HomeCulture & SociétéÈske moun ka manje manje chat?

Èske moun ka manje manje chat?

Archives

Èske moun ka manje manje chat? Wi, men…

Depi kèk tan, yon komès manje chat vinn trè popilè nan Pòtoprens, sof manje mimi pa rete sèlman pou mimi yo, fanm ayisyèn yo deside manje manje chat pou lòt rezon. Si yo enterese nan manje chat, pou ki sa menn ? Èske yo manje l pou gou a oswa yo manje l pa nesesite? Èske yon moun ki manje manje chat, se yon bon ousnon yon move bagay? Atik sa a gen pou objektif pou edike lektè nou yo, sou yon aksyon konsa.

Komès manje chat pran yon gwo ekstansyon nan mache nan kapital la. Pri yo ap grenpe, akòz demand lan ap ogmante. Nan mwa janvye 2022 an, yon sak manje chat te koute 600 dola ayisyen, swa 3000 goud. Pou mwa jyen sa a, li pase a 5500 goud, e ti sache, nan men machann ki ap pwomennen, ap koute ant 125 ak 150 goud, tout sa, nan bab Leta.

Ki moun ki konsome manje chat? Ki manje chat?

Gen diferan manje mimi nan mond la. Gen pate, men ayisyen yo sèvi ak sa ki sanble ak sereyal yo, yo melanje sik, lèt apre yon blende l epi yo bwè l, nan objektif pou vinn gra epi pou gen gwo bouda, selon temwayaj kèk konsomatè regilye. Majorite moun k ap konsome manje mimi yo, se jèn fi, ki soti nan katye popilè yo e ki gen pi ba ou pa gen reveni menm, yo di manje chat la fè bouda yo pouse, pou yo ka anfòm epi pou yo atire yon menaj, fi kou gason.

Èske moun ka manje manje chat?

Erezman, pa gen anyen nan manje chat ki ta ka touye ou oswa lakòz yon reyaksyon imedyat, men sa pa vle di nou rekòmande pou fè l tounen dejene, dine ak soupe pou w.

Li OK, si ou vle l pou satisfè yon anvi okazyonèl, men ou pa ta dwe fè li tout tan, tankou nan yon rejim regilye.

An n pran yon sak manje, gade ki engredyan ki fè manje mimi yo. Pou nou pi vit e pi klè, n ap pran egzanp kraze nan yon bak fritay, kote nou jwenn tout bagay ladan l, se menn jan pou manje mimi yo ou jwenn sous-pwodwi vyann, sou pwodwi poul, sou pwodwi kodenn, san, rès vyann moun finn manje. Sou pwodwi se sa yo, bèk, pye, kou, po, san, eskreman, tout sa yo te dwe jete nan vyann lan, yo blende l epi mete yo nan yon moul pou fè krokèt mimi yo.

Ki sa ki ka rive, si ou deside kontinye manje manje chat, regilyèman ?

Repons lan senp: se yon move bagay. Manje chat, se pou chat. Sa vle di ke li pa fèt pou itilize kòm yon manje chen oswa pou ranplase manje moun. Men, pou kisa menm ? Piske chat yo se bèt kanivò, manje yo ta dwe toujou gen vyann ak anpil pwoteyin. Twa engredyan ki pi esansyèl apre pwoteyin yo, se vitamin A, taurin ak grès. Ann revize engredyan nitrisyonèl sa yo an detay epi wè poukisa yo pa bon pou sante moun.

Vitamin A

Vitamin A se vitamin ki pi enpòtan pou chat yo. Yo jwenn li nan sous-pwodwi vyann yo epi li responsab pou bay chat la yon bon vizyon epi ede sistèm kadyovaskilè li. Manje chat yo chaje anpil ak vitamin A, nan yon pwen nivo yo ka vinn toksik pou moun. Ou pa pral santi li touswit, men li pral fatal si ou kontinye konsome li sou yon long peryòd. Efè segondè ki pi komen nan toksisite anba twòp vitamin A sou moun yo, se kè plen, vomisman, tèt fè mal, ou toujou an kòlè ak twoub vizyon.

2. Taurin

Chat bezwen asid amine yo rele taurin lan pou plizyè rezon, tankou anpeche dan l pouri, pèdi pwal, ak pou l pa vin avèg. Felen tankou chat, tig… pa ka pwodwi taurin pou kont yo, se poutèt sa yo bezwen yon gwo kantite ki depase nan rejim alimantè yo. Kontrèman ak chat, lòt mamifè tankou moun ka fè sentèz asid amine sa a poukont yo. Dòz la twòp nan manje chat lan e lè li melanje ak lòt pwodwi chimik ak sibstans nan kò yon moun, sa ka bay kèk efè segondè dezagreyab. Pa gen okenn efè segondè asid amine sa yo ki ka touye moun, men konsome li anpil pa toujou yon bòn ide.

3. Grès

Chat yo toujou bezwen sa yo rele grès. Lwil vejetal ak grès zannimo yo, se de sous prensipal grès ki nan manje chat. Tout grès sa yo, asid gra, omega-6 sa yo, bon pou chat yo, men sepandan, tout grès sa yo ka malsen pou moun. Grès sa yo ka mennen anpil maladi tankou: obezite, se la ou tande medam ayisyèn di manje chat fè yon vinn gwa e li fè yo pouse bouda. Men gen yen yon dikton ayisyen ki di: «gwo dada pa di la sante». Li bay lòt pwoblèm tankou : maladi kè, sèvo, ak bil. Kò nou pa ka dijere grès menn jan ak metabolis yon chat. Kidonk, grès sa a yo danjere pou nou, men yo esansyèl pou yo.

Manje chat yo fabrike sèlman pou felen, paske li konsantre sèlman sou engredyan yon chat bezwen pou li grande epi rete an sante. Wi ou ka fè yon ti goute pou konnen ki gou li genyen, non ou pa dwe manje li paske ou pral gen twòp vitamin A, taurin, grès, elatriye e ki pa bon pou lasante.

Yon pwoblèm sante piblik

Nouvèl pratik sa a pral devlope yon pwoblèm sante piblik, men sa ki enpotan pou nou ta konnen, se ki moun ki distribye pwodwi sa a ? Èske pwodwi sa yo pa eskpire oswa èske se pa pwodwi toksik, menm pou chat yo, ki tonbe nan mache nan Pòtoprens yo ?

Ronald Léon

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...
Exit mobile version