acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl lanmò, move nouvèl

Yon lòt wiken an san nan Kapital la. 7 moun mouri ak plizyè blese, pami yo : Odonell Maximin, ansyen konseye Jovenel Moïse.

Pou sèlman nan aswè, samdi 5 fevriye 2022 a, omwen 4 moun mouri pa bal. De moun, pami yo: yon jèn fanm, mouri sou wout Bourdon. Nan zòn La Boule 12, yon fiziyad eklate. Li kite yon moun mouri ak yon blese. Men, nou pa poko konnen idantite viktim yo.

Odonell Maximin, ansyen konseye Jovenel Moïse, mouri anba bal, nan aswè samdi 5 fevriye 2022 a, sou wout Frère, pandan li t ap soti nan yon reyinyon politik. Dapre enfòmasyon ki disponib, se moun yo pa rive idantifye ki touye li.

Nan aswè, vandredi 4 fevriye 2022, Estherline Rebecca Renous, yon adolesan 16 zan, tonbe anba bal pandan yon tantativ kidnapin, nan Canapé-Vert. De lòt moun mouri tou, nan menm trajedi a, dapre eksplikasyon temwen yo.

Jiska prezan PNH reyaji timidman anfas ak gwo monte ensekrite a.

Fondasyon Je Klere (FJKL) lanse yon SOS bay otorite nan Leta yo pou yo voye je sou prizon sivil Kwadèboukè a.

Fondasyon Je Klere, ki se yon estrikti k ap defann dwa moun, lanse yon SOS bay otorite nan Leta a pou yo kapab voye je sou prizonye anndan prizon sivil Kwadèboukè a ki ap viv nan move kondisyon. Anndan nòt sa a, Fondasyon Je Klere koumanse pou l mete fokis sou absans pi fò ajan ki pa vin travay. Sa ki lakoz pòs yo abandone. FJKL fè konnen pratik sa a gen anpil konsekans tankou : prizonye lage nan jere prizonye parèy yo; lè fanmi oubyen pwòch prizonye yo pote manje pou yo, manje a pa ka rive jwenn yo, sa ki lakoz yo soufri grangou…

Kri FJKL la ale pi lwen pou l denonse anpil lòt move pratik tankou : prizonye k ap jere kwizin prizon an, nan vann plat manje ak prizonye parèy yo pou 200 goud, lè se prizonye yo ki deside ale fè manje. Moun sa yo ki fèmen dèyè kat miray, pa gen dlo pou yo bwè alevwa benyen, pandan FJKL souliyen: yon galon dlo trete ap vann 75 jiska 500 goud, anndan prizon an.

Toujou nan SOS sa a, FJKL atire atansyon responsab yo sou eta selil yo. Estrikti dwa moun lan fè konnen selil yo pa louvri, resipyan pou nèg yo fè bezwen yo konn ranpli rive jis ap tonbe atè sa ki konn lakoz vye sant ak bèt konn kale anndan prizon an.

Jan FJKL pale nan SOS la, prizon sivil Kwadèboukè a se prèske yon lanfè. Yon prizonye ki malad p ap ka jwenn swen, paske, selon Fondasyon Je Klere, enfimri a pa fonksyone. Gen kèk maladi tankou tansyon, sik ak kèk lòt ki mande medikaman chak jou. Si yon prizonye fè yo, li ka riske mouri, paske aksè pou jwenn medikaman an difisil.

Fas ak tout move kondisyon sa yo, epi konpòtman ajan prizon yo, FJKL mande ak enspeksyon jeneral polis la pou mennen ankèt pou konnen rezon ki fè polisye sa yo abandone pòs yo, epi pran sanksyon kont yo. FJKL, pi lwen, nan rekòmandasyon li yo, mande Direksyon Administrasyon Penitansye (DAP) pou li mete yon ekip kanpe pou kontwole kòb frè gaz ak manje ki livre nan prizon an, paske, selon Fondasyon an, gen anpil pawòl k ap pale sou move jesyon nan prizon an.

SOS sa a fini, lè FJKL mande DGPNH la pou pran tout dispozisyon pou garanti sekirite tout moun anndan prizon an.

Akò Lwizyana a gen pwoblèm

Ansyen depite Jean Wilson Hyppolite pa gen ni otorite, ni dwa pou li pale nan non Akò Lwizyana an, se deklarasyon Gotchen Bernard, pòtpawòl ofisyèl Akò Lwizyana a ki fè anons la nan Ranmase. Dapre Gotchen Bernard, Ansyen depite Jean Wilson Hyppolite, Frantz Exantus, Bilolo kongo ak tout lòt delege ki te patisipe nan rankont ak premye minis Aryel Henry, se yon banm isipatè e yo anba gwo sanksyon administratif. Yo se persona non grata nan dyaspora ayisyen an pou move aksyon yo te fè lè yo te di yo te mete sou kote chwa yo a. Yo fè konnen yo toujou rete atache ak chwa ekonomis Fritz Alphonse Jean ak Madam Myriam Féthière, respektivman Prezidan ak Premye Minis tranzisyon an.

Men lis òganizasyon ki siyen pou denonse atitid sèten delege yo: Federasyon Ayisyen Dyaspora (FHD); Komite Politik Dyaspora Ayisyen (HDPAC); Komite Aksyon Politik dyaspora ayisyen (CAPDH); Dyaspora Ayisyen Ini pou Ayiti (HDUH); Kowalisyon Òganizasyon Dyaspora yo (COODAH); Konsèy Mondyal Dyaspora Ayisyen (CMDH); Gwoup Inisyativ Pwotestan Ayiti ak Dyaspora a (GIPHADREC); Mouvman Patriyotik Ayisyen Konsyan (MPHC); Dyaspora an Aksyon pou Pwogrè Ayiti (DAPH).

Ronald Léon

Articles Similaires

Lisez aussi
Close
Back to top button