HomeInsécurité & BanditismeYon entèvansyon fizik pa nesesè

Yon entèvansyon fizik pa nesesè

Published on

Archives

Fòs miltinasyonal ki sipoze vin ann Ayiti a, pa pral angaje l nan konba dirèk kont ankenn bandi. Se asistans, enfòmasyon ak fòmasyon yo pral bay PNH la, pou yo mennen konba a. Se polisye yo ki pral responsab pou al chache, atake, arete ak tiye bandi yo, si nesesè.

Avèk avanse k ap fèt nan teknoloji yo, aktyèlman, yo te ka fè sa de lakay yo etan. Dayè, li pa p fè anken sans diplomatik, pou yon lame vin ede lapolis, paske se 2 misyon diferan ke yo genyen. Kidonk, fòs sa a ap kite yon lapolis militarize an Ayiti, lè PNH la fin gen kontwòl bandi yo, paske yo pral bay PNH la taktik militè olie de taktik polisyè. Se kòm si ou voye on tayè al apranm mete zip nan pantalon kay yon mekanisyen.

Jeneralman, yon fòs militè etranje envayi oswa entèvni nan on lòt peyi, lè yo vle al goumen kont gouvènman peyi sa a oubyen yon group bandi ki deklare tèt yo Leta. Yon ekzamp pou sa, nou ka pran Eta Islamik la.

Lapolis ka met dlo nan divin bandi yo, si l gen bon resous finansyè ak logistik, tankou elikoptè pou l mennen yon batay relyèf (aérienne) ak bon machin blende pou l menen batay ibèn (combat de terrain nan vil yo). An tèm de zam ak blende, se pou lapolis fè yon etid balistik (capacité de feu) bandi yo, pou yo ka konnen ki zam pou yo achte ak ki nivo blende pou yo genyen. Yo ta dwe kolekte douy bal bandi tire sou yo, pou yo ka jwenn bon enfòmasyon pou etid sa a.

Gen on nivo blende ke ankenn lapolis pa dwe genyen, akòz de nòm ak estanda entènasyonal. Etid sa ta dwe analyze mod operasyon bandi yo, tankou ki kote oswa ki lè ak nan ki zòn yo pi aktif, kiyès ki sib prensipal yo, kijan yo ravitaye, lè bal yo fini. Si etid la pwouve ke yo batay gang kont gang, estrateji li t ap diferan, paske fòk estraji konba li a ajiste ak objektij ak rezon konba a Donk, youn nan kesyon fòs etranjè a dwe repon se: Èske objektif final entèvansyon sa a se pou met la pè oubyen mete sekirite? Se sèl PNH la ki ka bay repons sa a.

M panse tout fòs etranje k ap vin an Ayiti dwe konnen kouman pou yo kolabore ak PNH la. Fòk yo pa ateri ak lide ke yo an chaj. Dayè, yo dwe kon feblès PNH la, pou yo ka asiste li pi byen, pou yo transfòme feblès sa a yo an fòs. Fòk yo konnen tou, defi teren an, pou yo ka transfòme yo sa yo an opòtinite.

Entèvansyon fòs etranjè sa a pa p prodwi rezilta pozitif, si, depi alapapòt, pa gen yon antant ki fèt ant yo ak PNH la. M rete kwè ke PNH la okouran de fòs li, mem lè ak pèp la. Se yon nyezri pou w ap vin ak zam nan yon peyi, san fòs lòd nan peyi sa a pa okouran. Lapolis ka gen laviktwa sou bandi yo, ak kolaborasyon.

Se pèp la ki dwe fè brigad vijilans, pou proteje kominote yo. Mwen rekòmande PNH la bay fòmasyon ak manb gang li arete yo, pou y al reyentegre gang yo, antan ke espyon, oswa antèn.

M pa kont entèvansyon. M kont yon entèvansyon ki pa kalkile risk teren e ki souzestime kapasite PNH la pou jwe wòl prensipal la, nan restore lòd an Ayiti. M sèmante ke lè PNH la gen resous ak bon asistans li bezwen, e lè pèp la patisipe nan lit la, n ap sezi wè mèvèy yo pral reyalize.

Dr. Bob Rousseau

Dekouvri ak doktè Kerry Norbrun, kisa ki: «syndrome de la personne raide», yon maladi ra atis Céline Dion ap fè fas ak li

Atis Céline Dion anpil moun konnen, prezante, depi kèk tan sou rezo a, yon pwofil ki fè lapenn, ki trè vyeyisan. Anpil entènot konn menm pran plezi fè blag sou atis la, lè yo tonbe sou kèk foto l. Jedi 8 novanm ki sot pase a, konsène a resi soti nan silans li, atravè yon videyo, pou l anonse tout moun li ap soufri ak yon maladi newolojik ki pote non: «syndrome de Moersch-Woltman» yo rele l tou nan langaj fransè a, «syndrome de la personne raide». Se yon maladi ra, daprè espesyalis yo, ki frape yon moun sou 1 milyon. Nan yon ti pale nou te gen ak doktè Kerry Norbrun, li te eksplike nou kisa maladi sa a ye, kijan l manifeste lakay moun, ki kategori moun li frape, elatriye.

Selon doktè Kerry Norbrun, moun ki ap fè fas ak maladi ra sa a, dèfwa, yo rete yo santi kò yo rèd, yo gen gwo doulè, yo pa ka mache, yo oblije rete yon kote. «Dèfwa, l rete rèd epi l ap santi gwo doulè. Se yon twoub newolojik ki lakoz “muscle” (chè ki pèmèt nou fè mouvman yo) ret rèd epi moun sa yo konn gen yon gwo gwo doulè an menm tan, ki ka fè yo pa ka mache. Dèfwa, Céline Dion oblije rete yon kote ki pa gen bri ni limyè, se sa k fè l pa ka tounen sou sèn». Se eksplikasyon jèn doktè sa a te bay.

Daprè Norbrun, maladi ra sa a gen tandans frape fanm sitou, ki nan laj 30 pou rive 60 lane. Li te souliyen tou ke lasyans poko konnen twò gwo bagay sou maladi ra sa a, menm kan yo vin ak kèk estimasyon sou ki sa ki ta lakoz li.

«Jiska jodi a, lamedsin pa konn twò gwo bagay sou li, men yo panse li se yon maladi oto imin, kote se pwòp kò a k ap detwi tèt li. Lakay moun sa yo, yo detekte yon antikò (pwoteyin k ap ede kò an lite kont tout sa k etranje pou li) ki dirije kont “acide glutamique decarboxylase (GAD)” ki enplike nan kreye yon newotransmetè yo rele “acide Gamma-aminobutyrique ( GABA)”, wòl GABA se ede kontwole mouvman «muscle» yo e anpeche sèvo an twò eksite».

Kerry Norbrun, nan eksplikasyon li yo, te bay kèk detay sou sa yo konn remake lakay moun ki soufri ak Syndrome de la personne raide la. «Yo konn remake tiwoyid (yon gland ki nan kou w) konn anfle, yo konn remake yo gen yon sòt de anemi yo rele”anémie pernicieuse,“kote globil wouj yo twò gwo, sa ki konn yon karans an vitamin B12», daprè detay li bay. Doktè a te souliyen pou l di sentom maladi sa a pwogresif, sitou kay moun ki pa p swiv tretman, kote ka l ka dejenere, pandan l te fè remak ke sa ki ka deklanche sentom yo se: estrès, chòk emosyonèl, estimili, tankou bri ak limyè.

Pou l konkli, li pa envite okenn moun ri moun malad, pa fawouche fizik moun, san yo pa konn kisa moun lan ap sibi nan lavi l, ni kisa l ap travèse ak yon maladi.

N ap raple, Céline Dion anonse li anile plizyè konsè entènasyonal, akoz maladi a. «Mwen gen pwoblèm sante depi lontan. Se pa fasil pou mwen pou m fè fas ak li. Sa atriste m anpil pou m di n mwen pa prè pou m rekòmanse toune an Ewòp mwen an, pou fevriye», se sa l te deklare.

Céline Dion gen 54 lane, li fèt Kanada. Depi 1981, l ap chante. Li pran plizyè pri nan karyè li.

Ronald Léon

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...