nan dat vandredi 23 novanm lan, te deklare enstitisyon Lapolis la depase, li pa kapab reponn ak misyon fondamantal li, ki se: «pwoteje ak sèvi popilasyon an». Se sa ki lakoz, dapre Lionel Lazarre, majorite popilasyon ayisyen an bay api yo pou fòs militè lot peyi ta rantre nan peyi a. Nan sans sa a, Lionel Lazarre mande pou genyen gwo refòm ki fèt nan Lapolis la.
Odette Roy Fombrun ale….
«Vandredi 23 desanm, nan maten, bò 9h28, manman m, Odette Roy Fombrun, kite nou», dapre sa pitit fi li, Marie Claude Bayard, deklare. Odette Roy Fombrun te fèt nan Lane 1917 (13 Jen 1917) li te genyen 105 lane ak 6 mwa. Se te yon gwo potorik fanm, yon gran vwa nan mitan konsyans ayisyen an. E li te fè pwomosyon pou konbit. Se sa li te pran kòm gwo batay li, nan peyi a.
66 Ayisyen rapatriye pa otorite ameriten
Vandredi 23 desanm lan, otorite ameriken pote tounen an Ayiti, 66 konpatriyòt ayisyen, Se gadkòt ameriken ki te pote Ayisyen sa yo vini. Yo te kenbe yo nan lanmè olaj kòt Florid la. Pami yo te genyen timoun ak fanm.
Emmanuel Saintus