Site icon Journal Haïti Progrès – Haitian #1 Newspaper – Jounal Ayiti

Nouvèl kout an kreyòl

Plizyè abitan Laplenn pran lari pou mande lapè

Plizyè rezidan nan plenn Kildesak pran lari, vandredi 6 me 2022 a, pou yo te pwoteste kont lagè ant gang ki te fòse yo kite kay yo. Manifestan yo di yo mache nan lari a, kont ensekirite ak vyolans gang yo. Mach pou lapè sa a te rasanble sitwayen ki gen diferan laj. Jèn, timoun ak granmoun yo te eksprime kòlè yo pandan jounen manifestasyon sa a. Marie Maude, youn nan manifestan yo ki gen 70 zan, te fè konnen pyès moun pa ka fòse l «kite zòn lan,» li te di tout moun ki kouri kite kay yo pou gang yo, se yon banm lach.

Apre plizyè jou lagè ant gang 400 Mawozo ak Chyen Mechan, sitiyasyon an kontinye ap amelyore nan nò kapital la. Blokis la te menm kòmanse tounen nan zòn lan, ki se youn nan senbòl katye sa yo. Omwen 75 moun te mouri, 68 lòt blese ak 9000 kouri kite kay yo, nan batay ak zam nan nò kapital la, dapre Biwo entegre Nasyonzini an, ann Ayiti.

Kiba: 8 moun, pou pi piti, mouri nan eksplozyon yon otèl senk etwal

Yon gwo eksplozyon fèt vandredi 6 me 2022 a, nan yon otèl senk etwal k ap sibi reparasyon nan sant Lahavàn nan Kiba, dapre sa jounalis AFP ki sou plas rapòte. Dapre prezidans kiben an, nan yon twit, pou pi piti 8 moun mouri, trèz disparèt e trant lòt sou do sou kabann lopital. Yon bilan anvan te rapòte kat lanmò.

Fasad otèl 5 zetwal, Saratoga, ki gen 96 chanm, 2 restoran ak pisin sou do kay la, andomaje anpil, akòz fòs eksplozyon an ki te fèt, yon ti tan apre 11 zè dimaten, nan lè peyi Kiba. Sekouris yo te fèmen perimèt la, pandan yo t ap chèche viktim toujou anba dekonb otèl la.

«Premye rezilta ankèt la montre se yon echapman gaz ki lakoz eksplozyon an,» dapre enfomasyon laprezidans Kiben bay. Yon nwaj lafimen ak pousyè te leve soti nan Prado, avni prensipal la nan sant Lahavàn, kote otèl la ye, toupre Kapitòl la. Premye kat etaj yo kraze nèt atè, epi te chaje debri ak ti moso vè atè a, dapre sa AFP te konstate. Plizyè machin te detwi, tou pre otèl sa a, ki fè repitasyon l nan òganize gala pou gwo vedèt, tankou Madonna ak Beyoncé.

Mèt Andre Michel kalifye fake news, yon lèt k ap sikile sou rezo sosyal yo

Jedi 4 me 2022 a, pòtpawòl SDP a, Mèt André Michel, kalifye yon nòt k ap sikile sou rezo sosyal yo, tankou yon divèsyon politik. Dapre nòt sa a, Direksyon otèl Karibe a ta voye ekskiz pou li, pou tèt vyolans yon douzèn endividi te egzèse kont li, nan aswè 1ye me a, nan Club ASU. Sa a se yon nòt totalman fo, dapre sa Mèt André Michel te di AHP. Li te ajoute: «li renouvle entansyon sektè li a pou l kontinye goumen pou popilasyon an jwenn pi bon kondisyon lavi», pandan l ap voye jete akizasyon yo pote sou li, ak kanmarad li yo, poutèt yo te siyen Akò 11 sektann lan. André Michel pwomèt tou pou l reyaji sou ensidan otèl Karibe a, 12 me k ap vini la a. Li fè konnen li pral bay tout detay yo.

Fanmi avoka a jije pitwayab, analiz sèten opozan politik fè sou lidè SDP a, ki kwè ke Andre Michel pa t oblije la. Konsènan silans administrasyon Karibe a, youn nan otèl ki pi enpòtan nan peyi a, yo kwè ke silans sa a ta ka entèprete kòm yon mesaj pou kliyan etranje ak lokal yo, pou di yo ke sekirite yo pa garanti, kòm se konsa nan tout lòt sektè aktivite ann Ayiti.

Ayiti-Kidnapin : Pastè Alcéro Marc Arthur lage kont ranson, apre kèk jou nan men ravisè li yo

Bandi ak zam libere pastè ak antreprenè Alcéro Marc Arthur pou lajan, dapre yon pwòch fanmi viktim lan, ki pa di ki kantite kòb yo te bay ravisè yo. Pastè Alcéro Marc Arthur, kounye a, rantre lakay li, al jwenn fanmi li an bòn sante.

N ap raple bandi ame te kidnape Pastè Alcéro Marc Arthur, lendi 2 me 2022 a, nan Pétion-Ville, sou Route de frères. Li se PDG Alma Pompes funèbres.

Ronald Léon

Exit mobile version