HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Archives

Éric Jean-Baptiste, ansasinen

Sa gen 4 jou, Éric Jean-Baptiste, sou kont Twitter li, te di esperans lavi moun anndan peyi a, se 24 trèd tan. Lidè RDNP a, Éric Jean-Baptiste, mouri nan lannwit 28 pou louvri samdi 29 oktòb la, aprè yon atak nèg ak zam fè sou li, nan zòn Laboul 12. Se Ricardo Nordain, sekretè jeneral adjwen kominikasyon nan RDNP, ki te konfime nouvèl la. Byen avan ansasinay Eric Jean-Baptiste, sa gen 4 jou, li te deklare sou kont Twitter li, esperans lavi moun pa bò isit se 24 trèd tan. Li te fè pòs sa a, apre tantativ asasina ki te fèt kont jounalis Roberson Alphonse, nan Dèlma 40 B, pou montre lavi moun pa konte anndan peyi a. «Esperans lavi moun Ayiti, se 24 h tan. Mèsi Bon Dye, ak tout sa nou pa wè yo, pou pwoteksyon Roberson Alphonse jwi anba kriblay ansasen. Pita, se pral tou pa kilès? Èske l ap gen menm chans la? Dirijan ki pa sekirize vi, ki pa pèmèt menm ti moun al lekòl, sa yo itil?» Se deklarasyon sa a, ansyen kandida pou pòs prezidan an te fè, pou montre pyès moun pa epanye, fas ak sitiyasyon sa a.

Nan moman atak la, viktim lan te akonpaye avèk ajan sekirite l ki rele Victor, ki mouri nan espas la. Éric Jean-Baptiste, li menm, te gen tan ale lopital, kote li ta pral rann souf li.

Éric Jean-Baptiste, depi mwa out 2017, te vini Sekretè jeneral pati RDNP, li te deside bay demisyon l nan pati Mouvman Aksyon Sosyalis (MAS), aprè l te vin konnen pati sa a pran 1199 856 goud nan men Ministè Finans, pou koze finansman pati politik.

15 mas 1990, li fonde Bòlèt Père Éternel Loto ki chita kò l nan tout peyi a. Li se fondatè fondasyon Éric Jean-Baptiste ki ap ede timoun ale lekòl, ede fanmi e reyalize lòt pwojè sosyal tou.

Li te fini an senkyèm pozisyon, pami 54 kandida nan eleksyon prezidansyèl 2015 lan. Li te fè 56 671 vwa.

Premye oktòb 2018, li te sibi atak ame nan zòn Kafoufèy, pandan l t ap mennen timoun lekòl.

 

Pati politik Fanmi Lavalas kondane krim, masak ak anlèvman k ap fèt kont popilasyon an

Òganizasyon politik Fanmi Lavalas, nan yon nòt li mete deyò, fè konnen li kondane ak tout fòs li tout krim, tout masak ak tout kidnaping k ap fèt chak jou sou popilasyon ayisyèn lan, kote okenn moun pa epanye. Komite egzekitif pati a soti nòt sa a, aprè anlèvman ki fin fèt jou samdi 29 oktòb la sou Anthony Dessources, ki se manm direktwa pati a, ak Ronald Germain. Endividi kidnape 2 moun sa yo sou Dèlma, pandan yo t ap rann yo nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture.

«Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas ap kontinye kondane ak tout fòs li tout krim, tout masak, tout kidnaping, espesyalman kidnaping Agronòm Anthony Dessources, manm Komite Ekzekitif Òganizasyon an, ak Ronald Germain ki fèt jodi samdi 29 oktòb 2022 a», se sa ki ekri nan nòt sa a ki pote siyati doktè Maryse Narcisse, Joël Édouard Vorbe ak Jean Myrtho Julien. Komite egzekitif pati a souliyen kantite zak ki fèt pou sèl ti mwa oktòb la, pou montre jan viktim yo ap monte pil pa pil, fas ak machin ensekirite a ki pa sispann mete dlo nan je. «Soti nan zak asasinay jounalis Gary Tesse, nan vil Okay, ak tantativ asasina ki fèt tou sou journalis Majik 9, Roberson Alphonse, jodi a se asasinay Sekretè Jeneral RDNP a, Eric Jean-Baptiste nan Laboule. Ak tout fòs nou, Fanmi Lavalas kondane tout krim sa yo, san bliye anpil lòt viktim ki atravè kat kwen peyi a.»

Nan nòt pou laprès sa a, pati a voye senpati bay fanmi moun ki tonbe yo, pandan l denonse zak sa yo epi mande pou sa chanje. «Se ak anpil doulè nan kè n n ap ranmase soufrans paran ak zanmi viktim yo, espesyalman tout fanmi Frè nou, Agr Anthony Dessources ak lafanmi Germain. Kondoleyans pou fanmi tout (…) Twòp se twòp. Vle pa vle, fòk sa chanje. Vle pa vle, fòk ansanm nou chanje sa.»

Polisye Gang ap touye Jounalis ak inosan

Nouvo viktim nan laprès ayisyen an. Lapolis touye, blese epi arete jounalis gwo lajounen. Ajan Polis Nasyonal Dayiti tire epi touye, la pou la, jounalis Romelson Vilsaint, dimanch 30 oktòb 2022 a, nan lakou komisarya Delmas 33.

Plizyè lòt jounalis blese anba bal polisye yo, pandan yo t ap eseye dispèse yon foul moun sou lakou komisarya a, ki t ap pwoteste epi solidarize yo ak jounalis Radyo Télé Zénith, Robest Dimanche, lapolis te arete kèk moman avan, nan Delmas 47.

Romelson Vilsaint, se yon jounalis ki t ap travay pou yon medya sou Entènèt, jiska prezan, sitiyasyon an toujou konplike nan komisarya Delmas 33 a.

Lapolis arête Journalis Radyo Zénith, sou motif «Twoub a lòd piblik epi rebelyon»

Ajan Inite Depatmantal pou mentyen Lòd (UDMO) te arete dimanch maten 30 oktòb la, nan Dèlma 47, jounalis Radio Télé Zénith (RTZ) 102.5 FM stereo, Robest Dimanche, daprè sa Direktris Jeneral enstitisyon an, Chimène Sylveste, te konfime pou Gazette news Haiti.

Yo te arete prezantatè ak repòtè (RTZ) Robest Dimanche e yo te mennen l nan komisarya Delmas 33 a, kote yo te kenbe l, dimanch. Lapolis te arete jounalis la e yo te bat li pandan li t ap kouvri yon manifestasyon nan Delmas 47, dapre Madam Sylvestre. Mèt Arnel Rémy fè konnen lapolis arete jounalis RTZ la, Robest Dimanche, sou akizasyon «Twoub a lòd piblik epi rebelyon», li tou konfime polisye yo te bat jounalis nan nivo visaj li, epi anonse l ap mennen tout demach legal pou yo libere jounalis lan ki ta pral libere bò 9 vè nan aswè.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...
Exit mobile version