HomeActualitéChemen Sovtaj Nasyonal la se Bati yon Lapè Dirab

Chemen Sovtaj Nasyonal la se Bati yon Lapè Dirab

Published on

Archives

CHEMEN SOVTAJ NASYONAL LA SE BATI YON LAPÈ DIRAB ! SA SA VLE DI ?

ALAPAPÒT

Ayiti, yon nasyon ki kale nan batay, yon peyi ki janbe lanfè lesklavaj pou l te vin premye repiblik nwa lib nan mond lan pandan nou kenbe Mounite nou byen wo. Listwa nou ekri ak san, swe ak sakrifis Zansèt nou yo. Yon kout lanbi, yon enspirasyon pou tout pèp sou latè k ap chache chemen Libète. Pou tout pèp k ap chache Mounite yo. 

Men jounen jodi a, yo taye yon bone lagè mete sou tèt nou k ap ravaje peyi a. Yon lagè chen manje chen nan sosyete a kote bal k ap bay lagè sa a jarèt pa fèt nan peyi d Ayiti, kote zam bandi ak sapat yo gen nan men yo pa fèt nan peyi d Ayiti. Zam ak bal sa yo travèse tout kalte dwann ak fontyè ki sou gwo siveyans pou tonbe nan men bandi san poblèm. Gang yo tounen yon zouti destriksyon ak lapèrèz yon men envizib ap telegide. 

Nan mitan mizèrere sa yo, nan maswife n ap monte pa do sa a, nou menm pèp Ayisyen, menm jan ak zansèt nou yo, n ap kole zèpòl ak zèpòl pou ranmase kouraj nou ak de men pou nou manifste Lapè. Nan kalfou pikan kwenna yo mete sou wout nou la a, Lapè se yon egzijans ekzistansèyl pou tout Ayisyen nan moman sila a.

Yon eritaj lit pou lapè ak libète

Eritaj Zansèt nou yo kite pou nou se pa t sèlman goumen pou libète fizik nou kont kidnapè esklavajis yo ; yo te goumen tou pou Lapè. Lapè ki te pèmèt nou bati yon sosyete, leve fanmi nou, ak devlope yon kilti rich. Lè Desalin te deklare endepandans nan lane 1804, Li pa t sèlman frennen ak deraye tren komès trafik moun sistèm esklavajis la, se te tou kòmansman souf vivan ak batman kè rèv pou nasyon an, pou planèt la kote moun ap viv anpè, kote chak grenn moun gen diyite Moun yo jan Bondye GranMèt la te kreye Moun. Zansèt nou yo te konnen san Lapè, san Libète se yon rèv vid ki pa kanpe sou anyen. Chak fwa yo pwan zam kont sistèm kraze zo sa a, se pou yo te ka jwenn Lapè ki te pèmèt yo viv jan GranMèt la vle a, lwen chenn esklavaj ak dominasyon. 

Ak sitirasyon jodi a, lenmi Zansèt nou yo fè nou rale yon bak jouk nou rive nan menm sitirasyon Zansèt nou yo te ye anvan yo te libere tèt yo. Men fwa sa a, lenmi an pa gen yon drapo ak inifòm ofisyèl. Li pa gen yon lame devan nou. Jodi a, lenmi an rete an maskay pandan lap manipile frè kont frè, sè kont sè, zanmi kont zanmi, vwazen kont vwazen. Lenmi an ap manifeste volonte l nan zam ak bal li pase bay gang ak sapat yo pou teworize ak simen divizyon nan peyi d Ayiti. Jouk koulye a, pèsonn pa ka di nou zam ak bal lagè sa yo ki kote yo sòti. Nou tout konnen, lè w voye lèt ou dwe mete adrès ou ak adrès moun k ap resevwa l la. Poutan, konntenè, bato, ak kamyon zam sa yo rantre Ayiti, pèsonn pa konnen ki moun ki voye yo, pèsonn pa konnen ki moun ki resevwa yo. Bal ak zam sa yo rive nan men gang ak sapat yo ki kontwole zòn enpòtan nan peyi a, espesyalman nan Pòtoprens ak zòn alantou yo. Zam gang ak sapat yo itilize pou teworize popilasyon an tankou AR-15, AK-47 koute milyon 20. 

Yo vle fè n konprann se gang ak sapat yo sèlman ki pwoblèm nan. Se egare entatad nèt pou n ta ye pou n ta pwan nan koze sa a. Poutan konfyolo a rive vire lòlòy gwo nèg save ki mache fè kwè depi w koupe ke l, koulèv la ap mouri. Se konsa yo vle vann nou yon lagè delivrans ke kòmanditè gang yo ta sipoze ede nou mennen. Menm founisè zam kap touye nou yo pwal founi nou zam pou defann tèt nou. Yon peyi kote 70% popilasyon an pa jwenn manje deside moute yon bidjè lagè.      

ENTWODIKSYON

  1. « Se pa lè bèf rive labatwa pou l konn entansyon mawoule»

Kote w rive a endike kote yo ta pwal ak ou.

Tout siy yo endike klè kou dlo kòk nou kite Zòt trennen nou nan pòk. Alèkile n ap mache pou rive nan tobout la, chak jou nou pwoche pi pre, soti nan mal tonbe nan pi mal, soti nan bandi legal tonbe nan teritwa pèdi, joustan yo enskri Ayiti nan kategori wololoy peyi kote teworis ap taye banda. Kidonk, kòm li pa ka atire envestisman, li louvri vant li pou zwazo bèk fè mete la pat sou zòn li bay gang netwaye pou li yo. Eske sa ta vle di nan moman KPT a dekrete lagè sivil la premye etap misyon ti mesye an sapat yo ta fini, se nan yon lòt faz nan plan jenosid la nou ta antre ? Paske lè l dako ak tit administrasyon Etazini bay gwoup tèt chaje ki rele « Viv Ansanm » nan, Leta ayisyen tou dakò l ap kouve nan nich li yon danje entènasyonal. Ki pi rèd, li rekonèt li pa ka fè anyen pou ekate danje sa a. Konsa baryè peyi a louvri de (2) batan bay nenpòt lame etranje debake jan yo vle sou teritwa zansèt yo kite pou nou an, sou pretèks yo vin kouri dèyè teworis ki menase lakay yo.

Yo di chimen lanfè ranpli ak bon lentansyon. Ayiti vin tounen yon founo dife kote menm pi bèl dispozisyon kapab vire lanvè. Kèk enpridan gen tan kouri aplodi mezi sa a, san yo pa menm mezire tout konsekans sa genyen sou plan ekonomik ak politik e sitou sou plan senbolik. Dapre yo, se bandi pye atè sa ta konsènen sèlman. Bandi sa yo se pye bwa ki kache gwo forè rakbwa ki plen rasin nan ekonomi kriminèl transnasyonal la. Jan gang ak zam mare sosis yo ak pouvwa a, èske Ayiti pa riske tonbe nan lis Leta k ap soutni teworis? Yo te konn rele l Leta zonbi, sa k te manke a sanble nou jwenn li : se tit Leta vwayou, Leta parya. Administrasyon Trump lan pa pèdi tan pou mete tout aysyen sou lis kanpe lwen pa pwoche apre yo fin mete yon blokis dous sou peyi a.

1/4

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Haiti in Crisis & Hope

Burkina Faso : pourquoi plusieurs ONG étrangères sont brusquement interdites d’exercer ? Le Burkina Faso...

En Bref

Yesterday marked the fourth anniversary of the assassination of President Jovenel Moïse, and a...