Kreyol

Published on

Archives

Endividi ak inifòm e ki kagoule atake Lise Mari Jàn ak Lise Jèn Fi pou yo fèmen pòt yo
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl denonse atak endividi ki pote inifòm
ak kagoul fè sou Lise Mari Jàn ak Lise Jèn Fi, pou fòse yo fèmen pòt yo. Ministè Edikasyon
Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), nan yon nòt li rann piblik, denonse epi fè
konnen li kondane atak endividi sa yo fè, lendi 13 mas la, sou 2 lise nan kapital la, ki se Lise
Mari Jàn ak Lise Jèn Fi. Gwoup moun sa yo, genyen ladan yo ki te pote inifòm lise, brasa nan
men yo epi ki te kagoule. Yo kraze baryè, vit machin ki te sou lakou lekòl sa yo, desann drapo
epi menase pou fèmen 2 lekòl sa yo.
«Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyònèl (MENFP) denonse aksyon
plizyè endividi malonèt fè devan ak nan lakou Lise Jèn Fi ak Lise Mari Jàn, nan Pòtoprens,
pou twouble fonksyonman lekòl sa yo, jodi lendi 13 mas 2023 a», se konsa Ministè a te reyaji
pou montre mekontantman l ak sa ki pase a.
Pi lwen anndan nòt sa a, Ministè a fè konnen se gras ak entèvansyon lapolis ki fè pa t
rive gen plis dega, pandan l te tou pwofite dekri kategori endividi sa yo ki komèt aksyon sa
yo. «Pami endividi sa yo, genyen ki te pote inifòm lise, ak lòt ki te gen kagoul nan tèt yo ak
brasa nan men yo. Yo kraze baryè, kraze vit plizyè machin, desann drapo e fè menas pou yo
ka fèmen 2 lise sa yo.»
Otorite Ministè yo mande tout aktè, tout patnè ak tout sitwayen pou yo kontinye mete
men pou defann dwa pou lavi ak dwa pou ledikasyon timoun yo, e pwoteje lekòl.
N ap raple yon gwo reyinyon te fèt semèn pase a ant Ministè Jistis ak Sekirite Piblik
ak Ministè Edikasyon Nasyonal pou wè pa ki mwayen yo ka sove ane lekòl la, fas ak kriz
sekiritè a ki ap annwiye bon dewoulman ane lekòl la, kote anpil etablisman pa ka fonksyone.
Genyen ki kontinye kou yo an liy, anpil lòt oblije fèmen oubyen timoun yo pa mete pye, sitou
nan zòn ki pi ekspoze ak afwontman gang ak gang, oubyen lapolis fas ak bandi.
Abelson Gros-Nègre demanti responsable ED’H yo
Nan yon konferans pou laprès li te bay jou vandredi 10 mas 2023 a, ansyen polisye Abelson
Gros-Nègre denonse ak tout fòs li nòt ED’H te fè soti, jou ki te 7 mas 2023 a, ki ta fè kwè ke
bandi ak gwo zam te atake, sakaje sou-estasyon enstitisyon an ki tabli kò l nan Kafou Fèy
(Blòok SAYE), epi bat anplwaye ki t ap travay nan espas la. Ansyen pòt pawol SPNH-17 la ki
pa t montre enpòtans ke sou-estasyon sa genyen pou peyi a, espesyalman pou katye Kafou
Fèy, akize ED’H k ap frajilize zòn lan epi fè preparasyon lopinyon pou fasilite bandi anvayi
tout bon vre Kafou Fèy, tankou sa rive fèt nan plizyè lòt katye nan kapital la.
Laurent Lamothe ap pale
Laurent Salvador Lamothe di li koupe fache ak ansyen Prezidan Martelly paske l fè silans sou
asasina Jovenel Moïse. Ansyen premye minis Lamothe pwofite anonse ke li pa kandida pou
okenn pòs an Ayiti ankò. Li di tou se pou Ariel Henry te ka premye minis ki fè Jovenel Moïse
te pran yon dekrè pou te bay yon ekip moun dechaj, se pa pou li Jovenel te fè sa. Laurent
Lamothe te yon envite nan emisyon «Le Rendez-Vous» avèk Assad Volcy, vandredi 10 mas
la.
Emmanuel Saintus

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...