HomeDroitKreyol

Kreyol

Published on

Archives

Panik pi rèd, nan kò nou
Tansyon an ogmante anpil, dimanch 5 mas la, nan apremidi pou rive nan aswè, nan plizyè
katye anba lavil Pòtoprens lan. Depi yon semenn, popilasyon yo pa gen souf ditou, anba kout
zam k ap chante yo. Temwayaj, ki vin jwenn Journal Haiti Progrès, fè konnen sitiyasyon an
vin pi konplike nan Dèlma 24, Nazon, Solino ak Ti Cheri. Tout moun se kouche plat atè.
Yon abitan nan zòn lan pataje ak nou sa l ap viv. Se gwo detonasyon yo tande san rete,
nan tout direksyon. Nan sitiyasyon sa a, fanmi, ki rete sou plas toujou, blije fè tout moun
kouche plat atè, epi abrite yo pou yo pa viktim. Yon abitan nan zòn Ba Dèlma fè nou konnen,
nan moman li t ap antre lakay li, anvan 7tè diswa, anba kout zam, li rankontre anpil moun ki
blije kouri kite kay yo ankò. Se yon egzòd ki pa kanpe depi yon semenn. Otorite yo toujou fè
silans anfas sitiyasyon vyolans, tansyon sa a, k ap agrave kriz imanitè a.
Ralph Théodore, aka Sexi l’artiste, mouri blòk Avni Poupla
Ralph Théodore, anpil moun konnen sou non «Sexi l’artiste», mouri vandredi 3 mas la, nan
zòn Avni Poupla, blòk Nazon. Selon enfòmasyon ki rive jwenn Journal Haïti Progrès, se tire
yo tire li. Toutfwa, poko gen twòp detay sou moun ki ta komèt aksyon sa a, sou komedyen an.
Gen enfòmasyon ki menm lèse kwè se nan blòk la li t ap viv. Depi 3 jou, lagè ki deklannche
ant gwoup ame nan nivo Bèlè, Ba Dèlma, lakoz anpil moun sou Fò Nasyonal, Solino, Nazon
ak kèk zòn ki anviwonnen yo, kite kay yo, akoz pil tire sa a yo.
N ap raple, Sexi l’artiste, te akize pa joun alis Theriel Thelus , kòmkwa li ta fè pati
gwoup gang 5 Segond nan Vilaj-de-Dye. Se yon enfòmasyon konsène a te demanti epi li te
pibliye yon tèks nan jounal Le Nouvelliste sou koze sa. Depi lè sa, okenn moun pa t janm
tande komedyen an ni konnen kisa l ap regle, jiskaske nouvèl lanmò l fè sifas, jou vandredi 3
mas 2023 a, sou tout rezo sosyal yo.
Kreyasyon yon nouvo sendika pou defann Ariel Henry
«Faisceau de Défense de l’Accord du 21 décembre»: se non yon nouvo estrikti sendikal ki
pran nesans jounen vandredi 3 mas 2023 a, nan lide pou defann Akò 21 desanm lan, nan tout
entegralite li, selon yo, epi rive jwenn bonjan solisyon pou eleksyon rive fèt nan peyi a, dapre
sa doktè Harrisson Ernest, Réginald Gédéon ak Lucienne Justiné esplike.
Yon lot bò, Oganizasyon Fòs Militan Radikal Chanmas ak plizyè lòt òganizasyon nan
Sosyete Sivil la, mande PM Ariel Henry ak tout Manm HCT yo (Konsey Tranzisyon) pou yo
aplike «Akò 21 desanm» lan nan tout fòm li. Pi lwen, Pierre Ronald mande entegrasyon jèn
yo nan zafè entèn peyi a.
Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...