HomeHot NewsKouman ansyen depite Arnel Bélizaire ye, apre atak ame li te sibi...

Kouman ansyen depite Arnel Bélizaire ye, apre atak ame li te sibi mèkredi 30 mas la?

Archives

Kouman ansyen depite Arnel Bélizaire ye, apre atak ame li te sibi mèkredi 30 mas la?

Dapre yon fanmi viktim lan, Jean-Pierre Fleuret, alyas Job, Arnel Bélizaire te sibi yon dezyèm operasyon ki reyisi, yè swa, e eta sante li ap pwogrese pozitivman. Ansyen palmantè a ta dwe kite lopital la, nan de semèn, dapre aktivis politik, Jean-Pierre Fleuret. Yon lòt kote, Mèt Caleb Jean-Baptiste pa ekate posiblite pou Arnel Bélizaire al kontinye pran swen nan yon peyi lòt bò dlo e konfime ansyen palmantè a resevwa vizit pwòch zanmi l ak fanmi li yo. N ap raple, mèkredi 30 mas, ansyen depite Arnel Bélizaire te resevwa plizyè bal nan men yon gwoup moun ame nan Kafou-Péan.

Dosye 1,50$ dola : taks sou transfè lajan yo an Ayiti

Martelly ta itilize nan lajan sa a, pou l achte yon kay sou plaj, pami chèf akizasyon nan pwosè kont lidè ayisyen yo. Pwosè kont twa dènye prezidan Ayiti ak konpayi telefòn nan dosye voye lajan, ki mete Célestin kont Caribbean Air Mail (CAM), te nan tribinal depi 2018. An 2021, yon tribinal distri te rejte koz la, sou motif tribinal ameriken pa kapab rann yon jijman nan yon dosye ki soti nan lòt peyi. Jedi, yon tribinal federal, ki gen twa jij, te pran pozisyon pou di dosye a kapab kontinye. Jounal Haitian Times te fouye zo nan kalalou nan desizyon 29 paj sou pwosè ki te devan Tribinal kou Dapèl Etazini. Li te detaye dosye Célestin kont Martelly a pou prezante yon rezime. Men lis 15 gwo chèf akizasyon nan dosye sa a.

Akize yo, reprezantan gouvènman ayisyen an ak konpayi miltinasyonal yo, fè konplo pou fikse pri sou lajan Ayisyen ap voye an Ayiti ak kòb yo pran sou apèl telefonik ki soti Etazini pou Ayiti. Yo rapòte ke akize yo te dakò pou pwodui dokiman ofisyèl yo, tankou yon dekrè prezidansyèl ak de sikilè Bank Republik dAyiti (BRH) pou fè akò yo parèt tankou yon taks pou pwogram edikasyon nasyonal.

Martelly te swadizan òkestre yon akò pou fikse pri yo ak konpayi akize yo, anvan li te vin prezidan, an 2011. «Mekanis» pou aplike kontra a se te yon dekrè prezidansyèl ak de sikilè Bank Repiblik Ayiti, Martelly ta pwomèt l ap pibliye, apre li vinn rantre an fonksyon.

Dekrè prezidansyèl la te fikse yon «pri planche pou tout apèl entènasyonal rantran», $0,23 pa minit epi li te egzije yo dwe «remèt bay gouvènman an» $0,05 pa minit. Menm jan an tou, Sikilè yo te «mande» nan akò a, Akize yo pou ajoute yon frè $1,50 lè y ap voye manje ak lajan kach an Ayiti k ap soti nan sèten peyi, enkli Etazini.

Dapre arete prezidansyèl la ak sikilè yo, konpayi yo akize yo, ak Natcom te pran sitaks sa yo kòm youn nan kondisyon pou kapab bay sèvis yo.

Martelly te prezante devan piblik la ke politik sa yo ta pral bay lajan pou sipòte yon pwogram edikasyon obligatwa pou Ayisyen. Men, an reyalite, Pleyan yo di, pa gen okenn pwogram konsa ki te egziste.

Olye de sa, kèk mwa apre piblikasyon Dekrè Prezidansyèl la, «yo te dekouvri ke [$26] milyon dola nan nouvo Fon Nasyonal pou Edikasyon an te disparèt» Pleyan yo fè konnen chak konpayi yo akize te kenbe yon pòsyon nan frè yo te kolekte, olye ke yo te transmèt tout montan lajan yo nan trezò piblik ayisyen an.

Martelly, ak siksesè l, Jocelerme Privert ak Jovenel Moïse, pandan manda respektif yo, te pwofite pèsonèlman de frè yo tou, dapre pwosè a.

Pa egzanp, dapre akizasyon an, Martelly te itilize lajan taks transfè a pou achte yon kay sou plaj.

Anplis de sa, Dekrè Prezidansyèl ak Sikilè yo, Martelly pa t respekte lwa ayisyen an, paske se sèlman Palman an ki ka vote pou ogmante taks ak frè pou benefis Leta a. Nan konplo sa, Pleyan yo deklare, Defandan yo te di kliyan yo ke frè yo te kolekte yo, te pran dapre yon «taks legal» pou edikasyon.

An 2021, yon tribinal distrik, apati rekèt Defandan yo, te deside pou yo rejte tout reklamasyon ki baze sou (1) doktrin Leta a ak (2) ak altènatif.

Yon tribinal ak 3 jij federal, nan dat 31 mas, te chwazi pou ANILE plent antimonopòl tribinal distri te reklame, dapre doktrin Leta a epi ANILE e rejte kenz plent dapre lwa Leta a pou re-analize, selon nòm apwopriye yo, li mande pou pwosedi a kontinye.

Nou te ka bay Dekrè Prezidansyèl ak Sikilè yo yon swadizan efè legal epi nou toujou konkli ke Akize yo te swadizan fikse pri yo de fason ilegal dapre, Sherman Act la.

Plent antitrust pleyan yo pa depann de «si zak yo swadizan valab, men si yo te fèt» nan yon fason responsab.

Men lis pleyan yo: Odilon S. Célestin, Widimir Romélien, Goldie Lamothe-Alexandre, Vincent Marazita.

Nan lis akize yo: The Caribbean Air Mail, Inc., Western Union, Unitransfer USA Inc., Unibank SA, Unigestion Holding SA, DBA Digicel Haiti, Western Union Financial Services Inc., Michel Joseph Martelly, Jocelerme Privert, Jovenel Moïse, Natcom SA, Gouvènman Ayiti.

Lè Maarten Boute, PDG Digicel, pran kliyan li yo pou egare

Pa gen okenn transaksyon #MonCash ki fèt pa mwa, okontrè gen kliyan, se chak jou e pafwa, plizyè fwa pa jou, yo itilize sèvis sa a. Ki mòd kalkil Digicel itilize pou fè ogmantasyon sa a? Devan gwo leve kanpe kont Digicel, Maarten Boute reaji e li pote kèk prezisyon pou jistifye ogmantasyon frè retrè #MonCash yo. Dapre Maarten Boute, se pa yon ogmantasyon men se yon senp ajisteman ki te nesesè pou favorize kliyan li yo e li ekri sou kont ofisyèl li: «M wè e konprann reyaksyon anpil nan kliyan #MonCash nou yo. Desizyon pou ajiste frè retrè yo te difisil pou tout ekip la. Men, lè nou t ap analize tout posiblite ki te gen yo, se te chwa sa a ke n te twouve ki t ap mwens defavorize kliyan nou yo».

Sa li pa di, 33 goud ogmantasyon li mete sou tranch retrè ant 2 000 a 3 999 goud, se pi gwo tranch transaksyon ki fèt pa mwa, e se kategori moun ki defavorize nan sosyete a, ki fè retrè sa yo. Pou ki sa se 33 goud? pou ki se pa 22 goud? Ou byen jan l te ye a? Pa bliye moun k ap fè depo yo, yo peye yon frè tou. Alòske nan lòt peyi, transaksyon sou entènèt fèt san frè. Dapre PDG Digicel la, «kalkil yo montre ajisteman sa ap koute kliyan nou yo 30 goud pa mwa, an mwayèn. Pou plis pase 80% nan kliyan yo, frè ki ajoute yo pi piti pase 10 goud pa mwa. Se fo: transaksyon #MonCash pa mansyèl, mwayèn lan pa dwe pa mwa, paske, an reyalite, gen moun ki itilize #MonCash chak jou e pafwa, plizyè fwa pa jou. Pou Mesye Boute, desizyon sa a ap pèmèt yo kenbe kèk sèvis gratis, tankou transfè P2P yo, epi kenbe envestisman nou yo.

Ronald Léon

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...
Exit mobile version