CHEMEN SOVTAJ NASYONAL LA SE BATI YON LAPÈ DIRAB ! SA SA VLE DI ?
AN NOU FOUYE PI LWEN
Refleksyon sa a soti nan yon doub kesyonman. Eske dekrete lagè sivil se bon solisyon pou fini ak vyolans nan peyi a ? Devan doub efondreman leta ak sosyete a. Devan vyolans avèg ki dechennen pou detwi nasyon an atravè zak kriminèl gang yo. Eske ogmante volim vyolans lan se sa ki solisyon an ?
Pou nou reponn kesyon sa yo nou dwe konnen 3 bagay :
- Orijin vyolans lan
- Nati vyolans lan
- Fonksyon vyolans lan.
Se ansanm repons ak twa kesyon sa yo k ap pèmèt nou konpwann kote yo vle mennen nou ak lagè ki deklare a.
A) Orijin istorik ak sistemik vyolans la
Vyolans gang yo se konsekans yon vyolans sistemik ki tabli nan sosyete a kont majorite popilasyon an depi koudeta sanglan 1806 la, ki ansasinen fondatè nasyon an anperè J. J. Desalin
Vyolans sosyal sa a ke rejim apated la enstale yon fason pèmanan kont desandan bosal yo souvan pwan yon fòm sanglan kriminèl nan ratibwaze tout tantativ pou pèp la leve kanpe. Se pwolonjman vyolans esklavajis la pou anpeche nouvo lib yo jwi libète yo te gouman pou li a. Li eksprime atravè kòd riral, diskriminasyon ak rasis kont moun andeyò, etnosid kont kilti popilè a ak tout sa ki raple lafrik nan kilti nou. Orijin sosyal jèn ki nan gang yo, kantite jenn fanm ak jenn gason ki deside pwan chimen vyolans ame a oswa senpatize ak li, mande nou reflechi anpil pou konnen si nou pa an fas yon fenomèn ki pa majinal ankò.
Nan lane 2024, UNICEF te estime timoun peyi d Ayiti reprezante ant 30 a 50 pousan manm gang nan peyi a.
- 14 novanm 2024, yon nouvo rapò GAO sou trafik zam te rapòte ; 73% zam ki ap sikile nan Karayib la jwenn sous yo nan peyi EtaZini.
- 4 avril 2024, “United Nations News” rapòte, gen kèk gang ann Ayiti ki gen plis zam pase lapolis peyi a.
Sitirasyon sa yo vide gaz sou dife vyolans k ap dechire sosyete a pak an pak. Yon sik vyolans ki anpeche tout fòm devlopman, ki fè lavi chak grenn Ayisyen vin tounen yon kochma lannuit kou lajounen.
B) Vyolans neyokolonyal enperyalis
Apre lendepandans ak ansasinay lanperè, peyi a pwal antre nan yon angrenaj vyolans neyokolonyal ki derape ak pèman dèt endepandans la. Oligachi lokal la tanmen likide souverente peyi a bay pisans ewopeyen e kreye lokazyon pou enperyalis meriken ekzèse yon vyolans san parèy sou pèp peyizan an. Tout fondman rezistans nasyon an pwan yon gwo frap ki lagel definivman sou mouda.
Apati 1915 peyi a tonbe anba dominasyon blan meriken jouk jounen jodi a ki deside ki meyè fason pou l kontwole popilasyon an. Depi lè a popilasyon an tounen jwif eran ap sibi tout kalte maltretans ak imilyasyon kotel pase sou latè.
C) Demokrasi pèpè
Apati 1986 alokazyon fen lagè frèt la enperyalis meriken deside li pi bon pou enterè l pou ranplase diktati li te plase sou pouvwa nan peyi sid yo pou konbat kominis, epi mete nan plas yo sa yo rele rejim elektoral ke nou batize pa bò isit demokrasi pèpè
Sa te sipoze koresponn ak faz neyoliberal systèm kapitalis mondyal la ki tap eksperimante yon fason pi dous pou domine sosyete l ap eksplwate yo. Jwenn konsantman endivi yo pou met yon chenn dore nan pye yo, se te ideyal yo tap rapousib. Konpetisyon pou konsome se sa ki ta motè lavi a. Tout mas moun yo ap esplwate yo vin angaje nan yon kous endividyèl pou soti tèt yo an grenn senk kèlkeswa mwayen yo jwenn nan.
D) Kriminalite transnasyonal
Ideoloji neyoliberal naje pou soti a se yon teren fètil pou tout fòm aktivite kriminèl jèmen. Konsa rapidman apre gè frèt la kanpe ant gwo pisans yo, kriminalite transnasyonal la vin pwan chè nèt. Avredi li te deja gen enpòtans li nan lagè antikominis meriken tap mennen an. Pi souvan CIA, FBI ak lòt sèvis represyon te konn mache men nan men ak yo pou ratibwaze militan revolisyonè.
Mafya entènasyonal la kap dirije tout kalte trafik ilegal tankou dwòg, ògan moun yo depatcha, elt… vin jwenn pòt louvri nan pi wo nivo politik peyi swadizan demokratik yo. Fòk nou souliyen sa yo rele ekonomi kriminèl la reprezante anviwon 25% nan ekonomi mondyal la. Lè w ajoute tout lòt envestisman pou blanchi lajan sal la, pousantaj la sipoze plis.
Se konsa nou vin devan yon deboulay vyolans transnasyonal ki pwan yon
seri sosyete mal prepare nan gòj.
Peyi dayiti fè pati ti peyi yo livre bay kriminalite transnasyonal. Ni leta a, ni ekonomi an, ni sosyete a pwan an otaj, tout larivyè vyolans sa yo kontre pou yo debòde tankou yon gwo flèv san pou anglouti pèp la ak nasyon an.
III
NATI AK MILTIP FONKSYON VYOLANS LAN
Nati vyolans la
Se yon vyolans transnasyonal enpòte ki kontre ak yon vyolans sistemik entèn pou podwi sou enflyans ideoloji neyoliberal naje pou soti a yon machin enfènal otodestriksyon. Ni endividi yo, ni pèp la, ni nasyon an aspire nan yon twou nwa chen manje chen ki pati pou anglouti nou tout. Prensipal mak fabrik li ak objektif li se trennen nou nan yon espiral vyolans sanginè ki fè nou vire do bay mounite nou. Prensipal efè vyolans lan se enstale nasyon an, popilasyon an nan sa nou rele yon ensekirite ekzistansyèl. Ki vle di ni lavi moun, ni souverente peyi a vin alamèsi nenpòt ki ensidan ki soti nan yon desizyon ke yo pa gen ankenn kontwol sou li. Pa ekzanp yon konfli pete ant de (2) gang, yon bandi tire sou yon avyon ou byen yon anbasad, yon gouvènman etranje deside lap met anbago sou Ayiti, oubyen anpeche Aysyen sikile nan mond lan. Se yon frajilite ke yo konstwi pou nou, pandan y ap founi nou mwayen pou nou angrave l chak jou pi plis.
Men anplis klima jeneral ensekirite pèpanan sa a pou fè nou pèdi mounite nou ak souverènte nou, vyolans lan ranpli yon seri lòt fonksyon ki konbine ansanm pou nouri kawo a.
- Miltip fonksyon vyolans lan
- Fonksyon Politiko-ideolojik
Vyolans gang lan jwe yon fonksyon ideolojik enpòtan ke menm sa yo rele lagòch la an Ayiti pwan ladan. Li pèmèt maske prensipal koz vyolans lan nan sosyete a ki se sistèm eksplwatasyon ak eksklizyon ki blayi depi 200 zan sou majorite popilasyon an. Lit kont gang, vin ranplase lit de klas nan ajanda “revolisyonè” nou yo. Konsa li tou sèvi preteks pou jistifye tout konpwomisyon degrenngòch.
Opwen kolabore ak mesènè meriken pou sapata souverènte peyi a vin prezante tankou yon demach nòmal. Poutan li sifi w gade pwofil jenn gason ak jenn fanm kap soutni ou byen ki nan gang yo pou rann kont ; apa enjistis sosyal ki fè yo sibi yon vyolans estriktirèl, yo doub fwa viktim ankò. Dabò aktivite kriminèl yo tonbe ladan an ipoteke alafwa avni yo ak mounite yo. Pa gen pèsonn moun, apa kèk malad mantal, ki ta renmen mennen yon vi kriminèl, kote lap mache toutan nan kè sote ak sèkèy li anba bwal.
Yon lòt pa yo se prensipal sib vanjans popilasyon an ke yo ap matirize a ansanm ak vyolans represif leta a. An plis se yo menm ki kandida pou sakrifye lè mèt kawo a va deside yo pa itil li anyen ankò. Pandanstan kòmanditè yo nan leta a, nan oligachi a, ak entènasyonal la ap kontinye kale kò yo, bwè lajan yo alèz, epi tire fisèl pou maniganse tout move kou kont pèp la ak nasyon an.
Sou yon lòt plan, vyolans gang yo vin sèvi epouvantay pou maske dominasyon neyokolonyal gwo pisans yo sou Ayiti, kòm veritab kòz mizè ak ensekirite nan peyi a. Konsa enperyalis yo vin pi alèz nan swadizan wòl abit nan chire pit ant aysyen. Sa ki ba yo lawot men pou pwan desizyon yo vle konsènan sa kap pase nan peyi a. Menm dwa pou Aysyen sikile andedan ak andeyò peyi a konfiske selon bonvoulwa Zòt ki kenbe manèt ensekirite a. Sa pèmèt yo jwe ak lavi moun jan yo vle epi pase anba pye jan lide yo di yo souverènte peyi a.
- Fonksyon ekonomik
Nan nivo ekonomik, anplis kraze tout baz akimilasyon richès pwodiktif nan peyi a, vyolans lan gen pou pwensipal fonksyon livre richès nou bay konpayi transnasyonal san kondisyon. San konte gaspiye finans peyi a ki pa menm ka reponn ak yon minimòm akonpayman popilasyon an ki ozabwa, nan antreteni yon bidjè lagè ki pa menm soutni ak yon ekonomi nasyonal ki ka reponn ak sa. Lagè a vin fonksyone tankou yon anbago nou mete sou pwòp tèt nou pou anpeche nou envesti nan sa ki nesesè pou asire yon ale mye pou malere kap kwoupi anba mizè ak pèsekisyon. Peyi a pase nan yon sitiasyon depandans total pou rive nan yon eta endijans jeneral. Ekonomi kriminèl la vin sèl kòk chante, Ayiti tounen yon koulwa pou dwòg ak tout lòt trafik chanpwèl layite kò yo. Konsa sous vyolans lan vin ap debòde, kote tout kalte zak makawon nou pat janm konn wè vin ap ekzekite devan je tout moun
3) Fonksyon senbolik
Sou plan senbolik se pi rèd.
Fonksyon vyolans chen manje chen an se likide eritaj senbolik revolisyon 1803 a, ki se yon veritab obsesyon pou lòd kolonyal oksidantal la. Dezòmè yo alèz pou di Aysyen se yon bann sovaj ki pa ka dirije tèt yo. De (2) dènye mezi ki sot adopte brid sou kou la yo se kout tiwèl devan bouch tonb. Lè gouvènman an bat bravo pou desizyon administrasyon Trump lan pran pou deklare Ayiti se yon nich teworis. Lè menm dirijan Aysyen yo deside ofisyèlman rele mèsenè meriken vin jwe wòl konbat gang nan plas yo. Ti kras sak te rete kòm souverènte ak diyite pèp Aysyen an vole gagè nèt ale. Bagay mèsenè sa a, se fòm okipasyon ki pi sal moun pa janm wè depi 1915 : yon ekip òlalwa entènasyonal k ap vin goumen kont òlalwa lokal pou swadizan mete lòd nan dezòd pou plis pase 40 milyon dola meriken pou yon lane. Ala kote w tande papa!
Men sa dirijan degrenn gòch nan konfyolo ak KPT a mande patriyòt vin aplodi.
Nan tou sa fòk nou pa bliye pi souvan se lokazyon pou biznis koripsyon taye banda san kontwòl. Lèw konnen ak ki kalte dirijan ti lolit ou an afè ou pa bezwen mande ki enterè ti nèg jwenn nan dekrete bidjè lagè sa a anplis gaspiyay vi ak resous.
III
NATI AK MILTIP FONKSYON VYOLANS LAN
A) Nati vyolans la
Se yon vyolans transnasyonal enpòte ki kontre ak yon vyolans sistemik entèn pou podwi sou enflyans ideoloji neyoliberal naje pou soti a yon machin enfènal otodestriksyon. Ni endividi yo, ni pèp la, ni nasyon an aspire nan yon twou nwa chen manje chen ki pati pou anglouti nou tout. Prensipal mak fabrik li ak objektif li se trennen nou nan yon espiral vyolans sanginè ki fè nou vire do bay mounite nou. Prensipal efè vyolans lan se enstale nasyon an, popilasyon an nan sa nou rele yon ensekirite ekzistansyèl. Ki vle di ni lavi moun, ni souverente peyi a vin alamèsi nenpòt ki ensidan ki soti nan yon desizyon ke yo pa gen ankenn kontwol sou li. Pa ekzanp yon konfli pete ant de (2) gang, yon bandi tire sou yon avyon ou byen yon anbasad, yon gouvènman etranje deside lap met anbago sou Ayiti, oubyen anpeche Aysyen sikile nan mond lan. Se yon frajilite ke yo konstwi pou nou, pandan y ap founi nou mwayen pou nou angrave l chak jou pi plis.
Men anplis klima jeneral ensekirite pèpanan sa a pou fè nou pèdi mounite nou ak souverènte nou, vyolans lan ranpli yon seri lòt fonksyon ki konbine ansanm pou nouri kawo a.
- Miltip fonksyon vyolans lan
- Fonksyon Politiko-ideolojik
Vyolans gang lan jwe yon fonksyon ideolojik enpòtan ke menm sa yo rele lagòch la an Ayiti pwan ladan. Li pèmèt maske prensipal koz vyolans lan nan sosyete a ki se sistèm eksplwatasyon ak eksklizyon ki blayi depi 200 zan sou majorite popilasyon an. Lit kont gang, vin ranplase lit de klas nan ajanda “revolisyonè” nou yo. Konsa li tou sèvi preteks pou jistifye tout konpwomisyon degrenngòch.
Opwen kolabore ak mesènè meriken pou sapata souverènte peyi a vin prezante tankou yon demach nòmal. Poutan li sifi w gade pwofil jenn gason ak jenn fanm kap soutni ou byen ki nan gang yo pou rann kont ; apa enjistis sosyal ki fè yo sibi yon vyolans estriktirèl, yo doub fwa viktim ankò. Dabò aktivite kriminèl yo tonbe ladan an ipoteke alafwa avni yo ak mounite yo. Pa gen pèsonn moun, apa kèk malad mantal, ki ta renmen mennen yon vi kriminèl, kote lap mache toutan nan kè sote ak sèkèy li anba bwal.
Yon lòt pa yo se prensipal sib vanjans popilasyon an ke yo ap matirize a ansanm ak vyolans represif leta a. An plis se yo menm ki kandida pou sakrifye lè mèt kawo a va deside yo pa itil li anyen ankò. Pandanstan kòmanditè yo nan leta a, nan oligachi a, ak entènasyonal la ap kontinye kale kò yo, bwè lajan yo alèz, epi tire fisèl pou maniganse tout move kou kont pèp la ak nasyon an.
Sou yon lòt plan, vyolans gang yo vin sèvi epouvantay pou maske dominasyon neyokolonyal gwo pisans yo sou Ayiti, kòm veritab kòz mizè ak ensekirite nan peyi a. Konsa enperyalis yo vin pi alèz nan swadizan wòl abit nan chire pit ant aysyen. Sa ki ba yo lawot men pou pwan desizyon yo vle konsènan sa kap pase nan peyi a. Menm dwa pou Aysyen sikile andedan ak andeyò peyi a konfiske selon bonvoulwa Zòt ki kenbe manèt ensekirite a. Sa pèmèt yo jwe ak lavi moun jan yo vle epi pase anba pye jan lide yo di yo souverènte peyi a.
- Fonksyon ekonomik
Nan nivo ekonomik, anplis kraze tout baz akimilasyon richès pwodiktif nan peyi a, vyolans lan gen pou pwensipal fonksyon livre richès nou bay konpayi transnasyonal san kondisyon. San konte gaspiye finans peyi a ki pa menm ka reponn ak yon minimòm akonpayman popilasyon an ki ozabwa, nan antreteni yon bidjè lagè ki pa menm soutni ak yon ekonomi nasyonal ki ka reponn ak sa. Lagè a vin fonksyone tankou yon anbago nou mete sou pwòp tèt nou pou anpeche nou envesti nan sa ki nesesè pou asire yon ale mye pou malere kap kwoupi anba mizè ak pèsekisyon. Peyi a pase nan yon sitiasyon depandans total pou rive nan yon eta endijans jeneral. Ekonomi kriminèl la vin sèl kòk chante, Ayiti tounen yon koulwa pou dwòg ak tout lòt trafik chanpwèl layite kò yo. Konsa sous vyolans lan vin ap debòde, kote tout kalte zak makawon nou pat janm konn wè vin ap ekzekite devan je tout moun.

2/4