HomeHot NewsMagalie Habitant, manman kidnapin

Magalie Habitant, manman kidnapin

Published on

Archives

Jounen jodi a, li klè kou dlo kòk, ke zak kidnaping k ap fèt nan peyi a, se aksyon rejim PHTK ak alye li yo, k ap mache bwote moun pou ranmase lajan pou prepare eleksyon chanpwèl pou sangwen, sanginè yo.

Malfra PHTK yo pa sispann bwote moun, sitou nan kapital la, Pòtoprens, kote si viktim yo refize ale, yo pa ezite yon segonn pou touye yo. Se ka Doktè Ernst Paddy, kote byenbonè nan maten dimanch 28 fevriye a, bandi san fwa ni lwa ki t ap woule nan machin Leta, touye li ak yon bal nan tèt, akòz yo t ap tante kidnape li.

Doktè Paddy se yon pedyat ki gen 63 lanne, ki orijinè Gonayiv. Bandi yo touye li pandan yo t ap tante kidnape li, devan klinik li, ki twouve l sou Chimen Des Dalles, ak yo yon bal nan tèt li.

Nan menm dimanch 28 fevriye a, bandi PHTK ak alye pa t chome ditou, kote yo kidnape Jean Marc Condestin ki se pwopwiyetè yon ponp gazolin nan Maryani (Komin Gresye. Se moun loudman ame ki pote inifòm lapolis ki nan yon machin Toyata Land Cruiser ki gen plak Sèvis Leta (SE) imatrikile SE-01915, ki bwote misye anndan biznis li, ale avè l sou wout nasyonal #2 a.

Manman kidnapin la, Magalie Habitant, ki se youn nan poto mitan rejim PHTK a, te ale chache 2 Dominiken ke youn nan baz G9 an Fanmi ak Alye yo te kidnape, nan jou samdi 20 fevriye 2021 an, kote mesye sa yo te pase anviwon 6 jou nan baz bandi sa a ki nan katye Gran-Ravin.

Se manman kidnaping lan, Magalie Habitant ki ale pwan 3 mesye yo, 2 dominiken yo ak yon Ayisyen nan men bandi Gran Ravin yo. Magalie deklare nan mikwo Radyo Magik 9, ke se yon «Enstans Kosène» ki te rele li di ale pran moun yo pou li.

De (2) jenn dominiken yo te fè pati yon ekip teknisyen ki te vini patisipe nan pwodiksyon yon fim sinematografi nan komin Jakmèl (depatman Sidès). Lè yo t ap rantre Pòtoprens, yo te kidnape yo nan katye Matisan (antre Sid Pòtoprens) ansanm ak yon sitwayen ki se entèprèt yo, ki se Albert Augusma alyas Ti Nèg, ki fè konnen apre liberasyon an, ke se Madan Magalie Habitant menm, ki te vini chache yo.

Senatè Lwès la, Patrice Dumont, nan yon Tweet, deklare ke: Prado sa ki asasinen doktè a yè se menm Prado ki te pran 2 Dominiken yo, mennen yo DCPJ. Dezòmè, kidnapping lan, se Leta k ap fè l sou pèp la.

Men listwa tande, nan peyi Dayiti, ak yon Leta Vwayou.

Gwo presyon pou libere bandi Zambo

Yon solda e chofè pèsonèl chef gang trè pwisan an ki se ansyen polisye, touyè, kriminèl, ansasen, Jimmy Cherizier, Alyas Barbecue, ki pote non Zambo, jwenn arestatsyon li, lendi pwemye mas 2021 an, nan Pòtoprens. Gwo presyon ap fèt sou otorite lapolis yo, pa bandi ki nan ministè Lenteryè yo, pou libere Zambo, san kondisyon.

Pou kounye a, bandi malfra G9 an fanmi ak alye sa a, ki se Zambo, twouve li nan Direksyon Depatmantal Lwès (DDO), kote yo kapab libere misye sou presyon ministè Lenteryè ak Delegasyon Lwès la.

Sèt (7) evade anba kòd

Lapolis nan komin Kwadèboukè deklare ke yo mete lamen sou 7 prizonye ki te sove nan prizon sivil Kwadèboukè a, jou jedi 25 fevriye 2021 an. Lapolis fè konnen, pami 7 prizonye sa yo, gen youn ki ale mouri nan lopital, paske li te blese anba bal.

«Madan La Lime pa konn konte»

«Madan La Lime pa konn konte», sa se pawòl chanson anpil milye manifestan ki t ap patisipe nan gwo kokennchen manifestasyon ki te fèt dimanch 28 fevriye a, pou di non ak diktatè Jovenel epi mande l rache manyòk li, bay palè a, paske manda misye Jojo mantè fini depi nan dat 7 fevriye 2021. Apre Dye refize bay palè a. Li jwenn sipò anbasad meriken ak Madan La Lime ki se chèf BINUH k ap sipòte misye nan mete yon diktati ak kidnaping nan peyi a. Apre Dye konprann li se sèl chèf. Li te fè yo kouwonen li nan Podpè. Li di li se wa pandan kanaval chanpwèl li a.

Wa kanaval chanpwèl la, madigra malmaske a, deklare pa gen kidnaping nan peyi a, se jounalis k ap fè voye monte, bay manti pandan setan, ekip PHTK a ap touye, kidnape moun nan tout kwen peyi a, vin jwenn ak madan La Lime ki pa konn konte k ap di: «pa gen moun ki pran lari kont ti Jojo non. Se apenn 3 mil moun konsa.» Nou ap mande madan La Lime sa k aprann li konte e nan ki machin akalkile li fè adisyon li yo.

Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...