Kreyol

Archives

Viv ou lanmò

Viv ou lanmò, se deklarasyon divès militan politik ki regwoupe yo nan yon nouvo estrikti ki pote non «Opozisyon Popilè». Militan sa yo anonse batay la, pou dechouke doktè Ariel Henry ak akolit li yo sou pouvwa a, ap reprann nan 4 kwen peyi a, apati lendi 6 fevriye 2023. Abraham Steeve ak Duclair Sammuel, se non 2 militan ki te pale ak Journal Haïti Progrès, nan yon rankont ki te fèt sou Chanmas la, madi 31 janvye 2023. Dirijan mouvman Opozisyon Popilè yo anonse gwo leve kanpe, nan jou k ap vini yo, kont gouvènman Ariel Henry ak alye l yo, yon mannyè pou dechouke PM Ariel ki konprann li se wa nan peyi a.

Pi lwen, dirijan yo mande popilasyon ayisyèn lan pou li pran desten li an men, pou li rive soti nan sitiyasyon malouk li ye jounen jodi a.

Fednèl Monchéry ap pale sou moun toujou

Fednèl Monchéry kontinye ap mande DCPJ (Direction Centrale de la Police Judiciaire) avanse prese prese ak ankèt sou gang 4×4 li di ki gen nan tèt li sekretè jeneral RNDDH la (Reseau National Défense Droits Humains), Pierre Espérance, epi voye li jije, jan la lwa mande sa. N ap raple ke mesye sa ki rele Fednèl Monchéry a, gen non li ki site byen fon nan plizyè rapò ankèt ki te fèt sou masak nan katye Popilè Lasalin, lè Fednèl Monchéry te direktè nan ministè Lenteryè. Misye gen yon manda dèye li, men l ap sikile lib e libè toujou.

Frantz ap fè chantay

DG a. i. Lapolis Nasyonal la, Frantz Elbé, vizite polisye nan komisarya Petyon-Vil, jou dimanch 29 janvye 2023 a. Nan okazyon sa a, kòmandan an chef lapolis la rann yon dènye omaj ak 4 polisye ki te viktim anba bal bandi ame nan baz chèf gang Vitelòm, jounen 21 janvye 2023, nan Metivye, komin Petyon-Vil.

N ap raple, anviwon 72 zè aprè Wo kòmandman PNH (Polis Nasyonal Dayiti) la te fin anonse operasyon «Tònad 1», nan lide pou demantle rezo gang yo nan peyi a, baz gang ame Vitelòm la kraze rapyetè sou-komisarya Pènye a, nan komin Petyon-Vil, nan lannwit samdi 28 janvye 2023.

Ensekirite: pozisyon Eta Majò Fòs Lame Dayiti

Wo Eta Majò Fòs Lame Dayiti a, non yon nòt ki date 31 janvye 2023, di li kondane asasinay 6 vanyan polisye, sou tèren batay ak bandi ame nan depatman Latibonit, mèkredi 25 janvye 2023. FAD’H di li ankouraje otorite responsab yo an Ayiti, mete bonjan mwayen nesesè a dispozisyon Lapolis la, pou kontrekare zak bandi yo.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

Finally, an accord has been reached for the creation of the transitional government that...

Togo : l’ombre de l’intimidation plane sur l’opposition

Au Togo, plusieurs membres de l’opposition ont été interpellés et gardés à vue. Le...

La conjecture d’Haïti.

L’institut de mathématique Clay a retenu sept défis mathématiques réputés insurmontables et offre un...
Exit mobile version