HomeHot NewsBrav gede, non Brav misyonè :12 misyonè chape poul yo anba men...

Brav gede, non Brav misyonè :12 misyonè chape poul yo anba men 400 mawozo

Published on

Archives

12 otaj ki te rete yo te deja fè plan pou yo sove. Yo jis t ap tann apèl Bondye nan syèl la, pou yo te chape poul yo. Yo santi apèl la, «Bondye rele yo pou yo ale.» Dapre Weston Showalter, nan yon konferans pou laprès, lendi sa a, pou te bay detay sou plan evasyon otaj yo.

Dapre CAM, gwoup la chape poul yo nan mitan lannwit mèkredi 15 desanm epi yo te mache plizye kilomèt, petèt 10 kilomèt konsa ak yon ti bebe ak 3 lòt timoun nan men yo, nan lokalite yo pa konnen, san yo pa menn genyen yon balèn pou gide yo pou al ateri nan Mòn Kabrit. Yo te di lalin lan te ba yo limyè sou tout wout la. «Yo te finalman lib», gras ak foul moun atravè lemond ki te priye pou yo, dapre pòtpawòl Christian Aid Ministries (CAM),Weston Showalter, ki remèsye gouvènman ameriken an ak tout lòt moun ki te ede otaj yo retounen byen vivan e an sekirite pami yo.»

Gang 400 Mawozo, okòmansman, te mande yon ranson $17 milyon, swa $1 milyon pou chak misyonè yo te kidnape, men responsab CAM di yo pa peye senk kòb kuiv. Gwoup ki te chape a te gen ladan l moun sa yo:

yon (1)koup marye;

yon (1) ti bebe 10 mwa, ki te vlope nan yon ban n dra pou te pwoteje l kont larouze a;

yon (1) timoun 3 zan;

yon (1) ti fi 14 zan;

yon (1) ti gason 15 zan;

kat (4) gason selibatè;

de (2) fanm selibatè.

Bandi ame kidnape de (2) Kiben k ap viv ann Ayiti

Bandi ame kidnape de (2) Kiben ki ta pral nan Imigrasyon nan Pòtoprens, dapre AlterPresse. De Kiben sa yo, ki abite ann Ayiti, ap travay nan AutoPlaza. Yo te soti pou al regle zafè yo epi yo pa tounen. Kidnapè yo deja kontakte Graciela Limonta, prezidan Asosyasyon Kiben Rezidan an Ayiti. Se sa prezidan asosyasyon sa a te deklare bay ajans Prensa Latina.

Andrik Alfredo Abad Reinosa ak Enides Galano Silva, tou de soti nan Moa, pwovens Holguín, nan pati lès Kiba. Se 2 enjenyè. Yo kidnape yo epi yo sekestre yo nan yon andwa enkoni. Kidnaping 2 Kiben yo rive nan yon moman kote Ayiti ap fè eksperyans ak ogmantasyon klima ensekirite ak vyolans, plis pase 900 kidnapin anrejistre, soti janvye rive desanm. Pami yo, genyen 55 etranje, dapre done ki soti nan Sant analiz ak rechèch sou dwa moun lan.

Liberasyon pwofesè Jean Raoul Monplaisir ak Roberte Bien-Aimé

Pwofesè Jean Raoul Monplaisir ak Roberte Bien-Aimé, libere dimanch 19 desanm lan, nan Pòtoprens, san pa gen twòp detay sou liberasyon sa yo. Yo te kidnape 2 pwofesè fakilte syans sa yo, 13 desanm pase a, nan blòk avni Christophe.

Kenneth Merten konvoke lidè Gwoup Montana yo nan anbasad ameriken

Chaje dafè Ameriken an, Kenneth Merten, konvoke lidè Gwoup Montana yo, jounen madi 21 desanm lan. Dapre yon tweet sou sit anbasad la, gouvènman ameriken an di la p kontinye apiye solisyon ayisyen yo. Alòske moun nan Akò Montana yo toujou ap prone solisyon: Ayisyen pou Ayisyen, anpil moun etone jan yo reponn ak konvokasyon sa a, ak tèt bese, jan imaj youn nan lidè yo montre l nan foto a.

Ronald Léon

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...