HomeHot NewsYon gwo kout masi kase «Ròk» la

Yon gwo kout masi kase «Ròk» la

Published on

Archives

Jwèt makawon ap jwe nan dènye jou sa yo, nan dosye politik ak jiridik an Ayiti, kote, jan chante a di: «bagay la melanje, Ginen yo tètanba». Semèn lan fini ak ranplasman Mèt Rockfeller Vincent nan tèt ministè Jistis la. Se minis Enteryè gouvènman defakto a, Liszt Quitel, ki nan pòs la pou yon ti bout tan. Mèt Vincent t ap apiye ansyen komisè gouvènman an, Mèt Bed-Ford Claude, ki te mande pou enkilpe premye minis Ariel Henry, li di ki ta mele nan sasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse, 7 jiyè pase a. Rezon an, sè ke jou sa a, Ariel Henry te pale 2 fwa ak Joseph Badio y ap chèche kòm prensipal moun yo sispèk ki ta lotè krim lan. Ariel Henry revoke epi ranplase komisè gouvènman an. Ansyen minis Jistis, Mèt Camille Leblanc, jistifye desizyon sa a ki vini twò ta, dapre li. Li denonse sa l rele itilizasyon politik fonksyonè lajistis yo ap fè ak yon dosye jiridik.

Men machanm apèzman yo

Semèn nou fèk viv la a, se yon lòt etap degrenngolad tout boulin, nan kriz k ap souke peyi a, malgre anons ki fèt sou demach antant ant premye minis defakto a, Ariel Henry, ak yon bon pati nan ansyen opozisyon politik anfas rejim tèt kale a. Jan nou abitye di, alyans ap fèt, alyans ap defèt, puiske sèten sektè politik, ki te kanpe sou menm bit, ap fè wout depaman, kit ou pran l nan nivo pouvwa a, kit ou pran l nan nivo pati ki pa sou pouvwa a, oubyen ki pa alye pati ki sou pouvwa a. Menm kote a tou, gen 2 gran tandans paralèl k ap devlope. Yon bò, se demach sosyete sivil la, ki rive akouche yon akò sou baz ripti/koupe fache ak kalite gouvènans epi oryantasyon tètanba dènye ane yo, tandiske potekole ki fèt ak Ariel Henry a parèt kadre ak sa yo ta rele yon kontinyite, kote yo dakò pou rapousuiv tout gwo chantye tèt kale, yo t ap konteste yo. Ajoute sou kriz politik la, sanble ansasinay ansyen prezidan defakto Jovenel Moïse ta ka sèvi tankou yon enstriman pou enfliyanse sèn politik la. Antouka, analiz k ap fèt, sou jan dosye a ap avanse oubyen p ap avanse, montre politik ta melanje nèt nan dosye jidisyè a.

Menm jan an tou, eleman ensekirite a ta gen dwa gen rapò ak pèspektiv politik kèk sektè ta vle enpoze oubyen ekate, nan jou k ap vini yo, yon fason pou pouse pwòp jwè pa yo sou teren an. Semèn k ap vini yo, èske y ap pote apèzman oubyen plis tire lobe, plis kè sote ak plis dlo nan je?

Men akò akwòkwò

Komisyon sitwayen k ap chèche yon solisyon ayisyen nan kriz lan te di li ta dispoze chita pale ak premye minis Ariel Henry. Kòm defèt, li te fè yon chita pale ak Ariel Henry. Komisyon an presize akò 30 dawout 2021 an, ke plizyè òganizasyon politik dakò an, prevwa yon ekzekitif ki gen yon prezidan ak yon premye minis. Plizyè òganizasyon ki te siyen akò 30 dawout 2021 an pou jwenn yon solisyon ayisyen a kriz la, anonse y ap kanpe an kwa kont tranzisyon kontinyite Pati ayisyen tèt kale a (PHTK). Yo mande komisyon sitwayen an mete kanpe, pi vit posib, Komite Suivi akò 30 dawout 2021 an ak Konsèy Nasyonal Tranzisyon an.

Samdi 11 septanm 2021 an, plizyè pati politik, ki te konn di yo nan opozisyon kont rejim tèt kale a, siyen yon akò, yo kwè pou evite latwoublay nan peyi d Ayiti, ak eritye Jovenel Moïse la, Ariel Henry, ki enstale, depi madi 20 jiyè 2021, kòm premye minis defakto, sou presyon kominote entènasyonal la.

Sektè demokratik ak popilè a (SDP) deklare li chwazi siyen akò a ak Ariel Henry, paske se ta yon akò ki konsidere tout revandikasyon popilè yo, tankou pwosè divès masak ki fèt nan katye popilè yo, ak divès krim lajan, tankou wout kwochi ak lajan PetwoKaribe a, epitou akò Ariel Henry a ta prevwa pou fè lage prizonye politik yo. Pati politik Ayiti an aksyon (AAA), ki deklare li pa siyen akò ak Ariel Henry an, akoz akò sa a pa kenbe plan sekirite Ayiti an aksyon an te pwopoze a, mande tout sektè mete tèt yo ansanm, pou jwenn yon akò definitif.

Gwoup politik, yo plis konnen sou non Inisyativ Sosyete sivil la, di li swete yon akò nètalkole, ant tout sektè nan lavi nasyonal la, yon akò ki dwe konsidere klima laterè peyi a ap sibi, depi plizyè mwa yo. Jiska prezan, 2 akò, òganizasyon politik yo siyen yo, pa konsidere tout bagay, ni anvizaje pote repons serye nan sitiyasyon kriz, k ap gangrennen peyi d Ayiti a, depi plizyè mwa, dapre Inisyativ sosyete sivil la.

Peyi d Ayiti ka tonbe nan plis tyouboum, sizoka ekip tèt kale, ki sou pouvwa a, ta òganize eleksyon, san yon akò politik konsekan, nan peryòd sa a, kote peyi a anba yon klima laterè, kote tou gen hing hang politik nan peyi a. Se pinga delege espesyal ameriken sou peyi d Ayiti a, Daniel Foote, te voye nan yon brase lide sou tranbleman tè 14 dawout 2021 an, ki te fèt, jedi 9 septanm 2021 an, nan Florida International University (FIU).

Wilner Durosier

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...
Exit mobile version