HomeHot NewsGeorges Alain Degand, kadejakè ak papa krèy nan Taba, anba kòd

Georges Alain Degand, kadejakè ak papa krèy nan Taba, anba kòd

Published on

Archives

Georges Alain Degand, kadejakè ak papa krèy nan Taba, anba kòd

Yon ekip nan Brigad Pwoteksyon Minè (BPM), ansanm ak Brigad Rechèch ak Envestigasyon (BRI), te arete, samdi 9 avril 2022 a, Georges Alain Degand, nan vilaj Théodat nan Taba, sou akizasyon agresyon seksyèl sou ti moun piti. Georges Alain Degand, yon avèg, ta komèt agresyon seksyèl, kadejak e òganize krèy sou 6 ti minè sezi ki gen ant 12 ak 14 lane. Lapolis te arete l, apre yon plent papa youn nan viktim yo te depoze kont li.

Dapre premye eleman enfòmasyon yo, Georges Alain Degand ta pèdi 2 je l, depi tou piti, apre yon kadejak li te fè sou yon viktim. An reyaksyon, moun yo ki te an kòlè, te pete 2 je l. Kounye a, DCPJ kenbe l, an atandan yo voye li devan jij li.

Ayiti-Ensekirite: yon gwo kout filè lapolis nan Sidès, katòz (14) moun arete, zam ak machin sezi

Pandan yon operasyon nan tèt kole ant Sèvis Polis Depatmantal Jidisyè (SDPJ) ak ajan Inite Depatmantal Lapolis (UDMO), fòs lòd yo arete katòz (14) moun, pami yo: twa (3) fanm, vandredi 8 avril 2022, nan Bois-Boeuf, yon katye nan vil Jakmèl, nan depatman Sidès la. Lapolis arete yo pou afè zam ilegal, asosyasyon kriminèl, dapre enfòmasyon ki nan kont ofisyèl PNH sou twitter. Operasyon sa a te fèt an prezan jij depè, Fritz Palanquet, ki te akonpaye ak yon grefye.

PNH anonse li sezi twa (3) motosiklèt, de (2) machin Suzuki blan e vèt, yon (1) fizi kalib 12, mak Mosseberg, seri L106880, yon (1) revòlvè mak Smith ak Wesson, seri falsifye, kalib 38, kat (4) katouch, dizwit (18) telefòn selilè, twa (3) manchèt, yon (1) pens, yon (1) pèl, yon (1) piòch, yon (1) kouto ak yon (1) rach.

Katòz (14) endividi yo idantifye sou non: Johnny Deshommes, Gladys Sanon, Louise Jean, Louise Bonzil, Jameson Jules, Dieuquifèt Sanon, Roma Jeudi, Veriane Jean, Colbert Sanon, Vital Pierre Harryson, Milord Jonas Sanon, Leslie Nozil, Guitar Sanon, Toslet Lindor. Yo nan gadavi, nan yon komisarya lapolis, an atant suit legal yo.

Foutbòl fanm – kalifikasyon mondyal 2023: Ayiti: 21, Zile Vyèj Britanik: 0

Seleksyon fanm ayisyèn lan kraze Seleksyon Zile Vyèj Britanik lan, samdi sa a (9 avril), nan Road Town, (21-0). Batcheba Louis ak Roselord Borgella make, yo chak, 4 gòl. Se yon bèl viktwa pou Seleksyon Ayisyèn la ki pran tèt gwoup li a ak 7 pwen, devan Kiba ki genyen 6. Madi 12 avril sa a, nan Santo Domingo, Ayisyen ak Kiben prale jwe pou final gwoup sa a.

Ayiti-Ensekirite

Otorite ayewopò nasyonal la kondane zak asasina sou Loujames Valmont, yon anplwaye li ki te mouri toupre lakay li, sou wout ayewopò an, mèkredi 6 avril. Li mande otorite konpetan yo pou yo fè tout sa ki posib pou bay fanmi viktim lan jistis.

Kidnaping Steve Vincent nan zòn Pacot; fanmi ak zanmi viktim lan boule kawotchou

Abitan nan kafou Lalue ak ri Nord-Alexis mete barikad e boule kawotchou, byen bonè vandredi 8 avril la, nan plizyè lari nan zòn metwopolitèn lan, pou pwoteste kont kidnaping Steve Vincent, malfra te kidnape, jedi 7 avril 2022 a, nan zòn Pacot.

Vil Okay kontinye ap manifeste kont ensekirite

Nan Okay, popilasyon an te nan lari, pou denonse ensekirite a epi mande otorite yo pou yo libere tronson wout Matisan, gang ame pran an otaj.

Sitin avoka, devan kay PM defakto, Ariel Henry

Plizyè douzèn avoka te patisipe, vandredi 8 avril, nan yon sit-in devan rezidans ofisyèl Premye Minis la, nan Musseau, pou ogmante presyon sou gouvènman an pou l deplase tribinal nan Bisantnè a. Yo akòde yon nouvo delè 15 jou pou otorite konsène yo satisfè revandikasyon yo. Bandi ap ansasinen, touye, kidnape moun, pandan konferans rektè ak prezidan inivèsite ayisyen yo ap òganize yon senpozyòm de jou nan Pòtoprens, pou pale sou pwoblèm ensekirite a.

Omwen 3 moun mouri ak plizyè blese, nan batay ant gang nan Site-Solèy, pandan mwa mas la

Pou pi piti, twa moun mouri e plis pase yon douzèn lòt blese, nan Site-Solèy, pandan mwa mas 2022 a, daprè yon rapò pasyèl majistra komin lan, Joël Janéus, te kominike bay laprès. Majistra a fè konnen, Meri a, ansanm ak gouvènman an, ap anvizaje mete kanpe yon plan dezameman, nan lide pou retabli lapè nan komin lan.

Dosye Jovenel Moïse

Avoka ayisyen an, Newton Louis St-Juste, depoze yon plent devan Pwokirè Jeneral Dominiken an, pou li mande louvri yon ankèt sou swadizan blanchiman atravè bank Dominiken, apeprè 20 milyon dola ameriken ki ta sèvi pou finanse ansasinay Jovenel Moïse lan. Dapre revelasyon avoka ak envestigatè dominiken an, José Manuel Patin Muñiz, bank dominiken yo ta blanchi 20 milyon dola yo ta peye pou ansasinay prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse.

Solidarite ak Pierre Espérance

Lidè politik, militan ak sendikalis te fè yon vizit nan RNDDH, vandredi 8 avril, pou eksprime solidarite yo ak direktè egzekitif RNDDH la, Pierre Espérance, ki te denonse yon plan ansyen prezidan Michel Martelly ak lòt manm enfliyan PHTK ki ta vize pou ansasinen li.

Ronald Léon

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...