HomeHot News18 novanm 2021: sòti nan manifestasyon pou tonbe nan Jounen Refleksyon; ,Sektè...

18 novanm 2021: sòti nan manifestasyon pou tonbe nan Jounen Refleksyon; ,Sektè Demokratik ak Popilè chanje strateji nan okasyon komerasyon batay Vètyè a.

Published on

Archives

Fini sou beton ak manifestasyon nan tout peyi a nan okasyon komerasyon batay Vètyè a,18 novanm 2021 an, pou kounye a, moman an se yon Jounen «Refleksyon Estratejik » ki fikse pou 18 Novanm 2021 nan Pòtoprens.

Men «lè ak kote Reyinyon an ap fèt la rete sekrè, petèt pou rezon sekerite, se yon kominike SDP ki pral founi» «laprès pale, ekri, televize ak sou Entènèt anvan mèkredi 17 novanm 2021, lè ak lokal jounen sa a ap fèt », dapre yon nòt SDP mete deyò 12 novanm lan.

Jounen Refleksyon Estratejik sa ap fèt pou «analize sitiyasyon politik mondyal la epi adopte yon seri dispozisyon atravè yon rezolisyon» daprè kominike SDP a. Yo pral chita ansanm pou konpranm «lepoukoi e le kouman»: «sou reta yo obsève nan aplikasyon akò 11 septanm 2021 an». Deteryorasyon kondisyon lavi popilasyon an, sitiyasyon sekirite a ak entegrasyon efikas Dyaspora a nan lavi ekonomik ak politik peyi a, se kèk nan tèm pou jounen refleksyon an.

Fini mòd yon konba rete yon konba, pou le moman, fini mobilizayon popilè pou fòse gouvènman Aryel Henry pran responsabilte nan kriz politik sa a. Sektè Demokratik ak Popilè a chwazi yon pozisyon konba lide, yon deba yo di ki ap«lib, fran, dirèk e ouvè. Tout kesyon yo pral diskite nan pi gwo transparans». Nan ki bi? Pou fè ki sa? Pou vinn sèvi Leta ou entegre Leta.

Ronald Leon

Beton an komanse cho pou bandi yo

Fòk nou ta tande chef Gang G-9 la, mouche Jimmy Cherizier alyas «Poul Boukannen» kap kriye nan yon videyo kap vire sou rezo sosyo yo, kote li fè konnen lapolis ap tire sou popilasyon an nan stasyon Gonayiv, kise yon zòn ki sou kontwòl bandi G-9 nan komin Site Solèy. Poul Boukannen deklare ke yo pa nan kont ak lapolis, okontrè, batay y ap mennen an, l ap bon pou polisye yo tou. Ki batay Poul Boukannen ap fè?

Mesye sa yo mete tèt yo ansanm pou mete sou pye yon kò mafya ki pote non «G-9 an fanmi ak alye» ki gen pou slogan «Manyen youn, manyen tout». Y ap mache kidnape moun, volè afè malere ak malerèz, piye ti biznis malere, bloke lekòl, fèmen legliz, ansasinen moun, vyole fanm kou gason elatriye.

Men batay Poul Boukannen di l ap mennen an kote kou n ye a gen nouvo kòmandan nan lapolis k ap mete gang sou konpa. Misye tonbe rele mande pou otorite pran mezi kont polisye k ap lite kont yo, sa vle di pou kite yo kontinye ap volè, touye pwofesè lekòl, entetèlektyel, komèsan, malere, jan yo vle, san pèsonn pa di yo anyen, jan sa te ye sou Léon Charles.

Ooo non, Poul Boukannen batay la fenk deklare. Se kanpe goumen li ye tonton. Jan ou te konn di li a.

Nap fè konnen, anpil kidnaping ki t ap tante fèt rive dejwe pa lapolis sou Delma ak nan vil pwovens yo, kote lapolis sezi kèk zam, machin ak ekipman bandi yo konn itilize pou fè deplasman. Gen kèk bandi ki pran bal pandan jou sa yo, kote gen plizyè ki bwè dlo bouch yo nan tire kout fizi ak lapolis nan Kwadèboukè ak Petyonvil.

Pri kous machin ak moto pa desann

Malgre distribisyon gaz la nan plizyè estasyon nan Potoprens ak nan vil pwovens yo pri kous machin ak moto ki te monte tèt nèg toujou rete pwennfèpa, kote anyen pa chanje. Chofè machin ak moto toujou kanpe tennfas pou di yo pa p desann pri kous yo sou pawol ke yo deklare yo poko jwenn gaz.

Anpil lekòl fèmen nan Potoprens

Responsab anpil lekòl nan kapital rele anmwey fas ak monte ensekirite a kote yo oblije fèmen pòt lekòl sa yo paske bandi ame ap fin dechèpiye yo kote yo mande yo gwo lajan pou yo kapab kite yo fonksyonne.

Nan komin Kwadèboukè, Delma, Site Solèy, anpil katye nan Komin Potoprens pòt lekòl fèmen akoz bandi ame k ap tire lobe pasipala nan katye sa yo, kote yo anpeche ti moun ale pran pen lenstriksyon.

Gen kèk lekòl ki fonksyonne selman 3 jou pandan semenn ak kèk lòt ki travay ak ti moun anliy.

Durosier Wilner

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...