Site icon Journal Haïti Progrès – Haitian #1 Newspaper – Jounal Ayiti

«Ti fyèv, ti tous ak kò fè mal» kontinye ap layite kò l lakay anpil moun an Ayiti

«Ti fyèv, ti tous ak kò fè mal» kontinye ap layite kò l lakay anpil moun nan peyi a. Sa fè anviwon yon mwa ak kèk jou, depi yon lafyèv melanje ak yon grip ap yaya kò l, lakay anpil fanmi ayisyèn. Pwoblèm sa a lakoz anpil moun rete kouche lakay yo. Genyen pami moun ki gen fyèv ak grip la ki revele yo gen djare. Pwoblèm sa a, otorite sanitè pa bò isit poko an mezi di si se kowonaviris men fè konnen y ap tann rezilta «specimen» ki nan laboratwa, pou konnen si gen yon nouvo varyan bò isit la.

Kèk moun ki te frape pa fyèv ak grip la ap temwanye jan yo te ye

Li ra, dènye jou sa yo, pou w vizite yon kay pou pa wè, pou pi piti, yon moun ap kwit anba yon dra ak lafyèv oubyen kenbe yon ti sèvyèt pou ap siye nen l, akoz grip la. Candio John-Ford, ki se yon jèn antreprenè, fè nou konnen fyèv la rantre sou li, madi pase a, kote li ba l yon ti frison, li santi l frèt, tout manb li ap kase. Mesye John-Ford, ki poko fin geri, fè konnen se grip la ki pi di. Stéphanie Sérélus, ki se yon jèn fanm ki enplike nan sosyal, sot fè yon bon tan kouche sou kabann lopital. Nan sans sa a, li di l pè kouche. Se pou rezon sa a, chak lè li santi kò l cho, li kouri benyen ak dlo frèt epi pran lari pou fyèv la pa ret sou li. Nan kay kote Stéphanie Sérélus ap viv la, li fè konnen tout moun gen fyèv la ak grip la, gen pami yo ki genyen l 2 fwa. Pou lite fas ak pwoblèm sa a, se konprime li bwè, selon sa l di n. Koze fyèv ak tous la aji sou sistèm moun de fason diferan. Maxime Louissaint, ki se jounalis redaktè Presslakay, fè konnen se grip la ki plis pwoblèm pou li. «Sèl grip la ki kenbe ak tous san rete, kòmkwa lestomak mwen ap rache». Pou kesyon fyèv la, Maxime Louissaint fè konnen li te fè yon jou sou li senpman, li pa t twò nwi l. Konfrè a fè konnen li pa bwè asowosi men se konprime ki te ede l.

Lafyèv, grip, kò kraze a pa gen paspouki pou okenn moun. Nenpòt kategori ou ye, ou riske pran men sòl pa w la. Se ka pa Marc-Leïny Augustin, yon adolesan k ap fè NSII, ki te pale ak nou sou jan fyèv la ak grip la te rive sou li. «Li pa t fè anpil jou sou mwen. Men, lè m ap touse, mwen te konn santi anba vant mwen fè m mal. Fyèv la ak grip la te ban m gwo tèt fè mal. M te konn touse anpil tou». Se deklarasyon Marc-Leïny k ap reprann li kounye a, aprè l te fin gen fyèv la, 31 desanm lan. Men sa pa t anpeche l enjoy, selon sa l di.

MSPP ap tann rezilta espesimenn ki nan laboratwa

Sitiyasyon sa a pa sispann fè moun ap poze kesyon pou konnen ki sa otorite yo di. Jou jedi 6 janvye a, nan kad yon konferans pou laprès, yo fè konnen Ayiti ap fè fas ak yon grip sezonyè. Doktè Lauré Adrien fè konnen otorite sanitè yo ap tann rezilta espesimenn ki nan laboratwa pou konnen si gen yon nouvo varyan kowonaviris sou teritwa a.

Exama Jean Rodrigue Junior, ki se yon entèn nan lopital Imakile Konsepsyon nan Okay, deplore jan jesyon kowonaviris la ap fèt pa bò isit. Li fè konnen popilasyon an pa kwè nan otorite yo epi estime otorite yo manke konpetan tou.

Pi lwen, li fè konnen tous ak fyèv pa maladi, epi envite moun yo fè diferans ant maladi, siy ak sentom, yon fason pou yo pa afole. Li te tou pwofite raple maladi a pa fè menm efè sou yon moun ki jèn ki pa t devlope okenn lòt maladi, menm jan ak yon moun ki gen komòbidite (lòt maladi grav). Exama envite otorite konsène yo bay pèp la plis detay sou sa k rele varyan, chaj viral, ka kontak, yon fason pou moun yo edike plis. Pandan tan sa a, se ti te y ap bwè!

Emmanuel Saintus

Ansyen DG polis la, Léon Charles, nye konplètman li te pale ak Joseph Félix Badio

Nan yon rapò 6 janvye 2022, Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH ) te anonse, Léon Charles, ansyen kòmandan an chèf a. i. Polis Nasyonal Dayiti, te an kontak ak Joseph Félix Badio, depi janvye rive jiyè 2021. «Soti janvye jiska jiyè 2021, Joseph Félix Badio te pale ak : Cinéus Francis Alexis, Léon Charles, Reynaldo Covington, Marie Jude Gilbert Dragon, Ariel Henry, Harshcard Pierre Joseph, John Joël Joseph, Christian Emmanuel Sanon, James Solages, Wendell Coq Thelot», daprè rapò RNDDH la.

Ansyen Direktè Jeneral a. i. Polis Nasyonal la, Léon Charles, reyaji sou akizasyon RNDDH lanse sou li a. Léon Charles presize, nan yon nòt, li pa t janm eseye anpeche ankèt la. Li demanti tou akizasyon RNDDH yo e li ekri nan nòt sa a, li pa te gen okenn kontak ak Joseph Félix Badio.

Arestasyon Rodolphe Jaar, yon lòt sispèk nan Asasina Jovenel Moïse, nan Panyòl

Rodolphe Jaar, alyas Dòdòf, anba kòd, depi vandredi 7 janvye, nan Sendomeng. Jaar se yon biznisman ayisyen ki te nan mawon depi kèk mwa, apre lajistis nan peyi Dayiti t ap chache l, an koneksyon ak asasina prezidan Jovenel Moïse, jou ki te 7 jiyè 2021 an. Dapre kèk rapò, Rodolphe Jaar, alyas Dòdòf, te travay kòm enfomatè pou Ajans Anti-Dwòg Etazini an, DEA. E lapolis te deja arete l epi ekstrade l Ozetazini pou trafik dwòg.

Yo kidnape 3 ajan sekirite senatè Lambert

Prezidan ti rès Sena a, Joseph Lambert, anonse bandi ak zam kidnape 3 nan ajan sekirite li yo, samdi 8 janvye nan Ruelle Rivière. Dapre senatè a, ajan sekirite yo, se 3 polisye ki te nan yon machin yo te itilize nan kotèj li. Pou senatè Joseph Lambert, se yon zak entimidasyon. Li fè konnen manda 10 senatè yo ap fini 10 janvye 2023. Nan yon tweet, Mèt André Michel ekri sou kont li: «Nou kondane ak tout fòs, kidnaping samdi sa a, 3 ajan sekirite senatè Lambert. Tout solidarite nou ak senatè Lambert. N ap mande PNH garanti sekirite Senatè a pa pi lwen pase fen manda konstitisyonèl li ki prevwa pou 10 janvye 2022 sa a.

Lapolis nan Latibonit libere otaj otobis Saint-Jean-Baptiste yo

Lapolis anonse, yo libere nan La Croix Périsse tout otaj otobis Saint Jean-Baptiste ki fè trajè Jean-Rabel (Nòdwès)-Pòtoprens (Wès), byen bonè samdi 8 janvye an. Pandan operasyon sa a, lapolis nan Latibonit anonse yo te sezi plizyè zam afe, pami yo: yon fizi daso. Plizyè kidnapè te blese gravman, pandan echanj kout zam yo, dapre PNH la.

Plizye òganizasyon sendikal mande liberasyon sendikalis Paul Loulou Chéry ak madanm li, Ginette Apollon

Oganizasyon sendikal yo reklame liberasyon san kondisyon sendikalis Paul Loulou Chéry ak madanm li, Ginette Apollon, gwoup gang 400 Mawozo kidnape depi mèkredi 5 janvye 2022, nan aswè. Dapre fanmi sa a, gwoup ame 400 Mawozo mande yon sòm 500 000 dola ameriken pou libere sendikalis la ak madanm li.

Ronald Léon

Exit mobile version