HomeCoup d’oeil sur le mondeSomè peyi nan Amerik yo: èske Somè Los Angeles la se yon...

Somè peyi nan Amerik yo: èske Somè Los Angeles la se yon echèk total pou Biden?

Published on

Archives

Chak twa oswa kat lane depi 1994, chèf deta 35 peyi Amerik di Nò, Amerik Santral, Amerik di Sid ak Karayib la te sipoze reyini fòmèlman, nan yon peyi nan kontinan an, sou lobedyans Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA). Sòti 6 pou rive 10 jyen, se Los Angeles, Etazini ki resevwa Somè Amerik yo. Se yon Somè Prezidan Biden te konte anpil sou li. Youn nan gwo anbisyon Biden se te pèmèt Etazini reprann wòl li nan Amerik Latin ak Karayib la, apre manda katastwofik Donald Trump la. Joe biden te vle sitou, atravè Somè Amerik sa a, goumen kont enfliyans Beijing nan mond lan, frennen anbisyon Chinwa yo nan rejyon an, ki deja fè 11 vizit e pi envesti masivman nan peyi sa yo.

Prezidan Joe Biden te wè Somè Amerik sa a, kòm yon opòtinite pou relanse dyalòg ak Amerik Latin lan e, lòt priyorite pou administrasyon Ameriken an, se anpeche migrasyon ilegal la.

Men, plizyè peyi te deside bòykote Somè Amerik yo nan Los Angeles. Reyinyon chèf deta kontinan an te tonbe nan yon konfli dènye minit. Pwoblèm yo kòmanse lè Etazini, peyi òganizatè an 2022 a, refize envite Kiba, Venezyela ak Nikaragwa, paske yo di yo «pa respekte prensip demokratik yo ak respè dwa moun».

Prezidan Meksiken an, Andrés Manuel Lopez Obrador, an patikilye, kritike Mezon Blanch lan, paske li te eskli Kiba, Nikaragwa ak Venezyela. Plizyè lòt peyi nan Karayib la te menase pou yo pa mete pye nan Los Angeles. Se apre anpil virewon emisè Biden yo fè, yo te finalman konvenk peyi Karikom yo pou yo fè deplasman an, a kondisyon pou yo rankontre ak omològ ameriken an.

Sèten chèf deta, sitou Meksik, Gwatemala, Bolivi ak Ondiras, briye pa absans yo nan Somè rejyonal sa a. Absans prezidan Meksik, El Salvador, Ondiras, ak Gwatemala se yon gwo kou, nan moman Etazini pral pale ak lidè sa yo, kòm patnè sou zafè imigrasyon, yon pwoblèm ki se yon andikap politik pou Biden.

Washington te espere anpil nan men eta sidameriken yo, pou eseye kenbe kantite migran k ap anvayi sou fwontyè sid la. Joe Biden te mansyone tou, pou siyen vandredi,yon «Deklarasyon Los Angeles» sou imigrasyon, menm nan absans 4 peyi sa yo.

Malgre bòykotaj sa a, somè a pral yon opòtinite tou pou Joe Biden gen chita pale bilateral. Youn nan sa moun ap pi siveye se si yo pral dewoule tapi rouj, jedi, pou resevwa prezidan ekstrèm dwat brezilyen an, Jair Bolsonaro, kote li pral fè premye rankont fas a fas youn ak lòt.

Marie Jeanne Toussaint

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...