Site icon Journal Haïti Progrès – Haitian #1 Newspaper – Jounal Ayiti

Ansyen depite Aquin an (Sid), Jean-Robert Bossé, kalifye ti bout Sena yon repè delenkan ak prezume dwog dilè

Ansyen depite Aquin an (Sid), Jean-Robert Bossé, kalifye ti bout Sena yon repè delenkan ak prezume dwog dilè

Nan yon antrevu ak jounalis Radio Kiskeya, ansyen depite Aquin an (Sid), Jean-Robert Bossé, te anmè kou fyèl ak rès Sena a. Li fè konnen se yon bann moun ki pa itil peyi a. Li ajoute pou l di ti bout Sena a se yon repè pou delenkan, prezime trafikan dwòg dilè ak piyajè kès Leta. Se yon Sena ki pa gen plas li la a, men manda 10 senatè ki an fonksyon yo ap fini nan dezyèm lendi mwa janvye 2023, dapre ansyen depite Aquin an (Sid), Jean-Robert Bossé. Li deklare se sa Konstitisyon 87 amande a di, nou dwe respekte l. 10 senatè sa yo te ranplase yon tyè Sena a. Manda yo te fini nòmalman, san vakans, li te ajoute pou konkli.

Tantativ evasyon nan prizon Croix-des-Bouquets

Bilan an se: 11 prizonye ak 1 polisye, David Michel, ki mouri, e plizyè lòt moun ki blese. Ensidan an te pase 31 desanm, nan prizon Croix-des-Bouquets, lè prizonye ame te pran ann otaj 3 polisye ak yon enfimyè e t ap eseye chape poul yo. Inite espesyalize PNH yo te mobilize pou bloke tantativ envasyon an e rive libere otaj yo. Bilan entèvansyon sa a: polisye David Michel mouri anba bal prizyone ame yo. Yon sous nan lapolis fè konnen 11 prizyone mouri, 4 polisye blese. Ajan penitansye kontinye ap fè fouy anndan selil yo, yo deja rekipere 6 zam, pami yo: yon fizi M4 ak lòt zam ki te nan men prizonye yo.

Yon lòtbò, RNDDH mande yon ankèt sou tantativ kraze prizon Croix-des-Bouquets a, pou detèmine responsablite yo.

Asasina Jovenel Moïse : kat polisye ayisyen jwenn libète pwovizwa yo

Otorite ayisyen yo bay 4 polisye yon libète pwovizwa, nan kad ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse, an jiyè 2021, andedan lakay li, nan Peleren 5. Eddy Amazan, Jacques Sincère, Cicéron Cedernier ak Wilner Cangé te libere, apre Jij Gary Orélien vinn tande yo. Daprè enfòmasyon yo, Jij Gary Orélien lage yo paske manke prèv pou enplike yo nan dosye sa a. Anplis, lendi 3 janvye a, Mario Palacios, youn nan sòlda kolonbyen yo akize kòmkwa li te patisipe nan asasina Prezidan d Ayiti a, jwenn arestasyon li, pandan li t ap travèse Panama. Lapolis kolonbi te deja ap tann li nan ayewopò entènasyonal El Dorado, men Interpol te mete l anba kòd, depi Panama City, kapital peyi Panama. Premye enfòmasyon yo fè konnen otorite panameyen yo te arete l ak manda Interpol te delivre kont li, sou demand lajistis ameriken. Otorite ameriknen te mande pou arete ofisye militè kolonbyen retrete a, Mario Palacios, pou swadizan koneksyon li ak trafik zam. Palacios, te jwenn arestasyon li 21 oktòb nan Jamayik, apre li te sòti ilegalman an Repiblik Dominikèn. Otorite peyi Dayiti t ap chache li pou vinn reponn kesyon ansanm ak yon gwoup 18 Kolonbyen, nan asasina Jovenel Moïse.

Otorite Jamayiken yo te depòte sòlda an retrèt la nan Kolonbi, lè yo te konsidere pa gen okenn enfòmasyon klè ak presi ki lye l dirèkteman ak asasina sa a. «Enfòmasyon yo te bay ta fè kwè li se yon sispèk nan yon tantativ vòl ame, san yo pa presize okenn detay».

Ronald Léon

Exit mobile version