acceuilActualitéNewsreel

Kèk refleksyon sou bidjè peyi d Ayiti

Nan okazyon dènye semèn Mwa Kreyòl la, mwen chwazi fè yon jèfò pou mwen onore selebrasyon sa a e prezante kontribisyon mwen fè chak semèn lan, an kreyòl, fwa sa a. Se yon risk m ap pran, paske mwen pa fin twò alèz pou ekri an kreyòl. Se nan gran moun mwen, nan bonswa dam mwen, mwen al aprann ekri lang sa a, ke poutan mwen pale trè bien, depi m tou piti. Mistè lavi, pa vre!

Depi premye oktòb, peyi d Ayiti ta sipoze ap fonksyone ak yon nouvo bidjè, paske ane bidjetè peyi a kòmanse chak 1ye oktob pou li fini chak 30 septanm. Men, apre tout deblozay, tout kraze brize, tout gwo evènman ki pase nan peyi a, nan ane a, se pa etonan si, yon lòt fwa ankò, n ap genyen yon bidjè ki ap trè an reta. An efè, se sèlman, semen pase a, travay sou preparasyon nouvo bidjè pou egzèsis 2021-2022 a, sanble ta resi kòmanse. Nou pa konnen ki lè l ap pare, paske se yon pwosesis ki kabab pran nenpòt 3 a 4 mwa konsa, sinon pi plis. Pou kòmanse, fonksyonè nan ministè Finans ak Ekonomi yo dwe konnen ki kote otorite politik Leta a vle ale. Pou sa, yo dwe resevwa yon lèt ki tabli pou yo sa yo rele Liy Direktris pou bidjè a. E se an fonksyon de liy sa yo, yo dwe travay pou oryante resous Leta a ap genyen a dispozisyon li. Men sa a, se sèlmam yon premye etap, se sèlman twòkèt la, men chay la pa lwen dèyè.

Tou suit apre, dezyèm etap la, se pou fonksyonè yo detèmine yon estimasyon revni Leta kapab genyen a dispozisyon li, avan pou li kòmanse distribiye li nan anvlop bidjetè chak ministè kapab genyen pou reponn a manda yo ba li, objektif ki enskri nan fèy de wout gouvènman ba li pou li egzekite, pandan ane finansyè sa a. Sa a, se yon gwo moso nan travay la. Si w pa konnen konbyen kòb antou Leta kapab genyen, w pa ka konnen ni konbyen kòb li ka depanse, ni konbyen lajan l ap oblije al chèche nan men enstitisyon intènasyonal, tankou FMI, Bank Mondyal, ousnon bò kote patnè tankou Etazini, Kanada, Inyon Ewopeyèn, Taywan e latriye, pou konplete ansanm lajan peyi a ap bezwen pou li fè fas kare ak sèvis li oblije ofri popilasyon an, pou pi piti. Lè w ap pran kwi w pou al mande lacharite, li pi bon si w konnen ki longè bezwen w. Fòk nou raple nou tou, peyi d Ayiti pa kapab al prete lajan sou mache entènasyonal la, akoz sèten konsiderasyon nan sèvis kredi li. Lè FMI efase dèt yon peyi, peyi sa a kòm kriye fòfè e aksepte pèdi posiblite al prete lajan nan men enstistisyon entènasyonal yo, pou yon bout tan. Se tankou yon move nòt ki nan dosye li e ki pa pèmèt li al leve lajan sou mache entènasyonal la. Pòt sa a fèmen pou Ayiti, pandan yon bout tan toujou. Kidonk, rete pou nou konnen konbyen kòb, enstitisyon ki la pou sa yo, estime nou kabab rekòlte pou kont nou, nan taks, nan enpo, nan tout sòt de dwa popilasyon an dwe peye Leta ak enstistisyon Leta yo ki nan peyi a. Espesyalis yo rele ansanm resous sa yo: asyèt fiskal la. Kidonk, an nou di ke asyèt fiskal peyi a ka rapòte li anviwon 100 milya goud pou ane a konsa. Si Leta estime li bezwen 200 milya goud pou li reponn a tout obligasyon l devan popilasyon an, sa vle di fòk li degaje li pou li jwenn yon lòt 100 milya goud pou li mete sou sa li konnen li ka resevwa nan tout mezi fiskal li genyen an plas yo. Petèt, li ka oblije mete lòt mezi an plas tou, takse lòt sèvis, ousnon ogmante sa li genyen deja yo. Egzèsis sa yo, se sepetfil fonksyonè nan ministè Finans ak Ekonomi an ap sètoblije fè, pou soumèt yon pwojè bidjè ki fè sans e ki koresponn ak sa Leta a te etabli, nan Liy Direktris yo.

Nan dènye bidjè peyi a, pou egzèsis 2020-2021, minis Finans lan, M. Patrick Boisvert, t ap reve je klè. Li te estime yon bann bagay ki pa t rive vre. Li te estime ekonomi peyi a ap pwogrese de 2,4%. An reyalite, ekonomi peyi diminye de 2,6%, dapre ekspè yo. Se kòm si ekonomi an ta diminye de 5%, lè nou adisyone de pousantaj sa yo ansam. Li te estime enflasyon nan peyi a 18,2%, sou tout lane a; an reyalite li te a 27%. Li te fikse bidjè a 254 milya 703 milyon goud. Nou pa menm pase pwòch chif sa a. Si se te yon egzamen li te al pase, li pa t ap fè mwayèn li, li t ap kale e rekale plizyè fwa, paske li pa atenn ankenn nan objektif li te vise pou bidjè sa a. Nou konnen resèt li te espere fè yo pa t nan randevou a, e li prete plis lajan nan men Bank Santral pou li ka kontinye fè peyi woule, menm si li te limite sa la p prete nan Bank lan a 37,1 milya goud. Kap minis Finans ak Ekonomi an te fè piyay nèt ale, nan dènye egzèsis la. Anyen pa di nou ke bidjè pou egzèsis 2021-2022 an ap miyò, paske, fondamantalman, kondisyon yo pa chanje, ni pou peyi a, ni pou mannyè Leta a ak fontsyonè yo planifye, anvizaje e prepare bidjè peyi a. Menm ke bagay yo deteryore anpil anpil.

Bidjè Baz Zewo

Puyske n ap pale de « transition de rupture », de chavire chodyè a tèt anba, de koupe fache ak sa nou konn fè deja men ki bay move rezilta ousnon ki pa bay rezilta ditou, li ta petèt bon pou nou kesyone tou metòd nou itilize pou prepare bidjè peyi a, chak ane. Gen plizyè wout, plizyè metòd ki disponib. Youn ladan yo, se ta sa yo rele Bidjè Baz Zewo. Olye pou chak ane nou repati sou men ribrik yo e nou jis ogmante yon ti kras ousnon diminye yon glòs, menm montan lajan nou te konn mete nan chak anvlòp yo, li t a petèt bon pou nou kase moul lan epi kesyone pètinans kèk depans nou ap plede fè, je fèmen, jis paske se konsa sa te ye anvan. Gen dosye ki vin pi enpòtan pase lòt kounye a, e ki te kapab pa t menm sou rada ministè Finans lan ni Gouvènman an, nan epòk yo te konn ap monte bidjè peyi a, avèk matris sa a. Yon metòd bidjè nasyonal konsa (Bidjè Baz Zewo), nan yon okazyon ekstraòdinè tankou sa n ap viv la a, se yon zouti toutafè endike pou revizite priyorite yo, e, an menm tan, reyevalye resous nou alwe pou atenn sèten objektif ki vin pi enpòtan.

Nan yon bidjè konsa, Sekirite Piblik, nan moman sa n ap viv la a, vini tounen yon objektif fondamantal, yon objektif-kle, pou tout rès domèn entèvansyon Leta a. Kidonk, se pa disponiblite resous la ki pou detèmine ki kantite resous nou dwe alwe a objektif sa a. Se manman kesyon an. Se pou nou mande ekspè nan zafè sekirite piblik yo, ki sa nou bezwen kòm mwayen finansye pou rezoud pwoblèm fondamantal sa a, paske se yon pilye prensipal nan edifis ekonomik peyi a. San pilye sa a, kay la ap kraze, peyi a pa p ka kontinye mache. Tout bagay ap kanpe.

Sante Piblik tou vini pye pou pye dèyè li. Si popilasyon pa an sekirite, li pa p ka travay pou li bay randman ekonomik nou bezwen pou peyi a jwenn lajan ak resous, tout jan, tout mannyè, pou li fonksyone. Se menm jan tou, si popilasyon an pa gen lasante, li pa p ka travay pou pwoduy byen ak richès ki nesesè pou nou kapab pran desizyon nou, an gran moun, ni apwopriye nou peyi nou, kòm sa dwa, pou li rele nou chè mèt chè mètrès, tout bon vre. Se yon anvlòp ki yon ti kras mwen estratejik ke sekirite piblik la, men li trè enpòtan tou, pou tout sosyete a kontinye fonksyone e rete viyab.

Plizyè lòt chantye enpòtan tou, tankou Agrikilti, Resous Natirèl, Endistri epi Edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl, pou manbre ekonomi peyi a e oryante li nan sans yon devlopman pou tout popilasyon an ka benefisye. Pou rès domèn yo, yo enpòtan tou, men nan moman n ap viv la, mwen pa kwè nou kapab anbrase tout bagay, an menm tan, avèk menm anfaz, ni konsakre anpil resous pou fè yo vanse vit. Mwen kwè chantye Egalite ant Fanm ak Gason ak batay kont diskriminasyon sou moun ki andikape ou sou diskriminasyon akoz oryantasyon seksyèl moun nan sosyete nou an, pa chita sou yon zafè lajan sèlman. Mwen kwè se kesyon ki trè enpotan tou, men ki mande pou Leta pran kèk dispozisyon ki chita sou lalwa e sou chanjman atitid piblik nan sosyete a. Se yon jèfò politik, sosyal e ki chita pi plis sou yon demach baze sou edikasyon ak sansibilizasyon sosyete n ap viv la, plis ke depanse anpil lajan, san nous pa fè travay de baz sa a.

Pou bati nouvo bidjè sa a, ki t ap yon bidjè pou koupe fache ak sa nou konn fè deja e ki pa janm mache jouk kounye a, mwen kwè Leta dwe mobilize tout mwayen a dispozisyon li, pou al chèche 400 milya goud anviwon pou li fè peyi mache, jis pou egzèsis 2021-2022 a. E mwen kwè se yon bagay ki posib, lè mwen fè envantè tout bagay, tout resous nou genyen ke nou ousnon pa itilize ousnon mal itilize. Plizyè analist, plizyè ekspè, ki panche yo sou pwoblèm finansman peyi d Ayiti, kwè ke nou pèdi anviwon 1 milya dola chak ane nan kontreband, volè ak koripsyon, sou fwontyè nan ladwann, nan pò ak ayewopò peyi a. 1 milya dola vèt vo anviwon 80 milya goud, kounye a. Anplis, nan peyi a, genyen anviwon 350 mil machin ak plis pase 100 mil moto k ap sikile, dapre sa OAVCT te estime an 2011. Si nou fè yon ti projeksyon rezonab, jounen jodi a, fòk genyen plis pase 500 mil machin, tout kalite, e plis pase 200 mil moto k ap woule nan peyi a. Materyèl woulan sa yo pa toujou gen plak ni asirans. Si Leta mete lòd nan filyè sa a, li t a dwe kabap al chèche an mwayèn 5000 goud pou chak machin e 1000 goud pou chak moto, pa an, pou pi piti. Sa ba w fasilman anviwon 3 milya goud pou yon lane. Tout sa Leta ap genyen pou li fè, se anrejistre, kòm sa dwa, ki moun ki genyen machin ak moto sa yo, ki sa y ap fè avèk yo, pou li ka modile montan lajan l ap chaje pou plak yo. Epi tou, l ap ba yo yon viyèt pou kole sou plak la, chak lane. Sa mwen di la a pa chita sou done estatstik ki ajou. Men, si mwen baze mwen sou done OAVCT an 2011 yo, epi mwen ekstrapole yo avèk moderasyon, nou ta kapab jwenn anviwon yon pak otomobil ki gen plis ke 750 mil machin e anviwon 500 mil moto. Epi, an fonksyon de gwosè motè yo, de sèvis y ap rann, Leta ta kapab chaje yon frè ki pi wo. An fèt, sèlman nan filiè sa, Leta te gen dwa al chèche nenpòt 6 milya goud an diplis, pou mete nan bidjè peyi a. 

Nan zafè dwa nan ladwann avèk taks daksiz menm, Ayiti sanble se yon paradi pou lòt peyi k ap donmpe pwoduy yo lakay nou, san yo pa peye dwa nan ladwann, nan menm nivo ak sa yo peye nan lòt peyi nan CARICOM lan, pa egzanp. Le jou Ayiti fè yon ti pase men nan dosye sa a, anpil bagay kapab regle. Jis pou mwen bay yon egzanp, dapre sa mwen tande yon ekspè t ap di nan yon emisyon televizyon an Ayiti, yon moso poul pèpè, takse a anviwon 15% an Ayiti. Menm moso poul pèpè sa a takse a anviwon 85% an Dominikani e a 115% nan Jamayik. Sa bay yon ti lide sou lajan peyi d Ayiti ap pèdi toulejou, paske Leta pa p fè travay pou li kontwole, kòm sa dwa, ki sa ki ap rantre nan peyi a, nan ki kondisyon sa ap fèt e fè yo peye ladwann, taks ak frè enpòtasyon nan bon ti mamit.

Pou jodi a, m ap kanpe la a. Nan yon lòt tèks nan semèn k ap vini yo, m ap eseye eksplore lòt avni ki devan nou, tou laj tankou boulva ki vid, gran louvri san okenn trafik. N ap plede ranmase vennsenk kòb ak de gouden a tè a, pandan gen biyè dola vèt k ap tann nou leve je nou pou nou keyi yo, keseswa nan lapèch nan gwo lanmè, nan eksplwatasyon richès sousòl peyi a, nan eliminasyon gaspiyaj tou, ak bon jan reglemantasyon sou kouman peyi a dwe fonksyone. Men, zafè sekirite piblik, pou kounye a, se yon priyorite ki enpoze li a nou, avèk tout gang k ap fè lobèy tribò babò e ap mete dlo nan je popilasyon an. Kidonk, se li pou nou degaje n, tankou Mèt Janjak, pou nou regle an premye. Lè yon moun gen gangrenn na yon janm, nan pwen wout pa bwa non, se koupe sa vit, pou sove lavi w, pou rès kò a rete sen-e-sòf. Se yon bagay ki di, ki fè mal anpil, men defwa, nou pa vrèman gen lòt chwa ke pran mezi radikal sa yo, pou dechouke madichon, anvan se li ki pote n ale nèt.

Pierre-Michel Augustin

26 oktòb 2021

Articles Similaires

Lisez aussi
Close
Back to top button