HomeDroitKreyol

Kreyol

Archives

Ansyen Premye Minis Gérard Latortue ale
Ansyen Premye Minis Gérard Latortue mouri nan rezidans prive li, nan peyi Etazini, jou lendi
27 fevriye 2023, a 89 lane. Se yon pwòch li, jounalis Péguy Jean, ki konfime nouvèl lanmò a.
Arestasyon Bèt nan dlo ak Piman chen
Komisè Muscadin kontinye ap frape. Li arete Bèt nan Dlo ak Piman Chen, se non 2 bandi sa
yo ke komisè Muscadin mare tankou krab, lè bandi sa yo t ap eseye travèse depatman pa li a
kise Nip.
AMOBIC ap aji
Asosiyasyon Motosiklis pou byennèt Kominote a (AMOBIC) distribiye plizyè jilè ak badj bay
plizyè chofè moto ki nan estasyon Djumbala a, nan komin Petyon Vil, vandredi 24 fevriye
2023, yon mannyè pou gen plis kontwòl sou chofè moto epi rive idantifye tip vit.
Zak kidnapin 29 fevriye a, nou p ap bliye l
Ansanm Oganizasyon politik Pro-fanmi Lavalas anonse yon jounen refleksyon ak tout
patizan, senpatizan Fanmi Lavalas yo, jou kap 28 fevriye 2023, pou raple lemond ke yo pa
bliye kidnaping ki te fèt sou ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, jou 29 fevriye 2004 la.
Pi lwen, kòdonatris estrikti a deklare ke eleksyon poko posib nan peyi a, paske fòk gen yon
netwayaj ki dwe fèt sou tout plan nan sosyete a.
4 moun mouri anba bal, nan Ba Plato Santral
Dimanch 12 fevriye 2023 a, gang ak zam kidnape 3 fidèl premye legliz batis Pòtoprens lan,
douvan paking legliz la. Nan lannwit dimanch 12 pou antre lendi 13 fevriye 2023 a, 4 moun,
pami yo yon fanm, mouri, nan Sarazen, Mibalè, Ba Plato Santral, nan boukantay kout zam ak
lapolis, ki rive pran yon fizi Ar15, sou 2 zam li sezi.
Yon lòt bò, Lapolis Nasyonal d Ayiti fè konnen li toujou ap rapousuiv operasyon, li
tanmen depi dimanch 5 fevriye 2023 a, kont gang ak zam Vitelhomme Innocent yo, nan
Pènye ak Tòsèl, nan lès Pòtoprens.
SOS Jounalis ap denonse
Òganizasyon SOS Jounalis leve lavwa kont sa l konsidere tankou yon kanpay pèsekisyon, kèk
otorite politik ak lajistis ta deside fè kont yon seri travayè laprès, akoz enfòmasyon oswa
kòmantè yo ta fè sou divès kozman, nan kad ekzèsis metye a.
Raketè ap frape toupatou
Gen yon ekip raketè, k ap eseye pran lajan nan men natif natal Ayisyen, swadizan pou yo ta
ba yo sipò, pou yo ta enskri nan nouvo pwogram Joe Biden lan k ap akeyi plizyè migran nan 4
peyi (Ayiti, Kiba, Nikaragwa ak Venezyela), dapre temwayaj televizyon ABC News ranmase.
Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...
Exit mobile version