" "
acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Tribilasyon ak kè kontan

Nan refleksyon yon gwoup etidyan nan ILA (Inivèsite Leta Ayiti), espesyalman Fakilte Syans Moun yo, (Syanzimèn) t ap fè sou panse Gramsci a, yo rann yo kont lakilti jwe yon wòl nan yon sosyete miwo-miba. Se nan sans sa a, nan lane 2014, yon gwoup mizikal, tandans RAP, ki rele Règleman Afè Popilè (RAP), te pran nesans. Gwoup sa a gen ladan l: Wedly Mozeau, Vanessa Jeudy, Claude Ardy Julien ak Jean Andy Antoine. Jou ki te 17 oktòb 2020 an, mesyedam sa sa yo soti premye albòm yo, ki rele TRIAKK, ki vle di: Tribilasyon ak kè kontan. Non sa a soti nan yon atik sosyològ Jean Casimir ki rele : «tribulation et joie de vivre». Albòm sila a chante istwa pèp ayisyen an, nan lit l ap mennen kont sistèm miwo-miba a. Li gen 14 mizik sou li.

Premye mizik la rele «Kaptif». Li dekri reyalite esklav Sendomeng yo t ap viv, nan peryòd kolonyal esklavajis la. Mizik ki rele «Dèy» la, dekri rapò gwoponyèt Leta devlope ak mas popilè yo. «Masuife» a gade deplasman Ayisyen, pa pil ak pakèt, nan peyi Chili ak Brezil, men tou, peyizan k ap kite andeyò pou vini lavil. «Jòf» (Jenerasyon Ogou Feray) montre listwa yon gwoup rapè ki te kwaze nan ILA (Inivèsite Leta Ayiti), nan moman gwo deba t ap fèt sou kriz inivèsite a. «Patchakouti, Plimo, Lento, Rimatizan, Konviksyon, Pou demen, ETMK, Kanè sekrè ak Tanbou», se rès mizik ki sou albòm lan. Pa bliye, albòm lan disponib sou yon aplikasyon lokal ki rele DISKòB.

Pou premye minis defakto a, Jouthe Joseph, misyon komisyon dezameman bout

Nan yon bat bouch, premye minis Jouthe t ap fè ak laprès, lendi ki te 21 desanm 2020 an, li deklare misyon komisyon dezameman (CNDDR) an fini. Li kontinye pou l di: «aprè plis pase 8 mwa komisyon an fè ap pale san (rete), misyon yo fini. Li vrèman difisil pou konvenk yon moun k ap fè lajan fasil, sispann (fè briganday). Nou pa gen tan pou n radote. Se moman demantèlman an».

" "

Malgre otorite nan peyi a te pwomèt sekirite pou fèt Nwèl la, bandi legal yo pa sispann fè lalwa

Jou ki te 22 desanm 2020 an, malfra yo kidnape Jean Raynold Saint-Hilaire ak Berthony Sylva, ki se de kad nan lopital «Alma Mater», nan Gwomòn. Malgre fanmi yo bay kòb, viktim yo poko jwenn liberasyon yo. Nan lide pou pwoteste kont zak malonèt sila a, direksyon lopital «Alma Mater» anonse y ap sispann travay. Yon lòt bò, nan lakou Pòtoprens, jou ki te 24 desanm 2020 an, endividi moun pa idantifye, kidnape doktè Elie Henry ak pitit fi li, Irma Henry, pandan yo t ap soti nan yon aktivite relijyez. Kidnapè yo mande 5 milyon dola ameriken pou yo ka libere viktim yo. Nan menm 24 desanm sa a, bandi san fwa ni lwa yo kidnape Wisline Montas. 1,5 milyon dola, se kantite lajan yo reklame pou li libere li. Samdi 26 desanm 2020 an, kidnapè yo pa t chome. Yo rive kidnape Love-Edlie Ariel, pandan li t ap soti nan yon estidyo bote. Ravisè yo mande 300 mil dola pou liberasyon l. Nan zòn Akayè, bandi legal yo kidnape Gregory Sanon.

Nan dezyèm vil peyi a, zagoloray pa p dòmi

Kafou Lacho, twazyèm seksyon kominal Petitans (Kap Ayisyen), enspektè divizyonè, Telfort Ferais, ki se responsab brigad entèvansyon lapolis nan depatman Nò a, tonbe anba bal bandi, jou ki te 26 desanm 2020 an, nan aprèmidi. N ap fè sonje, Telfort Ferais se te responsab relasyon piblik nan Asosiyasyon Espòtiv kapwaz, ki se yon ekip premye divizyon nan vil Okap.

Bilan operasyon lapolis te mennen nan Vilaj Dedye a, mèg tankou ApreDye

Enspektè divizyonè, Gary Desrosiers, ki se pòtvwa annapre polis nasyonal la, prezante bilan operasyon lapolis te mennen nan Vilaj Dedye ak Granravin. Daprè pawòl ki soti nan bouch enspektè a, se sèlman kèk sòlda ki te vin ranfòse gang «5 segond lan», yo arete. Men sòlda sa yo pa t gen zam. Kesyon tout moun ap poze se: èske se Bib ki te nan men sòlda sa yo? Pa bliye operasyon sa a te dire anviwon 2 semèn.

Bdouby Nobert

Articles Similaires

Back to top button

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker