HomeUncategorizedBandi Matisan yo frape

Bandi Matisan yo frape

Published on

Archives

Bandi ame nan Matisan 7 detounen yon kamyon chaje diri gran lajounen vandredi 20 novanm la kote bandi sa yo pase 2 jou ap bwote diri nan kamyon sa san lapolis pa fè okenn reyaksyon pou bloke zak bandi yo.

Rapatriman imigran ayisyen yo sou fwontyè a ap kontinye

Malgre pwomès sispansyon otorite dominiken yo fè bay Daniel Supplice rapatriman yo kontinye.

Gwoup sipò pou rapatriye ak refijye yo (GARR) fè konnen, sou kont twitter li, otorite dominiken yo rapatriye lendi 22 novanm sa a sou fwontyè Belladère 25 imigran ayisyen pami yo 2 fanm ansent ak 2 timoun.

Dapre (GARR) otorite dominiken te kenbe yo depi samdi nan yon sant detansyon anvan yo te rapatriye jodi a, san yo pat genyen yon manifès. Kidonk dominiken yo pa kenbe pwomès yo.

Òganizasyon dwamoun lan denonse ak tout kouray li rapatriman ki fèt nan meprize totalman Pwotokòl sou mekanis rapatriman de Eta sa yo te siyen an Desanm 1999.

GARR pwofite pou envite otorite dominiken yo sispann lachas ak rapatriman masiv fanm ansent yo, sa ki konstitye yon vyolasyon grav nan lwa imigrasyon ki di «detansyon pa ta dwe janm itilize nan oken ka sou minè, fanm ansent,oswa bay ti bebe tete, granmoun aje ak. moun k ap chèche azil yo».

Gwoup sipò pou rapatriye ak refijye yo mande Leta ayisyen mete ann aplikasyon yon politik piblik ki pèmèt tout sitwayen gen aksè ak sèvis sosyal debaz yo, tankou sante, edikasyon, elatriye. , ki fè pati dwa fondamantal moun.

Ronald Leon

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...