acceuilNouvèl kout an kreyòl

Nouvel an kreyòl

Pozisyon òganizasyon etidyan pwogresis ak òganizasyon popilè sou sitiyasyon malouk peyi a

Nou menm, òganizasyon etidyan pwogresis ak òganizasyon popilè k ap batay pou chanje kondisyon lavi moun nan peyi a, nou wete chapo nou byen ba douvan tout moun ki kwè nan lit n ap mennen an, pandan n ap pwofite okazyon sila a, pou fikse pozisyon nou sou tout kalte tray pèp ayisyen an ap sibi anba men rejim ilegal sanginè PHTK a.

Lè nou konsidere sitiyasyon ekonomik, sosyal ak politik pèp ayisyen, k ap vin pi mal chak jou, kote yon ti gwoup moun nan peyi a pote ale tout lajan peyi a, plis lajan nou prete pou fè devlopman, pandan majorite a ap kwoupi nan yon mizè fewòs;

Lè nou konsidere ensekirite planifye, Leta a simaye nan peyi a, kote masak pa sispann fèt nan katye popilè yo, kidnapping nan tout peyi a, gang ame pouvwa federe pou anpeche popilasyon an revandike dwa l, krim ak egzekisyon deta, tankou sa ki fèt sou Mèt Dorval ak Etidyan Grégory St-Hilaire, pandan Rektora ak Konsèy Inivèsite Leta a rete bouch be, jouk jounen jodi a;

Lè nou konsidere kijan rejim neyodivalyeris-PHTK pa janm respekte okenn lwa, kote li pran yon seri dekrè ki afebli pouvwa kontwòl enstitisyon yo. Se sou menm baz sa a pouvwa sa a, ki pa t janm respekte lalwa, kontinye ak menm pratik sa a. Se bagay sa a ki fè, jounen jodi a, ansyen prezidan enkilpe a pase atik 134-2 Konstitisyon an, anba pye, kote Jovenel Moïse kanpe rèd kou yon ke makak sou pouvwa a. Bagay la tèlman ale lwen, menm pouvwa jidisyè a pa epanye, kote yo arete ak imilye yon jij nan Lakou Kasasyon.

Aprè tout konsiderasyon sa yo, nou menm, òganizasyon etidyan pwogresis ak òganizasyon popilè yo, mande tout moun leve kanpe kont pwojè lanmò sa a rejim PHTK ap fè plane sou peyi a. Se sa k fè n ap envite tout moun nan yon « MACH KONT DIKTATI» k ap fèt jounen mèkredi 10 fevriye 2021, a 10zè tapan. Nou pral mache pou n di NON ak diktati, pou n mande respè ak aplikasyon atik 134-2 Kontitisyon an, pandan n ap kontinye itilize tout lòt mwayen lejitim pou sa.

Jovnel Moïse gen foli diktati

Jou dimanch ki te 7 fevriye 2021 an, direktè jeneral defakto Polis Nasyonal la, Léon Charles, ak responsab USGPN nan, debake an Chango nan vilaj Tibwa, kote yo imilye, maltrete yon enspektris jeneral lapolis ak Ivickel Dabresil ki se younn nan jij Lakou Kasasyon ki ta sipoze ranplase ApreDye. Selon jij Wilner Morin, ki se prezidan Asosyasyon Majistra Ayisyen yo, arestasyon jij Lakou Kasasyon an ilegal. Li kontinye pou l di gen plizyè lòt jij k ap sibi gwo menas anba men bandi legal yo. Yon seri òganizasyon tankou RNDDH, CE-JILAP, CARDH ak plizyè lòt avoka, fè konnen arestasyon sa yo montre volonte Jovenel genyen pou l tabli diktati nan peyi a. Pa bliye, menm 7 fevriye sa a, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè peyi a sòti yon nòt kote li mande pou Jovenel Moïse respekte atik 134-2 Manman lwa peyi a, menm jan sa te fèt pou depite ak senatè yo.

Lapolis ak lame selès la pa sispan bwè san pèp la

Lendi 8 fevriye 2021 an, plizyè dizèn militan te leve kanpe pou mande Jovenel Moïse respekte atik 134-2 Manman lwa peyi a. Nan lide pou kraze mouvman an, lapolis ak lame te simaye bal ak gaz toupatou sou Channmas la, sa ki lakòz Alvales Destiné ak Jeanril Méus, ki se 2 jounalis, resevwa bal. Pa bliye, plizyè zòn nan peyi a, tankou : Okap, Jeremi, Okay, Gonayiv, Akayè, Mibalè, Senmak, Gran-Gwav, pa sispann foule makadam lan, pou egzije depa Jovenel Moïse, selon yo menm, ki defakto depi dimanch.

ApreDye vle kraze Lakou Kasasyon

Nan yon arète ki pibliye sou jounal ofisyèl peyi a, Le Moniteur, jou ki te 8 fevriye 2021 an, Jovenel pran desizyon pou revoke 3 jij nan lakou kasasyon (Ivickel Dabrezil, Wendelle Coq Thélot ak Joseph Mécène Jean-louis). Pa bliye, rejim bout di PHTK gen pwoblèm ak Wendelle Coq, paske, nan dat ki te 22 septanm 2020 an, li te bloke prestasyon sèman manm Konsèy Elektoral Pwovizwa ilegal la. Ivickel Dabrésil, li menm, yo akize l kòm moun ki t ap manniganse koudeta kont Jovenel Moïse. Pwoblèm PHTK ak jij Mecène, se paske li aksepte piblikman chwa opozisyon an fè pou l vin prezidan Tranzisyyon an. Menm arète sila a vann Savann Dyann, ki sou komin Mayisad, Piyon, Senmichèl Latalay ak boujwa yo.

Bdouby Nobert

Articles Similaires

Back to top button
Social Media Auto Publish Powered By : XYZScripts.com