HomeInsécurité & BanditismeEnsekirite ap kontinye, san pwoblèm

Ensekirite ap kontinye, san pwoblèm

Published on

Archives

Anpil moun kontinye denonse konpòtman otorite yo, ki pa janm pran ankenn dispozisyon pou asire sekirite popilasyon ayisyèn lan, k ap sibi zak laterè bandi ak zam yo, sou teritwa nasyonal la. Ant vandredi 9 pou rive dimanch 11 desanm 2022 an, bandi ak zam, simen latwoublay, nan plizyè zòn nan peyi a, tankou nan Pòtoprens ak nan kèk vil pwovens.

Nan samdi 10 desanm 2022, byen bonè nan maten, bandi ame kidnape pwopriyetè yon gwo depo ki vann pwodwi lamanjay nan ri Kapwa a. Sitiyasyon sa a te soulve kòlè moun nan zòn lan, ki te pran lari pou ekzije liberasyon san kondisyon responsab sa a.

Nadège Joseph, yon polisyè, mouri ansasinen nan Taba

Moun ame, yo pa rive idantifye, ki t ap sikile sou moto, tire dimanch swa yon polisyè nan 30yèm pwomosyon PNH la, ki rele Nadège Joseph, nan Clercine, komin Tabarre. Pandan atak sa a, mari l, Johnny Bellume, ki soti nan 27yèm pwomosyon an, te blese ak bal, e l ap resevwa swen nan yon lopital, dapre Polis Nasyonal dAyiti (PNH). Polisyè a, Nadège Joseph, ki baze nan vil Okap, te rantre nan Pòtoprens pou vinn regle kèk dosye administratif nan nivo Direksyon Jeneral Polis Nasyonal. Li te mouri sou plas aprè atak bandi yo. Nadège Joseph, se tisè pwofesè, sosyològ Antoine Augustin, yon dirijan nan batay politik pèp ayisyen e aktyèl manm «Inisyativ Patryot Maryen» (IPAM). Kondoleyans pou fanmi Polisyè, Nadège Joseph, anpatikilye frè l, Dr Antoine Augustin, a.k.a Tintin.

Solidarité Québec-Haiti manifeste nan Monreyal kont pasaj ansyen PM defakto Claude Joseph

Claude Joseph rankontre manm dyaspora ayisyen an nan Monreyal, pou lansman nouvo pati politik li a: EDE. Devan kèk santèn sipòtè, majò jon EDE a fè lwanj pou nouvo pati politik li a, san li pa t fè okenn bilan sou pasaj li, kòm premye minis defakto ansyen prezidan Jovenel Moïse. Nan yon tweet sou paj ofisyèl li, ansyen premye minis defakto a konsidere pasaj li nan Kanada tankou yon tounan positif nan karyè politik li. Li te ekri: «sipò ak lanmou dyaspora ayisyen an te eksprime anvè mwen nan Kanada, te san mezi. Kounye a, mwen plis pase motive pou m avanse». Visit sa a pa t fè inaminite nan Monreyal. Kèk manm diaspora a te konteste l e yo te fè l, atravè manm òganizasyon Solidarité Québec ki te ostil ak ansyen premye minis la. Apeprè yon vintèn manm Solidarité Québec-Haïti te manifeste, dimanch 11 desanm lan, nan Monreyal. Selon Radio Canada, yo te rasanble devan lokal kote aktivite a t ap dewoule, yo te lanse kèk pawòl piman bouk kont lidè EDE a e yo t ap mande pou Lapolis Kanadyen fè travay yo, pou pini moun ki patisipe nan blanchi lajan ki soti nan krim.

Jean Elissaint Saint-Vil, a.k.a Jafrikayiti, yon aktivis politik nan Solidarité Québec-Haïti, te tweete: «nou paka aksepte ke ansasen PHTK, ki fòme ak pwoteje pa CIA, tankou Claude Joseph, vin pase pèp ayisyen an nan betiz, nan Monreyal. Yo blanchi lajan yo vòlè nan trezò piblik ayisyen an, pami yo, lajan PetroCaribe a».

Yon lòt manifestant an kòle te reyisi fofile tou pre sal reyinyon an. Yon videyo viral sou rezo sosyal yo, montre li t ap rele: «Claude Joseph asasen». Apre anpil diskisyon, patisan EDE yo te bouskile l pou te mete l deyò, pou li pa t kontinye deranje reyinyon an.

Ronald Léon

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...
Exit mobile version