HomeActualitéLavi asyèt fayans

Lavi asyèt fayans

Published on

Archives

Moun pèdi bon sans

Lavi vinn pi frajil pase asyèt fayans

Yon gwoup pran kouri tout boulinn

Mande pye sa m manje m pa ba w, vole ravinn

Y ap chache yon kote pou yo kache

Pou yo pa tonbe

Pou yo pa eklate

An myèt moso

Yon «epe Damoclès» pandye sou tèt yo,

Anpil ap mache ak yon ti radyo

Anba bra yo;

Tout moun, menm sa ki pa fè anyen mal,

Pè pi mal

Pase pentad; y ap fè nouvèl

Pou yo konnen ki bò ki gen dènye kout rèl.

Tout moun, menm sa yo ki kwè nan wanga,

Oblije mache sou pinga

Pou yo pa pile si m te konnen

Pou yo pa pran nan pèlen

Pèlen sa yo tann toupatou

Nan tout kalfou

Nan tout lakou

Se pa vini w ki pou sove w

Pou yo pa mare w;

Wa pèdi si w mize lajan!

Pa kite yo pran w pou “Gros Jean”

Moun ou pa ta kwè, se yo ki pèlen an

Yon ti gwoup ap byen mennen

Pi fò lot moun yo nan tenten

Yo pa konn kote yo gad;

Anpil gen latranblad

Avni yo pi lou pase yon pwa senkant

Yo oblije mache pòs yo

Nouvèl yo

Bay kè plen

Sak paka jwenn tras wout ki mennen

Kanada ak Etazini

Pran direksyon Sen Domeng ak Chili

Menm si y al fè travay

Yo pa ta p janm aksepte fè lakay

Moun lakay se moun fasil

Pou yo viv, yo pa mande anpil:

Sèlman dlo, kouran, lekòl ak lopital;

Yo di bò isit pa bon, men lakay pi mal!

Nou, ki te yon si gran pèp, nou pa ta kwè

Se nou ki jodia ta dèyè

Kamyonèt la; nou pa ta kwè

Se nou ki ta tounen timoun lòt moun

Entèlektyèl ou pa,

Tout moun rete tèt anba

Nou tout rete bèkèkè

Men sou kè

Tankou moun ki sòt

Ap rete tann kout fil zòt

Pou di n kouman pou n dirije tèt nou;

Gen moun ki menm panse nou fou

Jodi a, sanble

Se yon ekip ti betizyè nou genyen

Ki di yo p ap bay le gen

Men k ap sèlman pale pou pale,

Pafwa, tankou chen k ap jape

Nou pa konnen kibò

Na jwenn yon Toussaint ak Pè Dessalines ankò

Pou nou fè yon lòt 1804

Men, jou va, jou vyen

Jou ale, jou tounen

Nou rete kwè, yon jou

Li gen pou l fè jou

Kote bonjan solèy libète

Va klere

Kote drapo liberasyon va flote 

Annatandan, lavi a trè frajil

Moun pa ka viv konsa!

Anpil pran kouri fè yon kraze kite sa

Pou yo sispann gen kè plen

Pou lavi yo pa pran nan pèlen

Pou yo pa tonbe

Pou avni yo pa kraze

An myèt moso tankou yon asyèt fayans

(Ekri pa Egbert Personnat 28 me 2021)

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...