Kreyol

Archives

Baz gang Vithelome kraze soukomisarya Pènye a rapyetè

Anviwon 72zè aprè Wo kòmandman PNH la anonse «Operasyon Tònad», nan lide pou demantle rezo gang yo nan peyi a, gang Vitelhomme kraze rapyetè soukomisarya Pènye a, nan Komin PetyonVil, nan lannwit samdi 28 janvye 2023 a.

Reyaksyon Pati politik «ROCH» sou asasinay polisye yo

Dirijan pati politik «ROCH», kondane, ak tout fòs yo, zak asasinay bandi ame fè sou plizyè polisye, nan denye jou sa yo an Ayiti. Responsab nan tèt pati a, ki se Evens Toussaint, deklare seri zak sa yo montre, ankò yon lòt fwa, pwisans nèg ak zam yo pa prè pou frennen machin lanmò y ap kouri ak tout boulin lan.

Polisye yo ankòlè

Plizyè gwoup polisye manifeste nan kapital la, Potoprens, ak nan vil Gonayiv, nan depatman Latibonit, aprè gwo zak asasinay k ap fèt sou polisye nan divès kwen nan peyi DAyiti.

Jedi 26 janvye 2023 a, plizyè polisye ankòlè te bloke anpil wout nan Potoprens, pou montre kòlè yo, aprè zak asasinay bandi nan Savyen, patikilyèmam nan Komin Liancourt, fè sou 6 polisye parèy yo. Pami gwoup polisye sa yo, ki te nan lari, ki t ap manifeste kòlè yo, gen youn nan yo ki te fè tantativ pou antre nan rezidans P. M defakto Ariel Henry, sou Boudon. Se yon tantativ ki te echwe apre yo te pran direksyon Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, kote yo te ale rankontre Ariel ki te kouri lage pye l, aprè anpil monte desann ak ajan sekirite l yo, pou li te jwenn yon kote pou soti pou sove kò l.

Wo Etat Majò Lame a kondane asasinay polisye yo

Wo Etat Majò Lame DAyiti deplore epi kondane asasinay 6 vanyan polisye sou teren batay ak bandi ame, nan depatman Latibonit, mèkredi 25 janvye 2023. FADH la ankouraje otorite responsab yo an Ayiti, mete bonjan mwayen nesesè a dispozisyon PNH la, pou kontrekare zak bandi yo.

Stevenson Bazelaire

«Mil pa Distans zewo»

«Mil pa Distans zewo», se yon lòsyè rèl k ap jwe marèl anba bèk plim Wilkens Scott Fifi ak Jean Grégory Floriyo

«Mil pa Distans zewo», se yon seri pwezi kreyòl lib, tabou nan 113 paj. Yon rekèy powèm ki rantre nan dyalòg 2 powèt sou menm dimansyon, poutan ki p ap viv nan menm lakou. Pwezi fraktisid, tris k ap pentire yon sosyete dechire, yon panorama dezespwa. Anplis, «Mil pa Distans Zewo» ekri tout doulè ak kalamite peyi DAyiti ap ekspoze chak jou ki jou. Li pwojte tout fistrasyon ak endiyasyon 2 otè yo sou angwas peyi yo ap konnen.

«Kapitalis chodpis

pwennfèpa tout tivis

tèt vis nou fware

nan konsè katouch

tèt vil la pa la

kalamite se refren

en dous en cho

dola pa dòlote goud

nan pwen akolad

Franklen ak Ipolit dozado

souri wòz se fa sou tèt dyòl poupe

se nan zo kòt grandèt zanfan isit

M aprann detèmine andirans lamizè

figi bisantnè nwaye nan mekòp sa pa ra…»

@GREGPHILE

Zo sanble tout kalite kalamite grenn bal

Ap tire pasi-pala sou tèt pèp la

Mizè n kale bandi pòtre tritri

Lanmò n kri san kri inosan

Gade gwo grenn diri enpòte k donnen nan

katye popilè

Koripsyon yon laman anpwazonen

Nan de bò degouden

Nanpwen lwil pou limen mèch lavi

Leta menm dekapite

Tout branch li debwaze

Bandi ap ratibwaze malere ap pandye nan

bwafouye

Sèl lanmè k konn sekrè peyi san chapo

Mezanmi zo, èske w te konnen

Mizèrere soufrans ak malsite

Se pi gwo diplòm Ayisyen posede

Nou pran doktora nan pwodwi negativite

Mond lan aplodi

@Wilkens

Wilkens Scott Fifi, powèt, jiris epi manm plizyè antite kiltirèl ak literè k ap viv kay Tonton Sam depi 2017, pibliye déjà, nan lane 2020: «Kole Bri». Fwa sa, li pral rann piblik «Mil pa Distans zewo», nan kole tèt ak plim Jean Grégory Floriyo, alyas Gregphile, yon kontab k ap konte mo ak «Mots ailés, jeux mots-dit», ki piblik, nan lane 2022.

Gras ak maji teknoloji a, Scott, k ap viv andeyò peyi l, rive konnen epi konprann prèske tout sa k ap pase lakay li. Toutfwa, si l ap viv nan peyi etranje, santiman l pa diferan de Gregphile ki rezide an Ayiti, nan nannan reyalite a. Atravè zèv sila a, powèt yo ta envite tout lektè avize rive konprann nan ki nivo katchouboumbe Premye Repiblik Nwa a tonbe. Matlo sa yo rive fè pòtrè mizè ak ensètitid yon popilasyon ki pa janm sispann bouske lavi miyò, anba je neglijans Leta santral la.

Prefase sou chantaj Akademisyen Guy Gérald Menard, mete ak lobedyans «Edition Jacques Trouillot», zèv sa a pwouve atachman chak Ayisyen k ap viv lòtbò baryè ak tè natif natal yo, kanta pou pweziyis k ap viv lòtbò dlo, pote Ayiti nan kè yo, pote doulè yo nan nanm yo.

Nan sans sa a, Wilkens ak Gregphile pwente plim yo sou tout anmoure bèl plim ak bèl lèt, Ayisyen sou tout latè, pou akeyi pwezi «Mil pat» sa a, nan lane 2023 a.

Stevenson Bazelaire

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...
Exit mobile version