HomeHot NewsGwo tansyon, nan divès katye

Gwo tansyon, nan divès katye

Published on

Archives

Gwo tansyon, lendi maten 11 oktòb 2021 lan, nan plizyè katye, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans AlterPresse.

  • Nan zòn Montay Nwa, Petyonvil, wout lan bloke ak yon mouvman pwotestasyon kont kidnaping, bandi ak zam fè sou 3 jèn, dimanch swa, 10 oktòb 2021.
  • Nan Dèlma, plizyè fidèl leve kanpe, pou ekzije bandi ak zam lage, san kondisyon, pastè Eliodor Devariste, youn nan responsab legliz Metodis Dèlma 28, yo kidnape samdi 9 oktòb 2021 an.
  • Dimanch 3 oktòb 2021 an, bandi ak zam kidnape, nan legliz Jesus Center, Dèlma 29, pastè Jean Mary Ferrer Michel ak 2 lòt moun, ki toujou nan men yo.
  • Dimanch 26 septanm 2021 an, bandi ak zam te touye dyak Sylner Lafaille epi kidnape madanm li, Marie Marthe Laurent Lafaille, nan antre premye legliz Batis Pòtoprens.
  • Jedi 30 septanm 2021 an, bandi ak zam sa yo te lage Marie Marthe Laurent Lafaille, apre yo te resevwa gwo kout lajan.
  1. Lapli ak loray yo ap rapousuiv
  2. Semenn nan koumanse ak divès kalte boulvès nan tan an, sou gwo zile Karayib yo, dapre bilten espesyalis ayisyen nan kondisyon tan an. Sitiyasyon sa a ap pèmèt lapli, ki mache ak loray, nan apremidi ak aswè, jis rive mèkredi 13 oktòb 2021 an, sou depatman Nòdès, Nò, Plato Santral, Nòdwès, Sidès, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Gen van divès kote, pandan jounen an. Ap gen solèy, nan maten, ap gen nyaj, nan apremidi ak aswè. Nivo chalè a kontinye wo anpil, pandan jounen an. Soti nan 35 degre Sèlsiyis, taperati a pral desann, ant 26 pou al 21 degre Sèlsiyis. Ap gen tou lapli, ki mache ak loray, sou lanmè a, sitou bò kòt zile Lagonav, pa twò lwen Pòtoprens. Kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe toujou pran prekosyon sou lanmè a, k ap move anpil bò tout kòt peyi d Ayiti yo. Vag yo ap monte nan nivo 6 pye wotè bò kòt Nò yo ak 5 pye wotè, ni bò kòt Sid yo, ni bò kòt zile Lagonav yo.

Liberasyon Pastè Eliodor

Pastè Eliodor Dévariste jwenn liberasyon li nan lannwit lendi pou louvri madi 12 oktòb 2021, apre fanmi li bay bandi yon gwo pakèt lajan. Bandi ak zam moun pa idantifye, te kidnape Pastè Prensipal Legliz Metodis Delma 28 la, Eliodor Dévariste, samdi 9 oktòb la. N ap raple, sa gen 2 semenm, Premye Legliz Batis Potoprens te sibi yon atak ame, kote yon Dyak te mouri e mandanm li te kidnape. Pastè Legliz Jesus Center nan Delma 29, li menm, toujou anba men malfra yo, kote yo mande gwo pakèt lajan.

Durosier Wilner

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...