acceuilActualitéCoup d’oeil sur le mondePerspective & Politique

Magalie, premye abitan ki mize lavil

Nan dat ki te 12 me 2021 an, « Fondasyon Je Klere » pibliye yon rapò sou jesyon Magalie Habitant, nan tèt SMCRS, soti 25 mas 2017 pou rive 25 septann 2018. Jou ki te 27 desanm 2017 la, Lakoudèkont te kreye yon komisyon pou fè verifikasyon sou jesyon Magalie Habitant nan tèt SMCRS. Komisyon sa a te gen sila yo ladan l : Cristine Jeudy (prezidan), Daina Dutton, Rosemornes Lemorin ak Martine Destin Lindor (manm). Komisyon an te odite sou 6 premye mwa Magalie Habitant nan tèt bwat la. Konklizyon komisyon an te bay tèt chaje. Selon verifikatè yo, soti 25 mas 2017 pou rive 25 septanm 2018, jesyon Magalie nan tèt SMCRC pa t katolik. Douz milyon goud ( 12 000 000 goud) te dekese pou fonksyonman SMCRS/Nò ; Sèz milyon swasant de mil sèt san swasant trèz goud ( 16 062 773 goud ) pou achte kawotchou ak lòt pyès derechany pou yon ekip machin ilegal ; yon milyon desan senkant nèf mil goud (1 259 000 goud )pou asenisman. Pou komisyon an, kòb sa yo te mal depanse. Nan sans sa a, gen ase enfòmasyon pou jij nan Chanm afè finansyè a ki nan Lakoudèkont yo bay dizon yo sou jesyon Magalie Habitant nan tèt SMCRS, pandan 6 premye mwa li te pase yo. Sou demann komisyon verifikasyon an, yon odyans te òganize, jou ki te 7 me 2021 an, devan yon kolèj ki te gen : Fritz Robert Saint-Paul (prezidan), Monprevil St-Juste (jij), Jean Ariel Joseph (jij) ak Jean Gary Rémy (oditè). Kolèj la te odisyone Magalie Habitant ak tout administratè l. Manm kolèj la te kesyone l sou konpetans li, paske dekrè ki kreye SMCRS la di, pou yon moun vini direktè bwat sa a, li dwe yon enjenyè sanitè oubyen yon enjenyè sivil, oubyen tou, si li gen eksperyans nan jesyon fizik dechè. Kidonk, nominasyon manzè Habitant pa t bobo ak sa lalwa di. Lè yo mande ansyèn direktris la ki misyon SMCRS, li pa t ka reponn. Lè yo kesyone l sou lajan li detounen yo, li di li te oblije obeyi ak tout sa ministè Enteryè mande l. Kolèj la te mande pou voye afè a devan Chanm finansyè ki nan Lakoudèkont. Chanm finansyè a, bò kote pa l, montre madanm Habitant te mal jere bwat la pandan sis (6) premye mwa li yo. Avoka madanm lan, mèt Mikosky Pompilus, di kliyan li an pa t gen movèz fwa. Nan sans sa a, li mande pou Lakou a bay on arè kitis. Pa bliye, nan moman peyi lòk la, manzè Magali te enplike nan zafè mèsenè yo.

Dekana fakilte Lengwistik Aplike egzije Leta ayisyen an fè nouvo paspò a nan lang kreyòl ak fransè

Dekana fakilte Lengwistik Aplike a soti yon nòt kote li deplore konpòtman Leta ayisyen ki pa pran lang kreyòl ayisyen an pou pip tabak, sitou lè y ap pran desizyon enpòtan yo. Dekana a pwofite okazyon an pou l kritike Leta ayisyen ki fè enprime tout biyè yo nan de lang, pandan biyè mil goud la, ki pi enpòtan, enprime nan lang fransè sèlman. Li kontinye pou l kritike tou, fason Leta fè kat idantifikasyon nasyonal la, kote karaktè tèks fransè yo pigwo pase kreyòl yo. Dekana a fini pou l raple lè paspò a pa t gen nasyon karikòm yo ladan l, li te fèt nan 2 lang.

Yon flaybòt koule nan Zile Lagonav

Jou ki te samdi 15 me 2021 an, bò 5è edmi, yon flaybòt, ki soti Karyès pou ale Ansagalè, fè nofraj. Flaybòt la te gen anviwon 20 moun, 7 nan yo rive chape pou l yo. Sitiyasyon malouk sa a lakoz anpil moun kritike otorite maritim yo ki pa t pote asistans bay pasajè yo nan moman yo te nan gwo difikilte a. Gwo kesyon k ap poze se : kisa SEMANAH itil nan peyi a?

Woodly Éthéart, alyas Sonson Lafamilia, jwenn arestasyon l nan Sendomeng

Dimanch 16 me 2021 an, byen bonè nan maten, lapolis dominikèn poze lapat sou Sonson Lafamilia, dirijan baz Galil, bra dwat ansyen prezidan Michel Martelly. Lapolis ayisyèn te mete Woodly Ethéart anba kòd, men nan mwa avril 2015, jij Lamarre Bélizaire te libere l, li te di li ale pa fè sa ankò. Nan me 2018, Lakou Kasasyon te anile jijman tèt chaje jij Lamarre te pran an. Pabliye lapolis ayisyèn te repwoche l pou kidnapin, trafik ilisit, asasina ak asosyasyon malfektè.

Nobert Bdouby

Articles Similaires

Back to top button