Plizyè asosyasyon fache kont desizyon pou yo ta fèmen kabinè mèt Caleb Jean Baptiste la.
Ayiti pwan nan konplo vre, pou tèt mèt Caleb ap denonse moun kap fè trafik ògan yo, moun ki nan kòripsyon, moun kap mache vòlè yo, men kounya baro a soti yon nòt ki pagen pou wè ak la lwa pou yo ta kanpel nan batay lap fè pou mas la.
Wi nou konnen unibank se gwo patron li ye men kou sa pap pase, dilè dwòg yo pap renmen mèt la, moun kipa vle peyi a chanje pap renmenl men tout sak sanble rasanble derespektan sa pap ka fèt devan je jèn gason ak jèn fanm nan geto a ki kwè nan gwo pwojè sila.
Asosyasyon madan Sara yo nan nòdwès di sise pat mèt Caleb kafe yo tap koule ak ma deja, kou sa pap pase, asosyasyon kiltivatè ba plato a sèmante 7 fwa 77 fwa ke konplo sa pap pase nan figi yo, asosyasyon kazèk nan Gran nò a di pou Jan mèt Caleb ap goumen batay la paka kanpe e yo voye yon piga bay moun ki kanpe anfas pwojè mèt Caleb la, asosyasyon pwofesè lekòl yo nan jeremi di sise pat mèt Caleb ki tap goumen pou yo lè konsa youn patap jwenn anyen ki donk yap kanpe goumen pou mèt la, asosyasyon etidyan yo nan jakmèl di wè pa wè mèt Caleb ap toujou triyonfe yo pap lage bay, yap goumen ak mèt la jis mayi mi, asosyasyon taksi moto nan okay di ti mari pap monte, ti mari pap desann, mèt lap rete la pou lavi,10 depatman kanpe ak mèt la eyo prè pou yo bay yon repons nan jou kap vini la yo.
Pou fini mèt la ap batay jis mayi mi, patizanl yo pap bay vag e yo solidè ak mèt la, konplo sa pap pase eyap goumen ak sistèm mafya sa jiskaske mas pèp la pote viktwa.
Prezidan Dominikèn Menase Anvayi Ayiti Si Gwoup Ame Rive Sou Fwontyè
Prezidan Repiblik Dominikèn nan, Luis Abinader, konfime entansyon li pou l anvayi Ayiti si gwoup ame deside travèse fwontyè peyi l yo. Deklarasyon sa a, ki te fèt ayè, 5 Jiyè, vini ak yon demann fòmèl bay Jeneral lame dominikèn nan pou prepare sòlda yo pou yon entèvansyon potansyèl.
Abinader ensiste li pap janm tounen sou desizyon sa a. Pou li, depi bandi yo rive nan zòn fwontyè a, envazyon Ayiti a ap fèt “osi vit ke posib”. Anplis, Prezidan Abinader fè konnen li deja depoze yon plent kont Ayiti devan Nasyonzini.
Brigad Vijilans nan Dèlma 32 sasinen polisye Timothée Junior, ayèswa jedi 3 Jiyè 2025.Polisye a te plonje nan altèkasyon ak yon militè brigadye, sitiyasyon an ta pral dejenere, blese ak bal li te al rann dènye souf li sou kabann lopital Lapè.
Timothée Junior te fè pati 26 pwomosyon @pnh_officiel la. Nan lannuit Samdi 21 pou leve dimanch 22 Jen 2025, polisye nan brigad Debisi te sasinen polisye Descorberth Arisnord, yon polisye BOID, 33 èm pwomosyon epi sere kadav li nan yon twalèt.
Gwo Pawol anpil ant Jounalis Guerrier Henri ak Rudy Sanon.
Yon echanj agresif e piblik ap mete de figi byen koni nan espas medyatik ayisyen an anfas youn lòt: jounalis Guerrier Henri ak aktivis sosyal Rudy Sanon. Kontwovès la te eklate sou rezo sosyal yo, kote chak aktè lanse akizasyon grav youn sou lòt, sou fon politik, etik ak enfliyans sou opinyon piblik.
Nan yon videyo ki lanse sou YouTube, Rudy Sanon mete Guerrier Henri sou selil, akize l kòm youn nan “gwo bouwo” ki sèvi ak mikwo pou defann enterè patikilye, espesyalman nan dosye ki gen rapò ak pwojè CPT a. Li mete aksan sou sa li rele “konplisite etik” ant jounalis la ak figi politik enpòtan.
Guerrier Henri, ki se yon jounalis ak animatè radyo respekte, pa t rete silansye. Nan yon lòt entèvansyon piblik, li demanti akizasyon yo, li di li toujou rete sou liy prensip li kòm yon moun k ap defann verite ak entegrite nan travay li. Li mete aksan sou vyolans verbal ak demach li konsidere kòm “demagojik” nan diskou Rudy Sanon.
Tansyon an rive nan yon pwen kote plizyè obsèvatè medya ap mande pou gen plis etik nan diskisyon piblik yo, e pou jounalis ak militan rete sou chimen respè e verifikasyon enfòmasyon.
Konfli sa a soulve kesyon fondamantal sou plas jounalis nan batay politik yo, endepandans laprès, epi relasyon ant opinyon piblik ak manipilasyon enfòmasyon sou rezo sosyal yo.
Reyaksyon piblik la rete divize. Gen moun ki sipòte kouraj Rudy Sanon pou denonse sa li konsidere kòm enjis, pandan lòt yo kwè atak li yo se yon tantativ pou mete laprès anba presyon.
Jiska prezan, okenn apèl pou medyasyon pa fèt, men obsèvatè yo swete konfli sa a vin tounen yon opòtinite pou reanalize wòl medya ak aktè sosyal nan bati yon demokrasi transparan.
Emmanuel Saintus