HomeDroitKreyol

Kreyol

Published on

Archives

Otrichyen an, Volker Turk, ap plenyen
Otorite Leta yo pa pran okenn dispozisyon konsekan pou kwape degenn gang ak zam yo, sou teritwa
nasyonal la. Kominote entènasyonal la dwe gade an ijans kouman sitiyasyon dwa moun yo ap depafini
rèd mare nan peyi d Ayiti. Se kout rèl wo komisè dwa moun nan Òganizasyon Nasyon Zini yo,
Otrichyen an, Volker Turk, voye byen fò, apre 3 jou vizit li fè nan peyi d Ayiti. Lapolis nasyonal la
bezwen jwenn yon sipò entènasyonal tousuit, ki byen chita, pou ranfòse kapasite l, pou asire sekirite
kòmsadwa, ki koresponn ak dwa fondamantal moun. Se sa Volker Turk swete, nan finisman yon vizit
3 jou nan peyi d Ayiti.
Ansasinay sou Alfred Fedins, 10 zan
Ministè Edikasyon nasyonal kontinye leve lavwa kont kò ansasinay anba bal, bandi ak zam Gran Grif
nan Savyen yo fè, madi 7 fevriye 2023 a, sou yon elèv 4 triyèm ane fondamantal, Alfred Fedins, 10
zan, ki te nan sal klas li, nan komin Lyankou, Ba Latibonit.
Ansasinay nan Delma
Bandi yo pa sispann touye kretyen vivan an Ayiti. Se konsa, jou vandredi 10 fevriye 2023 a, yon
moun mouri ak plizyè lòt blese, lè gang ak zam t ap eseye kidnape 2 moun, ki te nan yon machin, nan
Dèlma 33.
Sant Gheskio kanpe travay
Apati vandredi 10 fevriye 2023 a, Sant Gheskio deside kanpe tout aktivite l yo, pou pwoteste kont zak
kidnaping, bandi ak zam fè sou youn nan responsab li yo, doktè Carine Sévère, jedi swa, 9 fevriye
2023 a.
Gouvènman peyi Etazini an pa rive pran sanksyon, nan menm nivo ak gouvènman peyi Kanada
Paske yo pa gen menm kantite byen, jan yo genyen nan Kanada, gouvènman peyi Etazini an pa rive
pran sanksyon, nan menm nivo ak gouvènman peyi Kanada a, kont gwo biznismann Gilbert Bigio ak
Sherif Abdallah, ki te met kanpe apeprè 20 biznis nan yon seri peyi, kote yo p ap peye taks. Se dizon
ki soti, nan yon ti pale, jounal Haïti Progrès fè ak ekonomis e espesyalis nan politik, Joseph Harold
Pierre.
Dwe gen bon jan pase men nan ekonomi peyi d Ayiti
Dwe gen bon jan pase men nan ekonomi peyi d Ayiti a, pou met bout nan pakèt kriz k ap layite, depi
apre 7 fevriye 1986 la, lè diktati Divalye yo te tonbe a. Se rezilta yon sondaj Obsèvatwa sitwayen pou
bay demokrasi a jarèt (OCID) te fè, ant finisman mwa novanm ak koumansman mwa desanm 2022, ki
sot pase a.
Se avètisman, Fondasyon Zile
Dwe gen bon jan dipozisyon pou evite raketè mafya antre, nan jou sa yo, sou fwontyè Wanament ak
Dajabon lan, pou ta vin fè paspò ayisyen, yon fason pou ta pwofite pwogram Joe Biden lan, k ap akeyi
migran 4 peyi yo (Ayiti, Kiba, Nikaragwwa ak Venezyela). Se avètisman, Fondasyon Zile a, k ap
ankouraje bon jan relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.
Ayisyen kontinye pran kanntè malgre pwogram Biden lan
Jedi 9 fevriye 2023 a, gadkòt peyi Etazini arete sou lanmè, bò kòt Leta Florid la, plis pase 100 migran
(timoun, fanm ak gason) natif natal Ayisyen, ki te sou yon ti bato, ki t ap eseye antre sou teritwa
ameriken an.
Yon lotbò, jedi 9 fevriye 2023 a, ministè ki anchaje zafè migrasyon nan gouvènman zile Turk
and Caicos la (Zil Tik) avèti l ap pimpe nan peyi d Ayiti, tout migran ayisyen san papye sou teritwa
zile a, otan l ap pran dispozisyon kont tout sila yo ki ta ba yo travay, kay pou rete, pou ta pèmèt yo
rive bò kòt Florid yo.

Sèlman pou mwa janvye 2023 a, otorite Repiblik Dominikèn yo pimpe nan peyi d Ayiti, plis
pase 14 mil migran natif natal Asyisyen, dapre platfòm Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo
(GARR).
Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...