HomeHot NewsAnsyen prezidan boks entènasyonal la mouri

Ansyen prezidan boks entènasyonal la mouri

Published on

Archives

Ansyen prezidan boks entènasyonal la, Jacques Deschamps Fils, ki te gen 68 lane sou tèt li, mouri, lakay li, nan peyi d Ayiti, lannuit dimanch 7 pou rive lendi 8 novanm 2021 an, apre kè l te rete, dapre enfòmasyon yo.

Jacques Deschamps Fils te konn òganize gwo match bòks nan peyi d Ayiti epi jere karyè chanpyon dimond yo, men tou nan Commonwealth la. Li te pèmèt yo dekouvri talan Evens Pierre, ki soti Site Solèy, men tou Wilky Campfort, Azéa Augustama ak Mélissa Saint-Vil.

Nan mwa oktòb 2019, World Boxing Council (WBC) te dekore l, nan okazyon 57 tyèm nimewo kongrè chak lanne l yo, nan vil Cancun, peyi Meksik.

Nan foutbòl, nan lane 1984, Jacques Deschamps Fils te prezidan an apre Violette Athletic Club. Se te nan lanne 1984 Violette Athletic Club te chanpyon Konkakaf, chanpyona ki te reyini klib chanpyon foutbòl nan peyi Amerik di Nò yo, Amerik santral ak Karayib yo.

Lekol fèmen nan Komin Pòtoprens

Aksyon bandi ame yo k ap taye banda nan tout kapital la, Pòtoprens, ak lokalite tou prè li yo, anpeche lekòl fonksyonne jan sa konn ye. Bandi ame fòse anpil responsab lekòl fèmen pòt lekòl yo, akòz gwo lajan bandi sa yo pa sispann egzije responsab lekòl sa a yo pou yo bay, san sa, y ap debake pou tire kout zam anndan espas sa a oubyen kidnape timoun nan lekòl sa a. Aksyon kriminèl bandi san manman sa yo ak gwo pwoblèm gaz la, kote se menm gwoup bandi sa yo ki vle transfòme tèt yo an gwoup politik, bloke tèminal Varreux ak tèminal Thor la, pou anpeche otorite ilegal an plas yo fè distribisyon gaz la.

Semenn pase a, yon elèv chita nan sal klas li epi li resevwa yon bal mawon. An plis, dimanch 7 novanm lan, yon granmoun 63 lanne ap soti Legliz, li resevwa yon bal kote li mouri sou plas ak Bib li nan men li. Aksyon sa a rive nan komin Kwadèboukè.

Nan katye Kafoufèy nan lokalite Savann Pistach, bandi ame ki soti nan katye Gran Ravin, mete dife nan yon lekòl nan blòk la, paske direktè a te refize kite yo tabli nan espas la pou fè baz yo. Nan sans sa a, bandi yo bat direktè a byen bat, epi yo mete dife nan lekòl la.

Pa gen dlo nan lokalite Kawouk

Nan lokalite Kawouk, twazyèm Seksyon nan Komin Ansavo, nan Depatman Nip, abitan nan lokalite a ap monte syèl la pa do, akòz pwoblèm dlo pou bwè ak sèvi yo paka jwenn. Se yon bandi, ki pote non Nathan, ki kase manman tiyo ki bay dlo nan blòk la. Anplis, genyen pwoblèm lavi chè a k ap taye banda, kote tout bagay tèt nèg kou n ye a. Se yon gwo pwoblèm pou popilasyon ki pa kapab jwenn yon ti lòsyè dlo pou yo bwè. Pwoblem gaz la te deja lakòz tout pri lamanjay monte byen wo, yon ti glòs lwil ap vann 35 goud, yon ti gout dlo koute 5 goud.

Durosier Wilner

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...
Exit mobile version