Kreyol

Archives

Kanapevè: popilasyon an mete dife sou plizyè nèg ak zam lapolis te arete
Popilasyon nan zòn Kanapevè mete dife sou plizyè jèn gason ki te ame anndan yon ti bis ki t ap
soti Petyonvil. Aksyon sa a pase, maten lendi 24 avril la, aprè lapolis te mete lapat sou machin sa
a ak tout endividi ki te ladan l yo. Popilasyon an pa t pèdi tan pou pran nèg sa yo nan men
polisye yo epi mete dife sou yo. Enfòmasyon fè konnen se 14 jèn gason ki ta pèdi lavi yo.
Pa gen detay sou ki kote nèg sa yo ta prale, men kèk moun nan popilasyon an rete kwè se
ranfò yo ta pral pote bay nèg ak zam nan Debussy ki anvayi zòn sa a, depi yè swa, epi ap simen
latwoublay nan mitan sitwayen yo. Devan je tout moun ki t ap gade, jèn gason sa yo pase anba
dife.
Aksyon sa a fè anpil moun kontan sou rezo a, kote yo di pa dwe gen prizon pou nèg ak
zam k ap panike popilasyon an. Se te lajwa ak kontantman, lè popilasyon an t ap mete dife sou
endividi sa yo, daprè sa yon rapòte jounal Haiti Progrès, ki te sou plas, konstate.
Plis pase 130 moun mouri nan vyolans gang an 10 jou
Plis pase 130 moun mouri nan vyolans gang, an 10 jou, nan Pòtoprens ak Kabarè (nò kapital la),
dapre bilan ki soti bò kote Nasyonzini ak òganizasyon dwa moun an Ayiti. Ant vandredi 14 pou
rive mèkredi 19 avril 2023, apeprè 70 moun, pami yo 18 fanm ak, pou pi piti, 2 timoun, mouri.
An plis, 40 lòt blese anba bal oswa katyapika, nan lese frape ki genyen ant gang ak zam yo, nan
Site Solèy, espesyalman nan katye Brooklyn, kote moun pa ka soti, akoz vyolans ak laterè gang
ak zam yo. Se kout rèl sa Biwo Òganizasyon Nasyon zini pou zafè imanitè, yo plis konnen sou
non Ocha, voye monte.
Yon lòt bò, anplis 8 moun, pami yo 3 ti bebe, ki mouri neye yo, genyen, pou pi piti, 50
moun ki pèdi lavi yo, nan lòt masak, gang ak zam yo sot al fè ankò, semenn pase a, nan lokalite
Sous Matla, 3zyèm seksyon kominal Kabarè, san lapolis pa t rive pote yo sekou. Se dènye chif ki
vin jwenn Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh).
Dènye masak, gang ak zam yo al fè ankò sou moun Sous Matla yo, dwe soulve kòlè ak
endiyasyon tout popilasyon peyi d Ayiti ki dwe ekzije demisyon gouvènman defakto a ki p ap
regle anyen ditou. Se dizon, òganis Gadyen dwa moun yo.
Se plizyè milye moun k ap kouri kite kote yo te rete yo, akoz laterè gang ak zam yo ap
simaye, nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, depi plizyè mwa, san lapolis pa rive frennen yo.
Depi lè kominote entènasyonal la fin mete Ariel Henry nan direksyon politik peyi d Ayiti
a, ak yon tweet, nan mwa jiyè 2021 an, gen plis moun k ap mouri nan plizyè masak, pase sou
reny Jovenel Moïse la, dapre obsèvasyon (RNDDH).
Manchèt nan men n ap defann tèt nou
Moun nan katye Pako pran manchèt pou kwape bandi yo ki repliye nan ravin lan apre atak yo
fini fè sou popilasyon an. Majorite wout yo nan zòn lan gen tan bloke pou bare bandi yo. Anpil
polisye ak sivil ki rete Kanapevè, Debisi, Tijo ak Kafou Fèy, pran zam pou yo fè fas ak atak la.
Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...
Exit mobile version