Site icon Latest News, Breaking News, National News, World News, Haiti News – Journal Haiti Progres

Nouvèl kout an kreyòl

Reyaksyon Pati Popilè Nasyonal, altènativ pèp la!

Nan yon nòt ki soti dimanche 25 septanm, Pati Popilè Nasyonal (PPN) di li konstate nan ki kalfou malouk peyi Dayiti twouve l, kote pèp ayisyen nan madebat pou l ekziste, mete sou sa kriz politik ki marye ak katastwòf ekonomik ki plane sou sila yo ki pi pòv yo, pandan ke magouyè politik, rat do kale, ap chache pran woulib sou lit mas yo.

PPN fè menm konsta a, malgre jefò ki deplwaye nan mitan sosyete sivil la ak sektè politik la, nan gran majorite l, ki rasanble anba lonbraj akò 30 Dawout, nan lide pou louvri chimen delivrans pèp ayisyen an, atravè yon tranzisyon KOUPE FACHE, kote se Ayisyen ki sèl mèt e senyè, politisyen ti sistèm ak tchoul sistèm lan vle sabote koyezyon ki akouche kokennchenn akò delivrans sa a.

PPN di li reyalize, ke fòs antichajman ki melanje ak politisyen malonèt ap fè traktasyon pou detounen atansyon gran majorite a ki nan lari, k ap ekzije depa, san kondisyon, Ariel Henry ki asosye l ak gang, tout kalte mafya entènasyonal, kont enterè nasyon an.

PPN voye jete trak k ap sikile ki asosye l ak yon kèlkonk deklarasyon «Membre Signataire Accord Montana (MSAM)», yon antite fantom ki sanble aganman (tanto l ble tanto l wouj) okenn manm siyatè akò 30 Dawout pa rekonèt ekzistans ni an pent ni an penti. Pati Popilè Nasyonal voye yon pinga bay politisyen malonèt k ap fè traktasyon pou divize epi deboulonnen akò 30 Dawout 2021 an.

PPN renouvle konfyans li nan akò 30 Dawout la ki chita sou tèt ansanm ak koud a koud pou chache solisyon k ap pi bon pou peyi a, ak Ayisyen san mank e melanj. PPN angaje pou kontinye goumen bò kote sa ki pi fèb yo pou rive redrese chodyè sosyete a ki pa sispann bouyi yon sèl bò.

PPN pa p janm sispann salye kouraj ak detèminasyon pèp ayisyen an ki detèmine, nan batay l ap mennen pou chanje Ayiti

Kabiran: jou Elit yo, ayisyen kou etranje, pran pèp la pou timoun piti

Juan Gonzalez, direktè Konsèy Sekirite Nasyonal pou Emisfè Lwès nan depatman deta ameriken, te di nan Miami Herald: se «aktè ekonomik ki gen pou yo pèdi lajan,» ki finanse manifestasyon ki te genyen nan peyi dAyiti pandan yon sèmen lan. Jounalis, ayisyen kou etranje, san yo pa chache konnen jistès revandiksyon yo, sèlman repòte deklarasyon mesye Ariel Henry, Premye minis Defakto Ayiti a. Juan Gonzalez, asistan Espesyal Prezidan Joe Biden, ak Antonio Gutteres, Sekretè Jeneral Nasyonzini ki montre se pa volonte ki mete pèp la deyò nan lari a pou egzije retrè mezi enpopilè pou ogmante pri pwodwi petwolye yo, men se lajan trafikan zam, kontrebandye ak trafikan dwòg k ap manipile yo.

Medya yo, pa prekosyon pou pa blese espri byen pansan yo, sèvi kòm koulwa pou kontinye diskredite mouvman sosyal yo. Pi gwo jouman pou yon pèp, se lè «elit» li yo konsidere li kòm estipid. Kèlkeswa sa yo ye, kèlkeswa kote yo soti. Nan peyi nou an, elit yo ak kominote entènasyonal la genlè pran sitwayen yo pou yon bann debil mantal, yon bann entatad ki enkapab pou rekonèt ki sa k ap bon pou yo? Èske se ogmante pri gaz la ou byen fè yo lacharite, atravè pwogram gouvènmantal peze gaz la ?

De fèt, politisyen tankou Antonio Gutteres kwè ke nou «ta dwe sibvansyone fanmi yo pito, men pa gaz la». Kidonk, manifestasyon yo pa lejitim, e lè sa a, elit aristocrat ayisyen ak etranje yo refize rekonèt dwa pèp yo pou manifeste, pou defann enterè yo. Yo te jis kalifye yo de timoun piti, kòmsi sèvèl yo wòwòt. Se yo, kòm elit, ki pou chwazi pou yo, paske se yo ki konnen ki sa ki bon pou pèp la, ki pa kapab wè lènmi li yo.

Sonje, an desann 1990, lè pèp la ta swadizan «desevwa» elit li yo ak kominote entènasyonal la, paske moun te «vote» Jean Bertrand Aristide ak plis pase 75 %, chif non ofisyèl. Kòmantè elit yo te fè kenken. Yo itilize tout kliche nan sikoloji foul moun pou yo diskalifye moun sa yo. Yo te di yo san edikasyon, yo emosyonèl epi yo twonpe tèt yo nan fè move chwa sa a.

Alvin P Adams, anbasadè ameriken nan epòk la, pou te fè pèp la pè e pou fè l regrèt chwa sa a, te deklare: «apre bal tanbou lou» e se nan san, elit yo te kraze chwa pèp la, akòz gwo mobilizasyon popilè pou te fè respekte chwa yo a.

Lesly François Manigat, apre enkapasite li pou te mobilize pèp la pou vote pou li, te deklare: «pèp la te retounen nan vonmi li yo», lè prezidan René G Préval te pran yon dezyem manda an 2006.

Gouvènman defakto Ariel Henry, ak tout manm nan konimote entènasyonal la dwe konsidere pèp la tankou «granmoun majè, vaksinen e souvren», paske li menm, si li vle diskalifye mobilizasyon sosyal la, nan je opinyon piblik la, nasyonal kou entènasyonal, gen moun nan pèp k ap reflechi, moun k ap soufri, e genyen ki vle fè respekte tout dwa konstisyon 87 la te bay yo.

E si prezans gang ame nan manifestasyon yo, se te pou diskredite revandikasyon popilè yo?

Barikad tou patou, kawotchou ap boule, Ayiti te an mòd lòk, men, nan vandredi 16 septanm, 5yèm jou mobilizasyon popilè, yon gwoup gang ame ki te genyen nan tèt yo, Jimmy Chérizier, alyas Babekyou, chèf gang G9, te prezan nan manifestasyon pou swadizan pwoteste kont ogmantasyon pri pwodwi petwolye yo. Tousuit, nòt mizik yo te sanble byen akòde ant Premye Minis defakto, Ariel Henry, ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, nan menm jounen 18 septanm 2022 a. Tou lè 2 pèsonalite sa yo denonse prezans gang yo nan lari a, pandan manifestasyon yo. Pou ki se menm jou sa a, yo fè deklarasyon sa a yo? E ki moun ki te envite gang yo vin manifeste bò kote pèp la?

«Kòm nan kèk manifestasyon nan peyi nou an, nan chak mouvman sosyal fondamantal, ti gwoup gang ame konn vini nan manifestasyon sa yo san envitasyon popilasyon an, pou eseye diskredite revandikasyon yo». Sonje ansyen Prezidan Jovenel Moïse te reaktivite Arnel Joseph, chèf gang Vilaj de Dye, pou li te vinn patisipe nan manifestasyon opozisyon an, pou li te fè yon seyans foto pou te montre kominote entènasyonal la se gang ame k ap manifeste nan lari a.

Nou note ke «lòd yo te bay lapolis, te pafwa kesyonab». Yon bò, lapolis jwenn lòd pou fè yon represyon total parapò ak moun ki te vin manifeste pasifikman». Yon lòt bò, «milis sa yo, jwi yon “enpinite total “». Lapolis pa wè yo, li pa atake yo, se kòm si yo te envisib.

Menmsi gang ame yo envizib nan je lapolis e lapolis te enkapab pou te arete Jimmy Cherizier ki genyen yon manda pou arete l depi kèk lane, pou Antonio Guterres, Sekretè Jeneral Nasyonzini an, gang sa yo te vizib anpil, li te wè yo ak zam e yo t ap manifeste, san pèsonn nan Leta a pa enkyete yo, men li pa t wè sa a. Nan yon entèvyou sou France 24 ak RFI, Antonio Gutteres te reyaji sou manifestasyon popilè yo ki te soti tout suit apre desizyon gouvènman an te pran pou li koupe sibvansyon gaz la, epi toudenkou pri pwodwi petwolye yo ogmante nan estasyon sèvis yo. Dapre Sekretè Jeneral Nasyonzini an, sa nou wè nan lari peyi dAyiti a, yo pa mouvman politik. «Sa yo se pa mouvman politik, se moun ki gen sosis yo mare ak pouvwa ekonomik ak pouvwa politik,» ki malerezman enfiltre tout mouvman gang yo, se sa li deklare bay jounalis yo.

E wi, imaj Jimmy Chérizier, alyas Babekyou, chèf gang G9 nan manifestasyon sa yo, sifi pou Antonio Gutteres diskredite totalman yon seri revandikasyon kredib ak sensè. Akòz prezans chèf gang lan nan manifestasyon an, sèn piyay, Ariel Henry kwè 5 jou mobilizasyon sa yo nan lari a pa t gen anyen pou wè ak ogmantasyon gaz la. «Se pa zafè gaz ki t ap regle», sa ki t ap regle, pou Premye Minis defakto a, se gang ki t ap manifeste e se kontrebandye ak dilè dwòg ki kache dèyè manifestasyon sa yo. Gouvènman Ariel Henry an, volontèman, kite gang vin diskredite mouvman sosyal yo, apre gwo manifestasyon nan Pòtoprens ak nan plizyè vil. Manifestasyon pasifik yo vin transfòme an pwotestasyon ak kòlè epi vyolans. Foto ki ap sikile sou rezo sosyal yo, vize diskredite plizyè dizèn milye manifestan ki t ap mache nan lapè anvan vyolans yo.

Gouvènman itilize kidnapè, manm gwoup gang ame nan G9 pou vinn kraze mouvman revandikasyon pèp la, pou diskrite yo, paske manifestasyon nan lari yo te vle, yon fwa pou tout, debarase yo de pouvwa politik kowonpi e enkonpetan an.

«Vid, kre, previzib», diskou politik dimanch 18 septanm Ariel Henry an bade ak manti

Premye Minis defakto, Ariel Henry, te adrese li a nasyon, nan yon diskou politik, dimanch 18 septanm sa a, yon semèn apre manifestasyon vyolan nan plizyè vil nan peyi a, akòz pri pwodwi petwolye yo ki monte tèt nèg.

Yon diskou k ap timounize epi kilpabilize manifestan yo

Dapre chèf gouvènman an, sa k ap pase nan lari yo, depi yon semèn, «pa gen anyen pou wè ak okenn kòlè popilè. Pa gen anyen ki jistifye domaj sa yo» Pou li menm, se: «refòm nan nivo ladwàn yo ki lakòz mekontantman yo». Epi, daprè li, «mekontan sa yo te nan lari yo tou». Se yo menm ki voye sakaje lekòl, inivèsite, lopital, ak piye depo yon òganizasyon entènasyonal. An reyalite, Ariel Henry chwazi bliye plizyè prensip kle nan pwotestasyon popilè yo. Premye prensip Ariel bliye nan diskou li ya, depi kèk jou, «lari» a tounen, pezape yon kote pou popilasyon an eksprime pozisyon politik li, andeyò pwosesis vòt ak eleksyon yo. Rasanble ak lòt moun nan lari pou pale kont yon gouvènman e pou denonse vye aksyon li yo, se yon dwa sivik debaz ak yon fòs pwisan pou rive sou wout chanjman. Denyè prensip li sitou bliye pale, se kòlè reyèl ki nan peyi a, epi toutotan li pa chanje fason l ap gouvène, (…), mouvman yo ap toujou kontinye».

Pou premye minis defakto a, se pa grangou, ni lavi chè, se pa ni ensekirite ak kriz gaz la ki kòz kòlè pèp la nan lari yo. Se politisyen ak kontrebandye ki manipile moun yo, se yo ki ta voye popilasyon al kraze brize, kòmkwa popilasyon enkapab pou konprann reyalite pouri l ap viv la e defanm enterè li yo, san yo pa pran yo pou timoun ou byen manipile yo. Pou Ariel Henry, «prezans moun ki gen anpil zam ap mennen manifestasyon yo» e ki te gen nan tèt yo chèf gang, Jimmy Cherisier, «se yon lòt prèv ke sa k ap pase nan lari yo, pa gen anyen pou wè ak revandikasyon popilè e se pa zafè gaz ki t ap regle». Estrateji kominikasyon premye minis la itilize nan diskou li ya gen pou misión pou kilpabilize popilasyon an, pou montre li fè yon alyansay ak gang yo. Ak estrateji kominikasyon sa yo, Mesye Henry espere tout bon genyen estim parèy li yo ki nan kominote entènasyonal la, nan oligachi yo ak alye li yo ki te mete l nan tèt Leta peyi dAyiti, nan mepri total revandikasyon popilè a.

Ariel Henry, yon move lektè ki pa rasire pyès moun

Sou lafòm , «diskou politik dimanch 18 septanm lan, Ariel Henry bay domi nan je, tèlman Ariel te ezitan. Li t ap mal li, li t ap mamòte sa ki ekri nan pwonptè ekip kominikasyon primati a te prepare pou li a. Premye Minis defakto a pa respekte okenn ponktyasyon, li manje mo yo, bouch li t ap tranble, sa montre premye minis la pa t an konfyans, nan moman li t ap li diskou a.

Li te pale san lidèship e li pa rive motive moun yo pou leve barikad yo

Ariel Henry te enkapab pou li konvenk popilasyon ki nan la ri a, depi prèske yon semèn, kidonk Mesye Henry se yon move lektè ki pa t pran ni tan ni san l, pou li te rive remèt move kopi sa a. Malgre gwo mobilizasyon popilè ak sitiyasyon difisil pèp la, Premye minis defakto a toujou kenbe ogmantasyon pri gaz la. Li chwazi kontinye fè pwomès demagojik, kòm dabitid, bay manti sou vrè kòz moblizasyon popilè a. Toutotan yo genyen apwi Kò Gwoup, gouvènman an p ap pote okenn repons ak revandikasyon yo. L ap toujou kenbe men objektif kominote entènasyonal te ba li: òganize eleksyon, pou YO kont NOU.

Ronald Léon

Exit mobile version