Kreyol

Published on

Archives

3 bandi nan gang Ti Makak, mouri

3 bandi mouri, 3 polisye blese, yon fizi otomatik ak 4 veyikil sezi, aprè lapolis fin dejwe yon tantativ kidnapin nan Tomasen, komin Petyonvil. Lapolis nasyonal Dayiti, nan yon nòt li mete deyò, enfòme li dejwe yon tantativ kidnapin ki t ap pare pou fèt, jou madi 3 janvye 2023 a, nan Tomasen 32, komin Petyonvil. Pandan operasyon sa a, fòs lòd yo rekipere yon fizi, 3 machin ak yon motosiklèt. 3 bandi nan gang ti Makak bwè dlo bouch yo, nan echanj kout zam ak lapolis. Gen twa ajan ki soti blese nan mitan polis la.

«Bilan: gen 3 bandi ki fè pati gang Ti Makak ki mòtèlman blese nan echanj kout zam avèk lapolis; 3 polisye blese; lapolis rekipere yon fizi otomatik, 4 veyikil, ladan yo: yon motosiklèt”, se sa nòt PNH la rapòte.

Nòt la garanti Polis la detèmine pou ranfòse patwouy ak woutin k ap fèt nan lari a, pou anpeche bandi kontinye teworize popilasyon an, pandan l souliyen fòs lòd yo ap kanpe an kwa pou kontrekare zak bandi yo nan Kwadèboukè, Dèlma, Petyonvil elatriye. Enstitisyon Polis la di l konte sou kolaborasyon popilasyon an, pou li kontinye gwo konba sa a pou ane 2023 a, jan sa te ye ane pase.

Senatè Joseph Lambert blese anba bal bandi 

Bandi ak gwo zam manke touye senatè Joseph Lambert, jou dimanch 8 janvye 2023 a, ak bal, pandan li ta prale nan Palman an ki twouve li nan Bisantnè. Pou kounye a, senatè Joseph Lambert kite lopital kote li t ap pran swen, paske eta sante li pa t twò grav pase sa, men li riske gen gwo domaj nan grenn je goch li, akoz ekla vit machin ki ta frape nan je a, apre bandi yo te louvri kout zam sou machin li te ye a.

Direktè konpayi DIGNITE a ap fè cho

Direktè konpayi DIGNITE a, Pierre Richard Félicin, te vizite, lendi 9 janvye 2023 a, travay anplwaye yo (Chann-Mas) kise youn nan pwen transpò eskolè yo. Responsab la, fè konnen DIGNITE ap travay ansanm ak ministè Finans, nan lide pou rann sèvis transpò a aksesib nan vil pwovens yo.

DCPJ mare tankou krab Ronelson Saint-Louis

Ronelson Saint-Louis, se yon kriminèl ki te touye madanm li. Apre sa, li ale nan mawon nan Repiblik Dominikèn. Apre plizyè mwa misye fè nan mawon, DCPJ arete Ronelson Saint-Louis nan zòn Klèsin, jou vandredi 6 janvye 2023 a. Endividi sa a te gen yon manda damne kont li, depi 21 mas 2022, kòm moun ki te ansasinen madanm li, ki se Ruchama Thélémaque, epi t al kache Sedomeng, apre zak sa a.

Patrick Petit-Homme alyas «Ti Je», anba kòd

Bandi sa a espesyalize li nan brakaj, volè afè moun, kidnapin. Non li se Patrick Petit-Homme, alyas «Ti Je». Lapolis Nasyoanl konfime arastasyon Ti Je nan komin Mibalè (depatman Sant). Endividi sa a, ki se moun Mibalè, li gen 28 lane. Li te espesyalize li nan zak brakaj, kidnapin sou Wout Nasyonal # 3, dapre sa fòs lòd yo deklare. Anpil moun nan popilasyon an te deja depoze plent lajistis kont Ti Je.

Solidarite ak pèp Pewou ki mobilize pou egzije liberasyon Pedro Castillo

Nan non tout pèp ayisyen, nan non enstitisyon, òganizasyon ak pati politik lagoch ki manm KOPASP, kòdinasyon an salye mas pèp Pewou a, òganizasyon ak pati politik nan peyi Pewou ki mobilize kont koudeta, lame ak kongrè a fè kont prezidan Pedro Castillo. Nan yon demach solidarite ak pèp Pewou a, Kolektif Oganizasyon Pwogresis Ayisyen Pou Solidarite ak Lòt Pèp (KOPASP) denonse klas dominant Pewou yo ak kominote enperyalis la, espesyalman gouvènman ameriken ki dèyè koudeta kont prezidan Pedro a. Nou deja konnen enperyalis la pa vle wè okenn gouvènman k ap travay pou defann enterè peyi l ak enterè pèp li. Sa ki pase nan peyi Pewou a fè nou sonje koudeta lame d Ayiti, boujwazi ayisyen ak enperyalis yo te fè an Ayiti, 30 septanm 1991. Pandan 3 lane, poutchis yo te touye anviwon 5 mil moun. Plizyè dizèn lòt moun te disparèt. Mete sou sa, gen plizyè milye lòt moun ki te oblije ale nan egzil. OIM1 te pèmèt plizyè milye militan kite peyi a pou kase ren mouvman popilè a nèt, pou fè wout pou plan neyoliberal la pase ak plis vitès. Malgre sa, Pèp Ayisyen an te mobilize pandan 3 lane kont represyon, ansasinay ak kont vyolasyon sou dwa moun. Malerezman, 19 septanm 1994, se yon fòs okipasyon ki te debake sou bout tè Papa Desalin lan, pou swadizan mennen demokrasi retounen.

Nou ka raple, koudeta lame, palman ak klas dominant yo fè kont Manuel Zelaya nan Honduras, nan lane 2009, koudeta kont gouvènman Evo Morales la, nan peyi Bolivi, nan lane 2019. Tantativ koudeta, tantativ ansaninay kont prezidan Nicolas Maduro ak anbago kont peyi Venezyela, san nou pa bliye ka anblematik peyi Kiba ki anba yon anbago gouvènman Etazini depi 62 lane.

Enperyalis yo toujou bezwen gouvènman restavèk pou defann pwòp enterè pa yo. Nou wè kouman peyi enperyalis yo ap apiye gouvènman defakto, kowonpi ak kriminèl PHTK 3zyèm vèsyon, Ariel Henry a, ke Fizyon Sosyal Demokrat yo, INITE, Sektè Demokratik Popilè ak alye yo ap dirije a. N ap swiv plizyè eksperyans kote lagoch rive sou pouvwa nan eleksyon boujwa yo, men nou pa gen okenn kontwòl sou pouvwa a, sa vledi nou pa gen pouvwa. Depi enperyalis la wè li pa ka gen kontwòl moun ki sou pouvwa a, li bay koudeta, li reprann pouvwa l. Lagoch revolisyonè a dwe tire leson sou baz eksperyans sa a yo, yon fason pou n defini nouvo estrateji pou pran Organisation Internationale pour la Migration (an franse) ki nan men pouvwa a, kontwole pouvwa a epi konsolide pouvwa a, nan enterè mas pèp la, nan enterè peyi a.

Nan non yon kenzèn òganizasyon, enstitisyon ak pati politik lagoch ki fè pati KOPASP, ki pote solidarite l bay pèp Pewou a, bay òganizasyon ak pati politik lagoch nan peyi Pewou, nou mande:

1. Liberasyon prese prese prezidan Pedro Castillo, pou l retounen vin kontinye manda pèp la te ba li nan eleksyon 28 jiyè 2021 yo;

2. Kraze kongrè poutchis la, jan pèp la ap mande sa, nan tout mobilizasyon y ap fè nan peyi a, depi aprè koudeta a;

3. Pou pèp la kontinye manifeste pou egzije liberasyon Pedro Castillo ak kraze kongrè a; KOPASP apiye tout fòm mobilizasyon ak aksyon pèp la ak òganizasyon ak pati politik lagoch nan peyi Pewou ap fè pou jwenn liberasyon prezidan Pedro Castillo ak retou li sou pouvwa a.

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...