HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Omwen 17 imigran ayisyen jwenn lan mò yo, apre bato yo te koule nan Bahamas

Disèt (17) imigran ayisyen, pami yo: yon timoun, pèdi lavi yo, dimanch, apre yon bato te koule nan achipèl Bahamas. Premye Minis Philip Davis kwè «destinasyon final yo se te Miami», Ozetazini.

Yo jwenn kadav disèt imigran ayisyen, ki gen ladan yo kenz fanm ak yon timoun. Vennsenk lòt moun te sove lavi yo nan lanmè a, pandan yon operasyon sekou ki te kontinye dimanch 24 jiyè a, apre yon ti bato te koule nan Bahamas, se sa otorite Bahamas yo te anonse.

Bato a, ki «ta chavire, te nan yon lanmè move», daprè nòt pou laprès Premye Minis la, Philip Davis. «Ak anviwon 60 moun abò,» bato sa a te kite zile ki pi peple nan achipèl la.

«Nouvo dram sa a fè tout nasyon an tris,» se sa Premye Minis ayisyen an, Ariel Henry, te tweete san pèdi tan.

An Ayiti, depi kèk ane, moun yo ap kouri kite peyi a, akoz vyolans kriminèl gang yo, kote prèske mwatye popilasyon an ap soufri ak ensekirite alimantè ak enkapasite gouvènman Ariel Henry a pou tabli yon klima sekirite nan batay pou retire gang yo nan peyi a.

Ayiti-kidnaping: Oscar Joseph libere

Oscar Joseph, responsab pwogram odyovizyèl nan radyo ak televizyon edikatif nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, te libere lendi 25 jiyè a, de jou apre yo te kidnape li. Bandi ak zam te kidnape Oscar, nan Pernier, tou pre Akademi Polis Nasyonal la. Fanmi l yo te voye yon mesaj bay kidnapè yo, nan kòmansman semèn lan, pou yo lage l, patikilyèman akoz sante l frajil. Dapre yon kòlèg li, pa gen okenn ranson ki te bay pou te lage koòdonatè pwogram odyovizyèl MENFP la.

Se yon gwo soulajman pou Fanmi, zanmi ak kòlèg Oscar Joseph. Misye sa a, se kowòdonatè pwogram odyovizyèl nan MENFP. Moun ak zam te kidnape li samdi 23 jiyè a, nan Pernier, nan komin Petyon-vil. Li se prezantatè pwogram ki rele «Aksyon Edikativ».

Kout zam ap tire pasi-pala

Gwo kout zam pa sispann tire ant gwoup gang Chyen Mechan, dirije pa Babekyou, ak gwoup gang ki nan Bèlè, pou kontwòl plis teritwa. Depi dimanch 23 jiyè, kout zam pa sispann marye ant de gwoup bandi sa yo, kote plizyè moun viktim anba bal mawon, nan divès katye, tankou Nazon, ri Capois ak Chanmas.

Ronald Léon

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...