acceuilActualitéPerspective & Politique

Deforestasyon an Ayiti: rat manje kann, zandolit mouri inosan

Nan moman sa a, li vrèman enpòtan pou nou di kichòy sou zafè anviwonman nan peyi Dayiti. Se nan sans sa a, nou pral pale de deforestasyon ki se yon mo ki itilize pou montre kouman lèzòm oubyen katastwòf natirèl debwaze yon forè. Nan peyi Dayiti, depi yo pale de fenomèn deforestasyon, nou wè imaj yon peyizan k ap koupe pye bwa pou fè chabon. Se nan sans sa a, diskou dominan lese kwè se peyizan ayisyen yo ki lakòz forè nou yo debwaze. Pou nou ale pi lwen, èske tout bon vre se peyizan ki debwaze forè nou yo? Repons kesyon sa a pa p posib, si nou pa fè yon kout je nan listwa nou kòm pèp. Avan nou ale pi lwen, ann founi je gade kisa ki yon peyizan.

Daprè sa pwofesè Janil fè kwè, yon peyizan se yon moun ki travay latè dirèkteman. Lè fanmiy li pa voye yon ti tchotcho pou li, li konn koupe bwa pou l ka fè yon ti kòb. Definisyon sila a montre nou, koupe pye bwa pa premye aktivite peyizan, men pito yon rekou. Kidonk, moun, ki di se peyizan ki debwaze forè yo, manti kon chen, paske peyizan pa gen anyen pou wè ak zafè deforestasyon, se yon diskou aparèy ideyolojik klas dominant lan itilize pou lage chay la sou desandan kaptif yo. Jan FrankEtyèn di a, si nou pa kanpe sou menm bit nou pa p wè laplèn menm jan. Bon, si se pa peyizan ki responsab zafè deforestasyon an, kiyès ki responsab zak malonèt sa a ? Onètman, fenomèn deforestasyon nan peyi Dayiti pa yon aza, li enskri nan yon pwosesis istorik byen chapante, paske li se yon mwayen pou klas dominant lan fè bè li. Depi sou tan lakoloni, fenomèn sila a ap taye banda. Youn nan veritab objektif sistèm plantasyon an te genyen, se te plante kann pou fè sik pou blan je vèt konsome. Sa te mande anpil tè paske tout Lewòp te bezwen sik. Nan lide pou satisfè bezwen Lewòp, kolon fransè ravaje yon pakèt forè pou plante kann. Kidonk, pandan blan rasis yo ap toufounen kaptif nan plantasyon yo, yo ravaje anviwonman peyi a tou. Fas ak sitiyasyon malouk kaptif yo t ap viv, yo te batay kont sistèm plantasyon an. Batay sila a t apra l debouche sou pwoklamasyon endepandans peyi a, premye janvye 1804, nan vil Gonayiv. Soti 1804 pou rive 1915, ekspòtasyon bwa a te youn nan prensipal mwayen pou nouvèl oligachi a fè lajan. Se nan sans sa a Paul Moral di « ekspòtasyon bwa t ap mennen nan lane 1987, li te pran devan koton ak kakawo ». Nou pa bliye òdonans charles X la, ki te lakoz anpil dega sou anviwonman peyi a, paske ekspòtasyon bwa se youn nan mwayen Jean-Pierre Boyer te itilize pou reponn ak òdonans sila a.

Si nan 17yèm ak 18yèm syèk la, kolon fransè te ravaje forè nou yo pou plante kann, nan lide pou fè sik pou blan je vèt, nan 19e syèk la, se Leta ak komèsan bòdmè yo ki debwaze forè nou yo. Kòm dan pouri gen fòs sou bannann mi, yo lage chay la sou peyizan. Kounye a, ann fè yon kout je nan 20yèm syèk la. Nan syèk sa a, anviwonman peyi a pa t sispann pran kou nan men kolon meriken, Leta ak legliz katolik. Nan mwa jiyè 1915, blan meriken anvayi peyi a, yo pran tè peyizan yo, nan lide pou plante sizal, kawotchou, kann ak bannann. Sitiyasyon sa a te lakòz anviwon 500 000 peyizan al travay nan batey Sendomeng ak Kiba. Nan lane 1942, 8 tan apre blan meriken fin kite peyi a, sou rejim Elie Lescot a, yo kreye SHADA ki gen misyon pou l eksplwate richès agrikòl ak forestyè nan peyi a. Pandan 20yèm syèk la, kanpay rejete, (kont sipèstisyon) legliz katolik te mennen kont pratikan vodou yo, kontribye anpil nan debwazman peyi a. Legliz katolik vide pye bwa atè tankou lapli, sou pretèks y ap chase lwa. Kèk ane apre, François Duvalier te ale nan men sans ak legliz katolik, men nan ka pa l la, se kominis li t ap chase. Nan ane 90 yo, Nasyonzini mete yon blokis (anbago) tèt chaje sou Ayiti. Anbago sila te enplike gwo dega nan forè nou yo, kote yon seri antrepriz, tankou : dray, boulanje te konn sèvi ak anpil pwodwi ki fè pati blokis la. Nan sans sa a, yo te oblije itilize bwa kòm altènativ. Pou nou fini, nou remake se kolon franse nan 17yèm ak 18yèm syèk la; Leta ak boujwazi bòdmè nan 19yèm syèk la ; Etazini, Leta ak legliz katolik nan 20yèm syèk la ki responsab zafè debwazman nan peyi Dayiti. Ki mal peyizan yo fè y ap peye?

Pou « Ti Benwa » pat gen ni 2, ni 3 liy politik

Kan lame Etazini an te debake, an 1915, Benwa Batravil te yon ti peyizan ki t ap mennen yon ti lavi byen senp, nan Savanet (Mibale). Li te yon kouzen dezyem degre ak Chalmay Peralt, e se pou sa lagè rezistans Peralt lan pa t kite l endiferan, espesyalman kan agresyon enperyalis la te frape plizye manm fanmiy Peralt. Apre meriken yo te ansasinen Leyosten ak Emanyel Peralt, an desanm 1918, Benwa Batravil te antre nan batay la bòkote Chalmay.

Meriken yo, bò pa yo, te reyalize yo pa t ap rive pran kontwòl peyi a, san destriksyon rezistans peyizan yo. Ositou, lame meriken an te antre nan masakre peyizan Kako yo ak avyon, gwo bonm e zam gwo kalib pou pwovoke laterè nan mitan popilasyon an ( Istwa lagè rezistans lame Kako ak jeneral Benwa Batravil nan tèt li, Reyalizasyon KRPBB ak patisipasyon AKAO, AYITI DJANM, GRML, paj 4.

Kidonk, mons enperyalis la te montre veritab figi l, e anfas li, pa t gen ni 2, ni 3 liy politik. Lenmi prensipal la te enperyalis meriken an ak sipo lènmi imedyat la, oligachi a ki te kontinye rapouswiv travay kont revolisyon 17 oktòb 1806 lan, an favè liy rèstavèk jiyè 1825 lan, kote Bwaye te fè peyi a tounen yon neyokoli Lafrans. Sepandan, kòm britalite atak la pa t reyisi demobilize mas yo, meriken yo pral chanje taktik.

Yo pral enfiltre anndan mouvman an yon espyon ki rele Janbatis Konze e ki pral fè tèt li pase pou dirijan Kako. Nan lannwit 31 oktòb pou louvri premye novanm 1919, l ap gide yon ofisye ameriken ki rele Hanneken, nan yon kan Kako bò Gran Rivyè, nan Nò, kote Chalmay te gen kan lame rezistans la. Hanneken ap siprann Chalmay nan kan an, epi ansasinen l ak 2 kout revolvè ( Istwa lagè rezistans lame Kako yo, paj 5).

Se lè sa a, diferan gwoup geriya ki te fòme lame Kako a te reyini nan lokalite Zoranje, pou remèt bay Benwa Batravil direksyon mouvman rezistans lan, le 2 desanm 1919.

Pandan 6 mwa, nan direksyon lagè a, Benwa te reponn lagè èkstèminasyon meriken yo ak prensip yon gè revolisyonè. Men, yon fwa ankò, meriken yo pral itilize sèvis lòt gwoup konze pou antre nan dènye baz defans Ti Benwa a, pou ansasinen l, menm jan ak Chalmay Peralt.

Ti Benwa te ranmase eritaj politik Desalin, Kapwa, Goman, Akao : anfas yon lènmi ki dekrete yon lagè ekstèminasyon, pagen konpwomi posib. Jounen jodi a, lènmi mas popilè yo deklare peyi a yon gè ekstèminasyon. Sa k ap pase depi jiyè 2019 la, pakèt jenn fanm ak jenn gason mèsenè meriken, PHTK, bandi ak PNH ansasinen nan lari ak katye popilè yo, ka sèvi nou egzanp.

Kidonk, kontradiksyon klas yo pa kite ankò okenn plas pou konpwomi. Se mesaj sa a Ti Benwa Batravil kite pou mas popilè yo, alokazyon 100yèm ane komemorasyon ansasinay li, nan Savanèt ( Mibalè).

Viv Lit Liberasyon Peyi a !

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB.

IPAM Rele Anmwey kont gang PHTK yo

Inisyativ Patriyòt Maryen (IPAM), nan yon nòt pou laprès, di li konstate majorite dega vyolans gang kriminèl PHTK Jovenel Moïse yo, BINUH ak Kò Gwoup ap fè sou popilasyon 2 bwa balanse nan zanviwon Pòtoprens, patikilyèman Site-Solèy, Kafou, Matisan ak Delma. Popilasyon sa yo tounen refijye nan pwòp peyi yo. Pyès enstans pa pote yo sekou, menm Lakwa Wouj inyore yo.

Ekzaksyon gang kriminèl yo san limit, se yon prèv anplis pouvwa Tèt kale Banann lan deside depafini ak Pèp Ayisyen, menm jan li defilfare lajan CIRH, PetwoKaribe, Dèmalòg, COVID ak SOFIDAI. Nan tout dezolasyon sa yo, Gwoup ki posede tout richès peyi an kotinye kore pouvwa kriminèl, malveyan, defakto Jovenel Moïse la, yo kontinye ap planifye malè Pèp Ayisyen ki lage 2 bwa balanse anba dan gang chyen anraje yo.

Pouvwa delenkan ak klas dominant yo demontre se yo ki mèt gang yo. Pandan Lapolis pa janm mete pye nan katye popilè yo, bri sèlman kouri yo pral atake biznis oligak yo, Lapolis louvri Zèl li tout longè, epi mouch pa vole. Yo te gen tan gen zam pwent file, anpil minisyon ak twoup disponib pou Pwoteje ak Sèvi, kidonk Lapolis ap pwoteje sak sèvi. Pèp Ayisyen, nan jwèt bosal pouvwa Tèt kale an, Oligachi voras la, Anbasad Meriken, Kò Gwoup rasis yo, nou pa konte.

Fòk nou leve kanpe! Nou dwe leve kanpe! Bat Chen an, tann mèt li! Pinga nou janm bliye: yon jou pou chasè, yon jou pou jibye !

Nobert Bdouby

Articles Similaires

Back to top button