acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Jij Merland Belabre, nouvo jij enstriksyon nan dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse

Jij Merland Belabre, nouvo jij enstriksyon nan dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse

Dwayen Tribinal premye enstans Pòtoprens, Bernard StVil, nonmen jij Merland Belabre, jedi 3 mas 2022 a, pou l kontinye ankèt sou dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse. Li ranplase jij Aurélien ki te oblije retire tèt li nan dosye a, paske dwayen an pa t vle renouvle manda li. Jij ensktriksyon an, Merlan Belabre, aksepte gwo responsablite sa a ak kèk kondisyon, dapre yon sous nou ka fè konfyans. Na p fè remake Merland Belabre se katriyèm jij ki te nonmen pou tande dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la, 7 jiyè 2021 an. Twa (3) jij anvan yo se : Mathieu Chanlatte, Gary Orélien ak Chavannes Étienne.

Plis pase 150 imigran ayisyen debake nan Key Largo, nan Florida sou yon bato an bwa

Yon gwo gwoup imigran ki soti Ayiti, rive nan yon bato an bwa bò rivaj yon kominote ki fèmen nan nò Key Largo, dimanch 5 mas, nan apremidi. Premye rapò yo estime ant 150 ak 200 moun ki te sou bato sa a, te rive tou pre Ocean Reef Club, apre 1 nè, nan apremidi, dapre Adam Linhardt, pòtpawòl Biwo Cherif Konte Monroe a. Dapre yon sous, okenn nan moun ki te rive yo pa bezwen swen medikal serye. Sa, se twazyèm gwo gwoup imigran ki soti Ayiti, ki debake nan kantè Ozetazini, nan sèl semèn sa a. Ofisyèl imigrasyon Ameriken yo mete nan prizon plis pase 500 Ayisyen ki te rantre nan peyi Etazini abò bato yo rele kantè yo.

Lapolis Nasyonal Ayiti entèpele sis endividi epi sezi nèf (9) zam

Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te arete nan Turgeau, sis (6) moun ki se nan Sèvis Entèlijans Nasyonal la (SIN). Endividi sa yo te abò yon Ford Explorer ble, anrejistre sou nimewo: DD-07859. Apre yon alèt «CRO», polisye yo te arete Schelmer ak Schamyr Ladouceur, Jaillot Vladimyr, Mendelsson Medna, Wilson Maître ak Bendy Benjamin, epi yo sezi sèt (7) pistolè, yon (1) fizi AR-15 ak kat gilèt pa bal.

Libète Lapawòl, yon viktim san defans, nan lagè ki pete nan Ikren lan

Apre blakawout Entènèt gwo antrepriz ameriken ki gen kontwol sektè Nouvèl Teknoloji Enfomasyon ak Kominikasyon yo bay Larisi, poutèt li te anvayi peyi Ikrèn, nan dat jedi 24 fevrye 2022 a, Kremlen reyaji nan menm sans lan ak blokaj, jounen vandredi 4 mas la, sit Entènèt plizyè medya ki anba kontwòl Oksidanto yo. Nan sans sa a, GlobalCheck, yon sèvis siveyans medya ak jounalis AFP nan Moskou, gen gwo difikilte teknik pou jwenn aksè sit Facebook yo, menm bagay pou medya Meduza, Deutsche Welle, RFE-RL ak sèvis BBC nan lang Ris. Depi nan dat 25 fevriye, Roskomnadzor, ki se sèvis federal Ris pou sipèvizyon kominikasyon, teknoloji enfòmasyon ak mas media, te pran mezi pou mete restriksyon sou Facebook. Otorite Ris yo repwoche Facebook desizyon l pran pou bloke kont ofisyèl yo genyen tankou: platfòm chanèl Ris Zvezda, ki lye ak Ministè Defans la, ajans nouvèl piblik Ria Novosti ak medya sou entènèt Ris Lenta.ru ak Gazeta.ru. Twitter tou pa chape, yon lòt fwa ankò, anba pinisyon Larisi.

Mezi sa a te leve plim sou do Ursula von der Leyer, Prezidan Komisyon Ewopeyen ki te deklare, nan yon diskou, 27 fevriye, sou envazyon Larisi nan Ikrèn nan: «Nou pral entèdi machin medyatik Kremlin an woule nan tout peyi Inyon Ewopeyen yo.» E chòy di, chòy fèt. Men nou ka konstate, depi lagè a pete nan Ikrèn, Libète Lapawòl se yon nan viktim bèbè ak san defans.

Kanaval/Desdunes: yon kamyon touye 5 moun sou plas ak plizyè blese

Òganizasyon Stop-Accidents rapòte, sou paj li, yon kamyon ki t ap kreye animasyon nan komin Desdunes, nan depatman Latibonit, rive pèdi fren epi degingole sou foul ki t ap pran plezi l. Sa lakoz 5 moun mouri sou plas ak plizyè lòt blese. Anndan videyo amatè sa a, ki dire yon minit, nou ka remake kamyon an, ki t ap kreye animasyon nan lari a ki prèske fè nwa, epi rive rantre sou moun yo. Atravè videyo sa a, yon kanavalye sou chòk rele : «woy! moun mouri, moun mouri!». Aprè sa, anpil rele anndan videyo a, kote moun yo panike. Poko gen twòp enfòmasyon sou sa ki ta lakoz kamyon sa a pèdi fren epi rantre sou moun yo. Toutfwa, Stop-Accidents, ki gen pou abitid drese lis aksidan ki fèt nan peyi a, mande moun k ap kondi yo: pa bwè pou evite aksidan, pandan l pwofite pataje lapèn li ak paran moun ki viktim yo.

N ap siyale Desdunes sitiye l a 150 kilomèt Nò kapital la. Li gen yon popilasyon ki estime a 33 672 abitan, selon done ki te disponib an 2009.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button