Site icon Latest News, Breaking News, National News, World News, Haiti News – Journal Haiti Progres

Nouvèl kout an kreyòl

Prezidan Tribinal Konstitisyonèl, Milton Ray Guevara sipòte e felisite Prezidan Dominiken an, Luis Abinader, k ap kontinye depòtasyon Ayisyen yo

Prezidan Dominiken an, Luis Abinader, di l ap kontinye mete Ayisyen yo deyò, malgre demann Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun, Volker Turk, te fè pou mande Repiblik Dominikèn kanpe sou depòtasyon Ayisyen yo. Minis Enteryè a ak Direktè Jeneral Polis Nasyonal la resevwa enstriksyon pou yo kontinye pèsekisyon sa yo, nan kad jistis e an akò avèk lalwa, sitou pou etranje ki envayi e okipe ilegalman pwopriyete prive ak Leta, dapre Luis Abinader. Direktè Jeneral Imigrasyon an te resevwa tou, enstriksyon pou egzekite ekspilsyon yo nan peyi a, epi anpeche moun sa yo retounen definitivman sou teritwa a ankò. Ray Guevara di li sipòte pozisyon gouvènman an ki voye jete demann Nasyonzini an pou sispann depòtasyon Ayisyen yo. «Kòm Dominiken, sèl sa mwen ka di, e mwen di li ak tout fòs epi klèman, mwen felisite Prezidan Luis Abinader ak gouvènman dominiken an, pou reyaksyon yo te genyen pou rezoud pwoblèm sa a».

Prezidan Luis Abinader te kalifye deklarasyon Volker Turk sa a: «inakseptab e iresponsab», lè yo konsidere politik migrasyon yon peyi, se zafè ki regade gouvènman peyi sa a. Pòtpawòl Prezidans lan, Homero Figueroa, fè konnen, nan peryòd Out-Oktòb 2022 a, yo te rapatriye 60 204 Ayisyen, epi 108 436, pandan tout ane a. Se yon depòtasyon ki fèt ak mepri, andeyò lalwa e san respè pou mounite ak dwa resòtisan ayisyen sa yo, dapre òganizasyon migran yo ann Ayiti.

Gouvènman ameriken bay pwolongasyon pou TPS pou Ayisyen men li pa bay elajisman pou moun ki te antre aprè dat 29 jiyè 2021

Administrasyon Biden lan pral anonse, nan dat 16 novanm 2022 a, ke l bay ekstansyon otomatik TPS pou Ayisyen ki te kalifye pou TPS, 29 jiyè 2021 an. Tout Ayisyen ki kalifye pou nouvo TPS la, bezwen reyaplike pou TPS avan dat 3 fevriye 2023. Yo p ap bezwen peye pou fè sa. Li gratis ti cheri. Si yo te aplike pou kat travay, anba notis 29 jiyè 2021 an, yo pa bezwen aplike pou kat travay ankò, paske notis 16 novanm 2022 a bay yo ekstansyon, rive jis 30 jen 2024. Tout Ayisyen ki pa t kò aplike pou kat travay anba TPS 29 jiyè 2021 a, ap bezwen peye tout frè yo, pou yo jwen kat travay k ap fini nan dat 30 jen 2024 la. Federal notis 16 novanm 2022 an, pa pèmèt Ayisyen ki te antre aprè dat 29 jiyè 2021 an, pou yo aplike pou TPS.

Gouvènman ameriken sanksyone plizyè minis, manm elit politik, komèsyal ak sosyal ayisyen

Chaje dafè ameriken ann Ayiti, Eric William Stromayer, anonse sou Magik 9, gouvènman ameriken pran sanksyon kont manm elit politik, komèsyal ak sosyal ann Ayiti e aletranje. Gen nan yo, se viza yo ki koupe, gen lòt se byen yo y ap sezi, e yo menm bloke kont bankè yo genyen nan peyi Etazini. Li anonse yo revoke viza ameriken plizyè minis nan gouvènman Ariel Henry an. Selon yon sous kredib, ta sanble se 5, menm Chaje dafè a pa t bay okenn non minis yo koupe viza yo. Dapre li, se gouvènman an ki va deside sò moun ki konsène yo. «Se yon reyalite. Nou pran desizyon. Nou pa t site okenn non. Moun ki konsène yo ka depoze yon rekou. Nou gen rezon pou nou pran desizyon nou an. Se ant nou menm ak moun ki konsène yo», diplomat Ameriken te eksplike. Li te admèt ke yo sanksyone manm gouvènman Henry an tou. «Gouvènman an (ayisyen) lib pou l pran desizyon l (konsènan minis yo). Li souveren. Nou pa gen okenn kontwòl sou sa. Nou pral wè ki kote sa prale. Pandan yo la, nou fè fas ak yo. Si gouvènman ayisyen pa revoke yo n ap toujou kontinye travay ak yo», Chaje dafè ameriken an te ajoute.

Polis Nasyonal Dayiti anonse operasyon distribisyon gaz la kòmanse nan Tèminal Varreux

Nan yon nòt Biwo Kowòdinasyon laprès ak relasyon piblik lapolis la met deyò, li fè konnen operasyon distribisyon gaz la kòmanse nan Tèminal Varreux, kote gen plizyè kamyon sitèn ki kite espas la, sou eskòt polisye, pou kapab ale ranpli ponp yo nan jou k ap vini la a yo. «Jan li te pran angajman an, Lapolis Nasyonal kòmanse fasilite operasyon distribisyon gaz la nan nivo Tèminal Varreux, jodi madi 8 novanm lan. Gen plizyè tankè gaz ki rive sòti sou gwo eskòt polisyè, pou ale ranpli ponp yo ki dwe demare distribisyon yo, bay konsomatè yo, nan jou k ap vini yo», se sa ki ekri nan kominike pou laprès sa a. Lapolis fè konnen rezilta sa a rive posib, gras ak batay inite li yo mennen anfas nèg ak zam ki panse yo te ka toujou bloke zòn Varreux a. «Gras ak nouvo blennde Leta ayisyen te kòmande epi ki vin ranfòse kapasite operasyonèl inite espesyalize tankou SWAT, UTAG, UDMO, CIMO, BOID, lapolis rive repran kontwòl espas sa a.» Inite anjen lou nan lapolis la, pandan operasyon yo, rive bouche gwo twou endividi yo te fè pou anpeche gaz la pase, daprè sa k di nan kominike a. «Lapolis te detwi konplètman traktè sa a bandi yo te konn itilize pou sa, epi operatè ki te konn kondwi l la mouri nan echanj kout zam pandan operasyon yo», daprè sa kominike a endike. PNH la rasire l ap kontinye konsolide prezans li nan perimèt Varreux a, pou anpeche bandi pran kontwòl espas estratejik sa a, pandan l pwofite mande kolaborasyon chak grenn moun nan mitan popilasyon an.

N ap raple ministè Komès anonse ponp yo ap resevwa gaz 9, 10 ak 11 epi l ap disponib pou konsomatè yo samdi 12 novanm k ap vini la a.

Nòt denonsyasyon zak entimidasyon manb KES ak alye yo ap sibi nan men pwopryetè izin vetivè nan Komin Okay

Nou, Konbit Ekolojis Sid, tande jounalis Charles Boyer, nan youn nan emisyon li yo sou Radyo Lebon FM, denonse pwopriyetè izin vetivè k ap enplante pasi pala yo, nan komin Okay la, anpatikilye Enjenyé Figaro St-Germain ki ap voye moun kote l. Nou okouran pwopyetè sa a ak akolit li yo ap chache denigre tou, kamarad/militan, Max-Imbert Marcelin, ak alye nou, Widshell Augustin, paske y ap denonse pil ak pakèt enplantasyon ilegal yo. Nou konnen pou koze sa yo, yo ka asasinen yo. Dayè, mete lavi andanje pa vle di anyen pou yo, sinon se pa nan zòn k ap fè diri, kote moun deja abite, ak bò rivyè yo t ap vin enplante izin sa yo. Menas yo pran tout fòm. Chache kowonp jounalis tankou sal imaj yo, jouk pou rive touye yo: se zam envestisè malonèt yo. Nan 10 dènye lane sa yo, se 1700 militan ekolojis yo asasinen nan mond la. Pou lane 2021 an, se 200 militan ekolojis yo asasinen, dapre rapò ONG Global Witness pibliye nan mwa septanm 2022 pase a.

«Je fon kriye davans», se sa pawòl la di. Konbit Ekolojis Sid alète POHDH, RNDDS, RNDDH, UFADESH ak tout lòt òganizasyon k ap travay nan sans sa a, sou danje ki sou tèt jounalis sa a yo ak tout militan k ap goumen kont mòd pwojè kriminèl sa yo. Lavi yo ak lavi fanmi yo sou kont enjenyè Figaro St-Germain, ansanm ak lòt pwopriytè yo k ap menase yo.

Pou kesyon Anviwonnman an, nou se kanpe Batay !

Ronald Léon

Exit mobile version