HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Kat jounalis ansasinen nan nèf mwa ann Ayiti; (AJHE) di sa se twòp atò

Asosyasyon Jounalis Ayisyen Aletranje (AJHE) leve vwa li kont kò ansasinay sou 2 jounalis ayisyen: Tyson Lartigue ak Frantzsen Charles. Asosyasyon Jounalis Ayisyen Aletranje (AJHE) di li revòlte, apre ansasinay brital ak krapile, nan Site-Solèy, jou dimanch 11 septanm lan, kont Tyson Latigue ak Frantzsen Charles, 2 jounalis ki t ap travay pou medya sou Entènèt, apre yo te fin n fè yon entèvyou ak fanmi yon jèn fi ki te mouri anba yon bal pèdi.

Komite Egzekitif AJHE a di yo choke, apre doub ansasinay sa a. Yo fè konnen se tout près ayisyen an ki revòlte e ki te «kriye, sa gen 9 mwa», lè bandi ame nan Laboul 12 te touye 2 lòt kòlèg Amady John Wesley ak Wilguens Louissaint. AJHE raple tout jounalis sa yo mouri ansasinen sovajman, pandan yo t ap egzèse metye yo, e tou lè 4 t ap travay pou medya sou entènèt. Pou Robert Philome ak Garry Bélizaire, prezidan ak sekretè jeneral Asosyasyon Jounalis Ayisyen Aletranje, ansasinay sa a twòp pou laprès ayisyen, an patikilye pou laprès an liy, e yo mande pou otorite ki anplas yo pran responsablite yo, devan ogmantasyon ensekirite ki mete an danje bon fonksyonman sosyete ayisyen an ak laprès. «Nou menm, jounalis k ap viv aletranje, nou pataje doulè fanmi jounalis sa yo ak asosyasyon medya sou entènèt yo, kote jounalis sa yo te fè pati», se sa nou te ka li nan nòt pwotestasyon sa a. Yo raple «aksyon barbar ak kriminèl sa yo konstitye yon atak grav pou libète laprès ak libète ekspresyon Konstitisyon mas 1987 garanti». AJHE di li pare pou l travay ansanm ak divès asosyasyon medya sou entènèt ann Ayiti, pou ede jounalis yo jwenn plis fòmasyon pou yo ka pi byen fè fas ak sitiyasyon an sou teren an, nan ofri yo fòmasyon ann Ayiti. Pou fini, Asosyasyon Jounalis Aletranje mande fanmi ki nan lapenn yo pou yo aksepte kondoleyans li e li mande jistis pou jounalis yo.

Manifestan yo atake otèl Oasis nan Petion-vil

Yon gwoup moun anvayi lakou Hotel Royal Oasis, nan Ri Panamerikèn nan Petion-vil, epi kalonen l a kout wòch. Yo kraze tout vit gerit la epi yo boule anpil kawoutchou anndan lakou otèl Royal Oasis, daprè Radio Kisakeya. Yon patwouy UDMO, ki te toupre otèl la, pa reyaji nan moman anvayisman espas la, selon repotè Radio kiskeya ki te sou plas.

Èske Mèt André Michel viktim yon lenchaj medyatik ou byen tonbe anba konplo èks ak matlòt politik li yo?

Atak mèkredi maten 14 septanm 2022 a, nan kay Mèt André Michel, nan Thomassin, gen anpil entèpretasyon, youn pi konplèks pa se lòt. Daprè enfòmasyon yo, yon gwoup moun yo pa idantifye piye kay «Avoka Pèp» la e mete dife nan yon machin Subaru Forester ki te nan lakou kay la. Men ki sektè ki ta dèyè atak sa a? Èske popilasyon ta kapab aji pou kont li?

Batay ant èks

Nan yon mesaj sou paj Facebook li, Marjory Michel, manm yon branch Sektè Demokratik e Popilè a (SDP), akize ansyen senatè Youri Latortue, Nenel Cassy, 2 èks asosye politik li. Li fè konnen atak sa a se yon zak premedite, yon plan Nenel Cassy, Youri Latortue, Arnel Bélizaire ak Magalie Habitant ki deside voye boule kay André Michel, Marjory Michel, Ricard Pierre ak Edmonde S. Beauzile. Ansyen minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm yo te site 2 non militan: Jeanty Manis ak Ezechiel Guerrier, li di yo se bra dwat senatè Nenel ki ta egzekite tach konsòsyòm sa a. Nan yon lòt mesaj sou Facebook, li te ekri: «m ap tann yo», e li anonse l ap pote plent kont kòmanditè zak sa a. Se yon akizasyon Arnel Bélizaire voye jete.

Lenchaj mediatik yon sèten près

Jounalis senyò, Evens Dubois, kwè pito Mèt André Michel ta viktim lenchaj mediatik yon sèten près ki, chak jou, ap atake mèt la, se sa nou ta ka li nan yon mesaj manch long, sou facebook, li te pibliye. Jounalis la te ekri : «sèl sa m ka di nan trajedi ki manke rive André Michel la, mwen rann responsab yon pati laprès la ki oryente moun pou al ansasinen dirijan politik la. Menm si André Michel se yon renega, li pa merite pou yo ta pase l a lenfinitif, tankou teworis k ap simen dèy nan peyi a.» M ap site emisyon «Matin Caraibes» ak yon emision sou Scoop FM.» Li te ajoute: «lè animatè emisyon sa yo pran pou monte sou do mèt la, se yon veritab lenchaj mediatik. Yo konn ale lwen nan kritik yo pou eksite moun yo al manje André Michel. Près ki te sou pewòl Jovenel Moïse yo pa ka ap vin met gaz sou dife a, pou regle zafè yo, se sa nou te ka li nan mesaj Facebook Evens Dubois a.

Matlòt politik li yo vle tire revanch

Pi lwen, Evens Dubois te ekri nan pòs li a: «Mete sou sa, Jovnelis yo ak Martelis yo pwofite de sitiyasyon an tou, pou eseye tire revanj sou André Michel. Se kòmsi se li ki te apiye sou gachèt yo, pou te krabinen Jovenel Moïse». Manipilasyon panse mèt André Michel pa sèten obsèvatè, pa yon veritab sib. Piye kay mèt la se yon zak ki kondanab men li montre tou politisyen ayisyen yo pa gen okenn liy politik klè, e batay y ap mennen, pi souvan, vize sèlman pran pouvwa a pou satisfè ti enterè mesken yo e non pou konstwi yon eta de dwa, nan enterè ansanm popilasyon an.

Frantzsen Charles ak Tyson Lartigue, de (2) jounalis, mouri ansasinen nan Site-Solèy

Bandi ame touye epi boule, nan Site-Solèy, Frantzsen Charles ak Tyson Lartigue, de jounalis k ap travay pou medya sou entènèt, jounen dimanch 11 septanm lan. Yon gwoup sèt (7) jounalis sou entènèt te ale nan Site-Solèy pou al fè yon entèvyou ak paran tifi 17 tan an, ki te mouri ak yon bal pèdi, nan zòn Brooklyn, nan Site-Solèy, samdi 10 septanm lan. Jounalis yo te an difikilte e moun ame ki ta nan Gang G9, te atake yo e touye 2 nan yo. Senk lòt jounalis yo te soti vivan pandan atak ame a, dapre Robest Dimanche, pòtpawòl Collectif des Médias en Ligne (CMEL). Robest Dimanche fè konnen ansasinay 2 jounalis yo se yon veritab kou di, pou sektè a, e li anonse 5 lòt konfrè yo toujou an eta de chòk. Frantzsen Charles t ap travay pou medya sou entènèt FS News eli t ap etidye kominikasyon nan ISNAC. Tyson Lartigue se te pwopriyetè medya an liy ki rele «Ti Jèn Jounalis».

Ronald Léon

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...