HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Archives

Ansyen prezidan Michel Martelly ak 2 ansyen premis minis tonbe anba sanksyon Kanada

Kanada kontinye ogmante sanksyon li yo, an repons ak kriz ki plonje Ayiti nan yon sitiyasyon difisil. Pandan yon rankont espesyal, Justin Trudeau te anonse nouvo sanksyon kont elit politik Ayiti a, pami yo: ansyen prezidan Michel Martelly ak de ansyen premye minis. Dapre enfòmasyon nou yo, anplis chantè prezidan «Sweet Micky», ki te dirije peyi a, soti 2011 pou rive 2016, ak ansyen premye minis Jean-Henry Céant (2018-2019), Laurent Lamothe (2012-2014), tout gwo chabrak sa a yo pral wè byen yo ak tout avwa yo, jele tou nan Kanada.

Sanksyon sa a yo, se yon diplis nan sa minis Zafè Etranjè a, Mélanie Joly, te anonse samdi 19 novann lan. «Nou konnen ke gang ame kontwole kèk pati nan peyi a, sa ki limite aksè pou popilasyon an jwenn manje ak medikaman,» se sa premye minis Justin Trudeau te plenyen, nan ouvèti yon reyinyon espesyal sou sitiyasyon Ayiti li t ap prezide, nan 18yèm Somè frankofoni a, nan Djerba, nan peyi Tinizi.

Minis Joly di: «moun ki tonbe anba sanksyon sa yo, y ap benefisye dirèkteman nan travay gang e yo asosye tèt yo nan yon sistèm koripsyon.» Minis Joly envite lòt peyi ki gen lyen ak Ayiti pou sanksyone menm moun Kanada deja vize yo.

Dapre deklarasyon ki soti nan ministè Afè Etranjè a, «Sanksyon jodi a gen entansyon bloke kantite lajan sal ak zam ilegal gang yo epi febli ak netralize gang kriminèl ann Ayiti ».

N ap raple sa yon pòtpawòl ministè Afè Etranjè te deklare samdi an: yo pral pran sanksyon pou jele tout byen senatè Ronny Célestin, ansyen senatè Hervé Fourcand, ak ansyen prezidan Chanm Depite a, Gary Bodeau, genyen nan Kanada.

1 dous, 1 cho: 16,5 milyon dola pou Ariel Henry; sanksyon pou ansyen prezidan Martelly

Pou avanse nan reyalize objektif li, ki se jwe wòl lidè ideyal pou yon entèvansyon militè ann Ayiti jan Lèzetazini te sigjere yo, Kanada dwe montre li fèm anfas kèk manm elit politik ayisyen, nan chwazi pou enpoze yo sanksyon ki pi imilyan an, sètadi: frape yo nan sa yo pi renmen an: lajan nan bank yo, e an menm tan, bay gouvènman Ariel Henry yon rekonpans finansye pou motive l, pou ede l reyalize objektif li yo. Yo vle aplike teyori manadjment 1 dous 1 cho a .

1 dous

«Kanada trè ouvè pou jwe yon wòl enpòtan, men nou dwe gen yon konsansis ayisyen,» dapre deklarasyon Misye Trudeau. Men pou akselere aktè politik yo pou jwenn konsansis sa a, premye minis Justin Trudeau konprann tout bagay. E li vle jwe sou sa pou motive otorite yo. Si li ta vle jwenn sipò nan men gouvènman ayisyen ak yon pati nan sosyete sivil la, li dwe lage yon bagay nan men yo, e se nan sans sa a Kanada te anonse dimanch yon nouvo èd pou Ayiti. Premye Minis la te anonse yon envestisman ki totalize 16,5 milyon dola pou ede estabilize Ayiti. Kantite lajan yo ap distribye konsa a:

8 milyon dola pou satisfè bezwen popilasyon an ki afekte nan kriz la;

5 milyon dola pou ede otorite ayisyen yo mennen ankèt, jije ka koripsyon ak krim ekonomik, krim blanchiman lajan ak lòt enfraksyon;

3,5 milyon dola pou ranfòse epi amelyore aksè a èd legal, pou viktim vyolans seksyèl epi tou pou sipòte, ranfòse aksè a lajistis, batay kont enpinite ak kont koripsyon.

Gouvènman Ariel Henry ak ONG, k ap sèvi nan dwa zimen, pral prensipal benefisyè rekonpans finansyè, piti kou li ye: 3,5 milyon dola nan 16,5 milyon dola. Se yon ti kaka aran, jan prezidan Sena a, Joseph Lambert, yo sanksyone a, renmen repete l.

1 cho

Genyen yon mank kredibilite aklè ki te tache aksyon kominote entènsyonal nan peyi a, depi plizyè deseni, mete ak dout yon gran pati nan popilasyon an genyen pou kwè nan bòn fwa Kanada ak Etazini pou rezoud kriz la e pou rive mete lopinyon piblik ayisyen an nan pòch yo. Gouvènman kanadyen an dwe fè yon ouvèti. Yo dwe lage pye kèk alye kominote entènasyonal la. Kidonk, Kanada deside pwolonje sanksyon ekonomik yo kont twa lòt pèsonalite ayisyen enpòtan: ansyen prezidan Michel Martelly ansanm ak ansyen premye minis Laurent Lamothe ak Jean-Henry Céant. Fwa sa a, se twa gwo bawon nan pouvwa PHTK a, ki gen anpil kapasite pou nwi popilasyon an, dapre sèten obsèvatè.

Dapre minis Afè Etranjè federal la, Mélanie Joly, trio sa a te ede gang kriminèl yo febli gouvènman aktyèl Ayiti a, «se pa t yon sekrè pou ayisyen yo ni pou etranje», selon menm obsèvatè sa yo. Li te deja anonse yo pran sanksyon pou jele tout byen senatè Ronny Célestin, ansyen senatè Hervé Fourcand, ak Ansyen prezidan Chanm Depite a, Gary Bodeau, genyen nan Kanada. Joseph Lanbert ak Youri Latortue te deja anba sanksyon Kanada.

Nouvèl pou sanksyone trio bawon PHTK yo parèt tankou yon premye viktwa grenadye yo nan Koup di mond 22 a, menm lè Ayiti pa nan tounwa sa a. Se ak kè kontan popilasyon an resevwa dènye mezi sa yo, kontantman fè yo bliye pou ki se kounye a kominote entènsyonal la ap pale menm koze ak yo ? Èske yo konprann se estrateji «represyon-ouvèti», «1 dous 1 cho», «rekonpans-pinisyon», 1 kou dous, 1 kou pike, Kanada ap aplike devan je yo la a? Aplikasyon aksyon kawòt ak baton pa janm pote solisyon veritab ak dirab nan politik, sitou lè bourik finn konstate se travay w ap fè yo travay pou chwal galonnen. Nan ka Ayiti, èske sanksyone ka vinn pi represif, si lajitis nan peyi a pa fè anyen pou mete aksyon piblik an mouvman kont yo? Èske popilasyon an ap jwenn jistis si se sanksyone yo k ap manipile rekonpanse yo?

Ayisyen pa vle vandè demokrasi pèpè vinn souye tè dAyiti

Jean D’Amérique, otè liv ki genyen pou tit: Soleil à coudre, deklare sou @FRANS 24: «Ayisyen pa vle vandè demokrasi pèpè sa yo ki kwè yo ka rezoud pwoblèm yo menm yo te kreye nan peyi nou an.» Li deklare, tankou pèp ayisyen an, li pa favorab pou entèvansyon fòs etranje nan peyi a.

Dapre Jean D’Amérique, kominote entènasyonal la, ki ap soutni gouvènman «ilijetim Ariel Henry a ki vle kenbe pouvwa nan nenpòt kondisyon, pa ka vini jwe wòl papa toudenkou e li kwè «solisyon pwoblèm peyi dAyiti pa ka soti nan men etranje yo, e Ariel Henry pa kapab òganize eleksyon paske li «pa kredib», li «pa lejitim». «Ayisyen konnen ki sa yo vle, se Ayisyen yo pou ki deside pou yo menn». Li te ajoute: «solisyon an dwe vini nan mitan pèp ayisyen an».

N ap raple devan sitiyasyon kawotik nan peyi a, sektè patwon an, atravè Asosyasyon Endistri Ayiti yo (ADIH) ak Chanm Komès Ameriken an Ayiti (AMCHAM), te ranje kò yo bò Ekip gouvènmantal la ki mande yon entèvansyon militè etranje pou rezoud sitiyasyon ensekirite a nan peyi a.

Ronald Léon

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...
Exit mobile version