HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Seyis la mete kandida yo deyò

Ansyen kandida pou pòs prezidan an, Jude Célestin, anndan yon nòt li soti dimanch 15 dawout la, anonse li pare pou pote kole, yon fason pou ede moun nan Sid, Grandans ak Nip, ki frape anpil pa tranbleman dtè 14 dawout la. Enjenyè a fè konnen li pa bezwen touche yon goud pou ekspètiz ak eksperyans li, ke li deside ofri. Se eksperyans ak ekspètiz ke l te trape nan jesyon katastwòf natirèl ki te frape Gonayiv, nan lane 2008, selon sa l di.

Lidè politik la, ki pa eksprime l souvan, deklare se jis otorizasyon otorite yo l ap tan, pou l itilize materyèl li ki disponib pou arive pote frè ak sè yo, sekou nan Gran Sid la. Anndan nòt sa a, Jude Célestin raple travay yon ekip jèn fi ak jèn gason te fè an 2008, pandan siklòn nan Gonayiv, an 2010, lè goudougoudou, yon fason pou montre volante, li konn genyen ak ekip li, pou ede san okenn enterè politik, jan l mansyone l anndan nòt sa a. Ansyen direktè CNE a regrèt tou ke peyi a pa pare, menm jan li pa t pare an 2010, pandan l siyale, si n kontinye konsa, pita ap pi tris. Li te tou pwofite voye kondoleyans li bay fanmi, zanmi moun ki viktim yo, pandan l swete yo kouraj.

Nou Pap Konplis pa deside bat ba

«Nou Pap Konplis» rankontre laprès, jounen mèkredi 11 dawout 2021 an, nan Pòtoprens, nan lide pou òganizasyon Petro-Challenger a di mo pa l nan konjonkti an. Ricardo Flerinord plede pou yon antant nan mitan klas politik la, nan lide pou jwenn yon akò politik k ap pote solisyon nan kriz la.

Sou plan sekirite, Nou Pap Konplis pa kache tèt chaje yo genyen, fas ak sitiyasyon sekiritè a ki pa sispann degrade, sitou nan rejyon Sid peyi a. Nan sans sa a, yo mande yon asistans sekiritè bò kote Nasyon Zini, pou epole PNH la ki, selon yo menm, pa gen kapasite pou rezoud pwoblèm ensekirite a.

Ricardo, nan non estrikti a, kondane kò sasinay ki fèt nan dat 6-7 jiyè 2021 an, sou Jovenel Moïse. Petro-Challenger a mande pou gen yon ankèt entènasyonal pou fè limyè sou sa k pase kay ansyen prezidan an.

Johnatan Renois, sou bò pa l, kritike otorite yo ki kwaze bwa ap gade fenomèn rate gaz la. Pòtpawòl la adrese l ak premye minis defakto, Ariel Henry, pou mande l ajiste kanson l nan tay li, pou kòlte ak pwoblèm gaz la.

Ki koze sa: PKL di li pral nan eleksyon, wi

«Pati Konstrui Lavi» (PKL) rankontre laprès nan okazyon 4 lane ekzistans li. Se te okazyon pou dirijan pati sa a mete pwen sou kèk detay k ap domine aktyalite a. Pòtpawòl, pati a, doktè Harrison Ernest, fè konnen pati a pare pou patisipe nan eleksyon k ap gen pou reyalize nan peyi a, malgre li pa ko konn kilè eleksyon ap òganize. Ansyen direktè Televizyon Nasyonal la (TNH), plase mo pa l sou zak sasinay ki fèt sou ansyen prezidan Jovenel Moïse, lakay li, nan dat 7 jiyè 2021 pase a, kote li kritike prezans kèk otorite tankou: minis Afè Etranjè, Claude Joseph, DGPNH, Léon Charles, minis Jistis la, Rockfeller Vincent, ki toujou nan pòs yo, alòske misyon yo se te pwoteje ansyen chèf Leta defakto a.

Pòt-vwa pati a te montre li pa kontan jan ankèt preliminè sou zak sasinay kont ansyen prezidan Jovenel Moïse la dewoule. Li estime lapolis te dwe tande ansyen minis Enteryè a, ansyen sekretè Deta Sekirite Piblik ki te an pòs, nan moman asasinay ansyen chèf Leta a.

Harrison Ernest, yon lòt bò, pati ak bòt grefye tribinal de pè Petyonvil la, Mèt Marcelin Valentin, ki, selon limenm, eskandalize pwosèvèbal li t ap drese, nan moman anket preliminè a t ap mennen.  Harrison akize grefye ak jij de pè a nan koripsyon, akoz yo pa t arete moun yo di ki te vin fè presyon sou yo, pou ajoute non Youri Latortue ak Reginald Boulos. Nan sans sa a, Harrison bay rezon ki fè grefye a te ajoute non l nan rapò a, yon zak li kalifye de malveyan, akoz li pa t janm danse kole ak grefye sa a, ke l estime ki pa onèt.

Harrison mande jij enstriksyon, ki chaje pou mennen ankèt, pou fè limyè sou zak sasinay kont jovenel Moïse, lakay li, nan dat 7 jiyè 2021.

Nouvèl Ayiti, lage Lambert atè

Òganizasyon «Chavire Chodyè pou yon Nouvèl Ayiti» bay yon konferans de près pou retire apwi yo te bay senatè Joseph Lambert pou ta brige pòs prezidan pwovizwa pou ranplase Jovenel Moïse nan tèt peyi a. Eddy St-Fort, pòt-vwa òganizasyon an, di l ap suiv vwa majorite ki mande pou se ansyen senatè Edgard Leblanc ki vin asire gouvènans tranzisyon ripti a, yon bon franj nan opozisyon tout koulè a ap pwone.

Pòt vwa OCCNA a mande pou moun k ap gen pou asire tranzisyon an mete kanson nan tay yo pou al kòlte ak fenomèn ensekirite k ap bay kalinda. Li fè konnen òganizasyon l ap dirije a pa p rete an kwa an fas okenn desizyon pou chwazi yon moun ki soti nan sektè sosyete sivil la, pou vin mennen bak peyi a.

Durosier Wilner

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...