HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl - 16 Septanm 2020

Nouvèl kout an kreyòl – 16 Septanm 2020

Published on

Archives

Lapolis boule anpil machin Leta

Anpil machin Leta detwi anba gwo flanm dife, pandan mouvman polisye yo, nan jou samdi 12 septanm 2020 an. Polisye yo t ap mande liberasyon 5 polisye otorite yo te mete nan prizon, nan jou vandredi 11 septanm lan. Polisye sa yo te pase kèk jou nan izolman, sou lòd Komisè gouvèneman an, Mèt Ducarmel Gabriel.

Mesye lapolis yo boule plis pase 10 machin Leta sou Nazon, Delma, Petyon-Vil, Channmas (devan lokal UDMO), nan Kanapevè kote yo te rive lakay komisè Gouvènman Pòtoprens la, tire anpil kout zam anlè, bay moun anpil presyon.

Soulèvman sa a te rive, lè otorite sou pouvwa a te deside lage nan prizon 5 ajan lapolis, yo akize komkwa se yo ki ta kase kay Monferrier Dorval, apre asasina lach sou li a, nan jou vandredi 28 dawout 2020, aloske pouvwa konnen byen pwop, vrè ansasen ak konplis nan lanmo Batonye a, se yo menm.

Lè otorite sou pouvwa a gade, yo wè mesye lapolis yo p ap jwe, y ap boule tout byen Leta yo vre, e polisye yo menm anvi ale atake yo lakay yo, Premye Minis defakto a, Joseph Jouthe, pete kouri prese prese fè libere 5 polisye sa yo, san pran souf.

Mesye polisye sa yo, lè y ap fè revandikasyon pa yo pase, yo boule, yo touye, yo rache. Men lè se ti pèp la k ap manifeste pasifikman pou mande jistis, pou grangou, kont lenjistis ak ensekirite, lapolis ba yo bal, ba yo gaz san rete e menm touye yo. Menm ti bebe, lapolis pa epanye pou defann pouvwa malfra sa a.

KAZÈK Fon Melon (Komin Jakmel) mouri nan dlo

Dieubon Juste, ki se kowòdonatè KAZÈK dezyèm seksyon kominal Fon Melon (Depatman Sidès, komin Jakmèl) mouri nan dlo Larivyè Lagoslin ki pote li ale, nan jou jedi 10 septanm 2020. Se popilasyon an ki pwal jwenn kò misye nan lapremidi vandredi 11 septanm, nan yon lokalite ki rele Gran katye Mabyal, nan Jakmèl. Dieubon Juste te eli anba banyè Oganizasyon Pèp Kap Lite (OPL).

Senjan Disid, yon dam mouri asasinen

Popilasyon nan premye seksyon kominal Maresko, nan Senjan disid (depatman Sid) jwenn kò tou mouri, yon dam ke yo poko konnen kiyès li ye, nan jou dimanch 13 septanm 2020. Majistra komin Sejan Disid la, Joseph Estimé, fè konnen ke se vre, manm nan popilasyon leve jwenn kò yon dam ki mouri. E li rapousib pou li di ke sanble dam nan ki te gen bijou sou li ta mouri swa pa bal ou ak kout kouto e kadav la te rete byen ta atè, paske li pat kapab jwenn prezans jij depè ak direktè meri a tou. Prezans moun sa yo te enpòtan men yo pa t jwenn yo.

Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) nan Boudon, boule

Dife pete nan biwo Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) ki nan Boudon. Yon dife pran nan jou samdi 12 septanm, nan biwo Oni, nan Boudon. Dife a te pran bò onzè nan aswè, dapre sa responsab yo fè konnen. Dapre menm responsab sa a ki pa vle yo site non li, dife a pwopaje nan batiman e li deklare ke gen kèk tou bal ke yo wè sou batiman an. Men li fè konnen yo kontan paske pa genyen moun ki mouri nan dife a. E li fini pou li di ke dife sa a pa lòt bagay ke orijin kriminèl.

4 moun mouri nan komin Petyon-Vil

4 moun nan menm fanmi an, pami yo: 2 ti moun, mouri nan deboulonnay teren nan komin Petyon-Vil, nan dimanch 13 septanm 2020. Dram sa a rive nan lokalite ki rele Bout Chanpay. Viktim yo se: Maricelle Latus, manman ti moun yo e lòt viktim yo se: Maridia Célestin; Dony Alex (16 lane) ak Delto (11 lane).

Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...